Bib Sen An
Sòm Yo 106
Louwe SENYÈ a!
O bay remèsiman a SENYÈ a, paske Li bon,
paske 1lanmou dous Li an se pou tout tan.
Se kilès ki kab pale sou zèv pwisan a SENYÈ yo,
Oswa fè vin parèt tout lwanj Li yo?
A la beni sila ki 2kenbe jistis yo beni.
Beni se sila ki pratike ladwati nan tout tan yo!
Sonje mwen, O SENYÈ, nan 3favè Ou anvè pèp Ou a.
Vizite mwen avèk sali Ou,
pou m kab wè sila ke Ou te chwazi yo 4byen reyisi;
pou m kab rejwi nan kè kontan a nasyon Ou an,
pou m ka bay glwa de eritaj Ou.
Nou te peche menm jan 5ak papa zansèt nou yo.
Nou te fè inikite; nou te aji mal.
Papa zansèt nou yo an Égypte pa t konprann mèvèy Ou yo.
Yo pa t sonje lanmou dous Ou,
men yo te 6fè rebèl bò lanmè a, nan Lanmè Wouj la.
Sepandan, Li te sove yo pou koz non Li,
pou L te kab 7fè pwisans Li rekonèt.
Konsa, Li te repwoche Lanmè Wouj, e li te vin sèch,
Li te 8mennen yo pase nan fon yo,
menm jan yo te pase nan dezè a.
Konsa, Li te 9sove yo depi nan men a sila ki te rayi yo,
e te rachte yo soti nan men a lènmi an. 10
Dlo yo te kouvri advèsè yo.
Nanpwen nan yo ki te rete.
Nan lè sa a, yo te kwè nan pawòl Li yo.
Yo te chante lwanj Li.
Men byen vit, yo te 11bliye zèv Li yo.
Yo pa t tann konsèy Li,
men yo te vin gen 12gwo anvi nan savann nan,
e te pase Bondye a leprèv nan dezè a.
Pou sa, Li te 13ba yo sa yo te mande a,
men te voye yon maladi epwizan pami yo.
Yo te vin 14jalou a Moïse nan kan an,
ak Aaron, fidèl sen a SENYÈ a.
Akòz sa a,15tè a te louvri vale Dathan,
epi te anglouti tout konpanyen Abiram yo.
Konsa, yon gwo 16dife te vin monte nan mitan konpanyen yo.
Flanm nan te manje mechan yo.
Yo te 17fè yon jèn bèf nan Horeb.
Yo te adore yon imaj fonn.
Yo te 18fè echanj glwa yo pou imaj a yon bèf ki manje zèb.
Yo te 19bliye Bondye, sovè yo a,
ki te fè gwo bagay an Égypte yo, 20
mèvèy nan peyi Cham yo, ak bagay mèvèy bò Lanmè Wouj la.
Akoz sa, Li te di Li ta detwi yo,
men se te 21Moïse ki te kanpe nan brèch la devan Li,
pou detounen kòlè Li pou l pa t detwi yo.
Alò, yo te meprize bèl peyi a.
Yo 22pa t kwè nan pawòl Li,
men te 23plenyen nan tant yo.
Yo pa t koute vwa SENYÈ a.
Akoz sa, Li te 24sèmante a yo ke Li ta jete yo nan dezè a,
ke Li ta voye desandan yo pami nasyon yo,
e 25gaye yo nan peyi yo.
Yo te vin 26jwenn yo menm, anplis, ak Baal-Peor,
pou manje sakrifis ki te ofri a mò yo.
Konsa, yo te 27pwovoke Li a lakòlè ak zèv yo.
E yon epidemi te kase vin parèt nan mitan yo.
Epi Phinées 28te kanpe pou te entèsede,
epi epidemi an te vin sispann.
Sa a te 29konte a li menm kon ladwati,
pou tout jenerasyon yo jis pou tout tan.
