Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Matthieu 5

Lè Jésus te wè foul la, Li te monte sou mòn nan. Lè Li fin chita, disip Li yo te vin kote L. Li te 1louvri bouch Li e te kòmanse enstwi yo konsa:

“Beni se sila yo ki malere an espri;

paske wayòm syèl la se pou yo.

Beni se 2sila yo ki soufri doulè akoz gwo pèt;

yo va konsole.

Beni se sila yo ki 3enb;

yo va resevwa tout latè kòm eritaj.

Beni se 4sila yo ki grangou avèk swaf pou ladwati;

yo va satisfè.

Beni se 5sila yo ki bay mizerikòd;

yo va resevwa mizerikòd.

Beni se 6sila yo ki gen kè pwòp nèt;

yo va wè Bondye.

Beni se sila yo ki fè lapè; 7

yo va rele yo fis Bondye.

Beni se sila yo ki te 8pèsekite pou ladwati;

wayòm syèl la se pou yo.

“Beni se nou menm lè moun 9ensilte nou, pèsekite nou e pale san verite tout kalite mal kont nou pou koz a Non Mwen. Rejwi e fè kè nou kontan. Rekonpans nou nan syèl la gran; paske 10se konsa yo te pèsekite pwofèt ki te avan nou yo.

“Nou se sèl latè; men 11si sèl la pèdi gou li, kijan pou l fè l rekouvri gou sèl ankò? Li p ap bon ankò sof pou voye jete e pile anba pye moun.

“Nou se 12limyè lemonn; yon vil ki plase sou tèt yon mòn pa kapab kache. 13Ni moun p ap limen yon lanp pou mete li anba yon panyen; men sou yon tab kote li va bay limyè pou tout sila yo ki nan kay la. Kite limyè nou an klere devan tout moun pou yo kapab 14wè bon zèv nou, e bay glwa a Papa nou ki nan syèl la.

“Pa panse ke Mwen te vini pou 15aboli Lalwa ak pwofèt yo. Mwen pa te vini pou aboli, men pou akonpli. Paske vrèman Mwen di nou 16jiskaske syèl la avèk tè a disparèt, ni yon ti lèt, ni yon ti mak p ap disparèt nan Lalwa a, jiskaske tout bagay fin acheve. Pou sa, nenpòt moun ki anile menm youn ki pi piti nan kòmandman sa yo, e bay enstriksyon a lòt pou fè sa, l ap rele pi piti 17nan wayòm syèl la. Men sila ki kenbe yo e enstwi lòt pou fè yo tou, li va rele pi gran nan wayòm syèl la. Paske m ap di nou ke si ladwati nou pa depase sila a skrib avèk Farizyen yo, nou p ap janm antre nan wayòm syèl la. Nou konn tande ke tout ansyen yo te di: 18‘Nou pa pou touye moun’ e ‘Nenpòt moun ki touye moun ap rann kont devan tribinal’. Men Mwen di nou ke nenpòt moun ki fache avèk frè li, ap koupab devan 19tribinal. Epi nenpòt moun ki di: ‘Raka’ (pou ryen) ap koupab devan tribinal pi wo a, epi sila ki di: ‘enbesil’ ap koupab pou l antre nan lanfè.

“Pou sa, lè ou ap 20prezante ofrann ou sou lotèl la, e pandan ou la, ou sonje ke frè ou a gen yon bagay kont ou, kite ofrann ou an la devan lotèl la e ale fè wout ou. Premyeman, rekonsilye avèk frè ou, e apre vin prezante ofrann ou an.

“Fè zanmi depi nan wout avèk lènmi k ap mennen ou tribinal la, pou li pa livre ou devan jij la, e jij la va livre ou bay otorite pou jete ou nan prizon. Anverite Mwen di nou, 21nou p ap soti la jiskaske nou peye dènye santim nan.”

“Nou konn tande ke yo te di: 22‘Nou pa pou fè adiltè’; men Mwen di nou ke nenpòt moun ki gade yon fanm 23avèk lanvi pou li, gen tan fè adiltè avèk li deja nan kè l.

“Konsa, 24si zye dwat ou fè ou tonbe, rache li e jete li lwen ou. Paske li pi bon pou pèdi yon manm nan kò ou, pase pou kite tout kò ou jete nan lanfè. 25Si men dwat ou fè ou tonbe, koupe li e jete li lwen ou. Paske li pi bon pou yon pati nan kò ou ta pèdi olye pou tout kò ou ta ale nan lanfè.”

“Epi yo te konn di: 26‘Nenpòt moun ki voye madanm li ale; kite li bay li yon sètifika divòs pou voye l ale.’ 27Men Mwen di nou ke nenpòt moun ki voye madanm li ale, sof pou enfidelite, fè l komèt adiltè, e nenpòt moun ki marye avèk yon fanm divòse fè adiltè.

“Ankò, nou konn tande yo te di a lansyen yo: 28‘Nou pa pou fè fo sèman, men nou gen pou akonpli tout sa ke nou sèmante a Bondye’. Men Mwen di nou: 29Pa sèmante menm, ni pa syèl la, paske se 30twòn Bondye li ye; ni pa tè a, paske se kote Li mete pye Li, ni pa Jérusalem, paske se 31Gran Vil a Gran Wa a. Ni nou pa pou sèmante sou tèt nou paske nou pa kapab fè menm yon grenn cheve vin blan, ni nwa. Men kite pawòl nou sèlman ‘wi’ pou ‘wi’ e ‘non’ pou ‘non’. Nenpòt bagay ki depase sa yo soti nan mèt mechanste a.

“Nou konn tande ke yo konn di: 32‘Zye pou zye e dan pou dan’; men Mwen di nou: Pa reziste a sila ki mechan an, men si 33nenpòt moun frape nou bò figi dwat nou, vire bay li lòt la tou. Si nenpòt moun vle fè pwosè kont nou pou l pran chemiz nou, bay li palto a tou. Nenpòt moun ki fòse nou pou mache yon kilomèt avèk li, fè de kilomèt. 34Bay a sila ki mande nou an, e pa vire do bay sila ki vle prete nan men nou an.

“Nou konn tande ke yo di: ‘Renmen vwazen nou, e rayi lènmi nou.’ Men Mwen di nou: 35Renmen lènmi nou yo e priye pou sila ki pèsekite nou yo, pou nou kapab 36fis a Papa nou ki nan syèl la. Paske Li fè solèy Li leve sou mechan yo, ak bon yo, e voye lapli sou sila ki dwat yo, ak sila ki pa dwat yo.

“Paske 37 si nou renmen sila ki renmen nou yo, ki rekonpans nou ka resevwa? Èske kolektè kontribisyon yo pa fè menm bagay la tou? Epi si nou salye frè nou yo sèlman, kisa nou fè plis ke lòt moun yo? Èske payen yo pa fè menm bagay la tou?

Pou sa, nou dwe pafè menm jan ke Papa nou ki nan syèl la pafè.” 38

Source notes (38)
  1. Cross-reference Mat 13:35
  2. Cross-reference És 61:2
  3. Cross-reference Sòm 37:11
  4. Cross-reference És 55:1-2
  5. Cross-reference Pwov 11:17
  6. Cross-reference Sòm 24:4
  7. Cross-reference Mat 5:45
  8. Cross-reference I Pi 3:14
  9. Cross-reference I Pi 4:14
  10. Cross-reference II Kwo 36:16
  11. Cross-reference Mc 9:50
  12. Cross-reference Pwov 4:18
  13. Cross-reference Mc 4:21
  14. Cross-reference I Pi 2:12
  15. Cross-reference Mc 7:12
  16. Cross-reference Mat 24:35
  17. Cross-reference Mat 11:11
  18. Cross-reference Mat 10:2
  19. Cross-reference Det 16:18
  20. Cross-reference Mat 5:24
  21. Cross-reference Luc 12:59
  22. Cross-reference Egz 20:14
  23. Cross-reference II Sam 11:25
  24. Cross-reference Mat 18:9
  25. Cross-reference Mat 18:8
  26. Cross-reference Det 24:1,3
  27. Cross-reference Mat 19:9
  28. Cross-reference Lev 19:12
  29. Cross-reference Jc 5:12
  30. Cross-reference Det 23:3-6; És 66:1
  31. Cross-reference Det 23:3-6; És 66:1
  32. Cross-reference Egz 21:24
  33. Cross-reference I Kor 6:7
  34. Cross-reference Det 15:7-11
  35. Cross-reference Luc 6:27
  36. Cross-reference Mat 5:9
  37. Cross-reference Luc 6:32
  38. Cross-reference Lev 19:2; I Jn 3:12

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.