Anplis, yo te 30pwovoke Li a lakòlè bò dlo Meriba yo,
Jiskaske sa te sòti byen mal pou Moïse sou kont yo.
Akoz yo te 31fè rebèl kont Lespri Li a,
Li te pale san reflechi avèk lèv li.
Yo pa t detwi lòt pèp yo, jan 32SENYÈ a te kòmande yo a,
men 33yo te fè melanj ak nasyon yo.
Yo te aprann abitid yo.
Yo te sèvi zidòl yo, 34ki te devni yon pèlen pou yo.
Se te menm pwòp fi ak fis yo ke yo 35ofri kon sakrifis a dyab yo.
Yo te vèse san inosan, san a pwòp 36fis ak fi yo,
ke yo te bay kon sakrifis a zidòl Canaan yo.
Peyi a te kontamine nèt ak san.
Konsa, yo te vin 37pa pwòp nan abitid yo,
e te jwe pwostitiye nan zèv yo.
Akoz sa, kòlè SENYÈ a te limen kont pèp Li a.
Li te vin rayi eritaj Li a.
Konsa, 38Li te bay yo nan men a nasyon yo,
pou sila ki te rayi yo vin renye sou yo.
Lènmi yo, anplis, te oprime yo,
e yo te oblije soumèt anba pouvwa yo.
Anpil fwa, Li te delivre yo.
Malgre, yo menm te plen rebelyon nan konsèy yo,
e te plonje desann nan inikite yo.
Sepandan, Li te gade twoub yo lè Li te 39tande kri yo.
Li te vin 40sonje akò Li pou koz yo menm,
e te vin ralanti selon grandè lanmou dous Li a.
Anplis, Li te fè yo 41resevwa mizerikòd Li,
menm nan men a tout nasyon ki te fè yo prizonye yo. 42
Sove nou, O SENYÈ, Bondye nou an.
Ranmase nou pami nasyon yo,
pou bay remèsiman a non sen Ou an,
avèk viktwa ki sòti nan lwanj Ou yo. 43
Beni se SENYÈ a, Bondye Israël la,
pou tout tan jis pou tout tan.
Kite tout pèp la di: “Amen.”
Louwe SENYÈ a!
Source notes (43)
- Cross-reference I Kwo 16:34-41
- Cross-reference Sòm 15:2
- Cross-reference Sòm 44:3
- Cross-reference Sòm 1:3
- Cross-reference II Kwo 30:7
- Cross-reference Egz 14:11-12
- Cross-reference Egz 9:16
- Cross-reference És 63:11-13
- Cross-reference Egz 14:30
- Cross-reference Egz 14:27-28
- Cross-reference Egz 15:24
- Cross-reference Nonb 11:4
- Cross-reference Nonb 11:31
- Cross-reference Nonb 16:1-3
- Cross-reference Nonb 16:32
- Cross-reference Nonb 16:35
- Cross-reference Egz 32:4
- Cross-reference Jr 2:11
- Cross-reference Sòm 78:11
- Cross-reference Sòm 105:27
- Cross-reference Egz 32:11-14
- Cross-reference Det 1:32
- Cross-reference Nonb 14:2
- Cross-reference Nonb 14:28-35
- Cross-reference Lev 26:33
- Cross-reference Nonb 25:3
- Cross-reference Nonb 25:4
- Cross-reference Nonb 25:7
- Cross-reference Jen 15:6
- Cross-reference Nonb 20:2-13
- Cross-reference Nonb 20:3-10
- Cross-reference Det 7:2-16
- Cross-reference Jij 3:5-6
- Cross-reference Det 7:16
- Cross-reference Det 12:31
- Cross-reference Det 18:10
- Cross-reference Lev 18:24
- Cross-reference Jij 4:3
- Cross-reference Jij 3:9
- Cross-reference Lev 26:42
- Cross-reference I Wa 8:50
- Cross-reference I Kwo 16:35-36
- Cross-reference Sòm 41:13
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.