Bib Sen An
Matthieu 6
“Veye pou nou pa pratike ladwati nou devan moun 1pou yo kapab wè nou. Si se konsa, nou p ap twouve okenn rekonpans nan men Papa nou ki nan syèl la.
“Pou sa, lè nou ap bay lacharite, pa sonnen yon twonpèt devan nou tankou ipokrit yo konn fè nan sinagòg ak lari yo, pou yo 2kapab resevwa lonè a lòm. M ap di ou, yo gen tan resevwa tout rekonpans yo. Men lè nou ap bay lacharite, pa kite men goch nou konnen kisa men dwat nou ap fè; ke lacharite nou kapab an sekrè, e 3Papa nou ki wè an sekrè a, ap bannou rekonpans.
“Lè nou ap fè lapriyè, pa fè l tankou ipokrit yo. Yo 4renmen kanpe pou fè lapriyè nan sinagòg yo ak nan kwen lari pou moun kapab wè yo. Anverite, Mwen di nou, yo gen tan twouve tout rekonpans yo.
“Men nou menm, lè nou ap priye, 5ale nan ti chanm andedan kay nou an, e fèmen pòt nou. Priye a Papa nou ki an sekrè a, e Papa nou ki wè an sekrè a ap bay nou rekonpans.
“Lè nou ap priye, pa itilize anpil mo vag, e san sans jan payen yo konn fè a; paske yo sipoze ke lapriyè yo ap tande akoz 6anpil mo. Men pa fè tankou yo; paske 7 Papa nou konnen kisa nou bezwen menm avan nou mande Li. Pou tout sa, 8priye konsa:
“‘Papa nou ki nan syèl la,
ke non Ou kapab Sen.
Ke Wayòm Ou kapab vini,
ke volonte Ou kapab fèt sou latè
menm jan ke li fèt nan syèl la.
Bay nou pou jou sa a pen 9
ke nou bezwen an,
Epi 10padone nou ofans nou yo
menm jan ke nou padone sila ki fè nou tò yo.
Epi pa mennen nou nan tantasyon, men 11 delivre nou de mal.
Paske wayòm nan, pouvwa a, avèk glwa a
se pou Ou menm pou tout letènite. Amèn.’ 12
“Paske si nou padone moun yo pou ofans pa yo, Papa nou ki nan syèl la va padone nou menm. Men 13si nou pa padone moun yo pou ofans pa yo, Papa nou p ap padone ofans pa nou yo.
“Konsa, 14lè nou ap fè jèn, pa mete yon figi tris jan ipokrit yo konn fè a. Paske yo neglije aparans yo pou moun kapab wè ke y ap fè jèn. Anverite, yo deja twouve tout rekonpans pa yo.
“Men nou menm, lè nou ap fè jèn, 15onksyone tèt nou avèk lwil e lave figi nou, pou moun pa wè ke nou ap fè jèn, men se Papa nou ki nan sekrè a k ap wè. Konsa, 16Papa nou ki wè nan sekrè a ap bannou rekonpans. 17
“Pa ranmase trezò nou isit la nan mond sa a kote ensèk avèk lawouj ap detwi yo, e kote vòlè kapab kase antre pou vòlè. Men pito nou ranmase pou nou 18trezò ki nan syèl la kote ensèk avèk lawouj p ap detwi yo, e kote vòlè p ap kase ni vòlè. Paske 19kote trezò nou ye se la kè nou va ye tou.
“Lanp kò nou se 20zye nou. Konsa si zye nou klè, tout kò nou ap plen limyè. Men si 21zye nou pa bon, tout kò nou ap plen tenèb.
“Konsa, si limyè ki nan nou an se tenèb, ki pwofondè tenèb sa a genyen! 22
“Nanpwen moun ki kab sèvi de mèt; swa l ap rayi youn pou renmen lòt la, oswa l ap renmen youn pou meprize lòt la. Nou pa kapab sèvi Bondye ak richès. 23
“Pou rezon sa a, Mwen di nou pa enkyete nou pou lavi nou, kisa nou ap manje, ni sa nou ap bwè; ni pou kò nou, pou sa nou ap mete sou li. Èske lavi pa plis ke manje, e kò a plis ke rad nou mete sou li? 24Gade zwazo ki anlè yo; yo pa simen, ni rekòlte, ni ranmase pou mete nan depo. Malgre sa, Papa yo bay yo manje. Èske nou pa vo bokou plis ke yo?
“Epi kilès nan nou ki avèk 25enkyetid kapab ogmante vi li menm yon ti kras? E poukisa nou 26enkyete pou zafè rad?
“Gade flè lis ki nan chan yo; yo pa travay, ni fè twal; men Mwen di nou ke menm 27Salomon nan tout glwa li pa t mete pi bèl rad pase youn nan yo. “Men si se konsa ke Bondye abiye 28zèb chan an, ki la jodi a, e demen ap jete nan dife, konbyen anplis L ap fè pou nou, o 29nou menm, moun ki manke lafwa!
“Konsa, pa 30enkyete nou, pou di: ‘Kisa n ap manje?’ ni ‘Kisa n ap bwè?’ ni ‘Avèk kisa n ap abiye?’ Paske se tout bagay sa yo ke tout payen yo cho pou chèche, men 31Papa nou ki nan syèl la konnen ke nou bezwen tout bagay sa yo. Chèche premyèman wayòm Li avèk ladwati Li, epi 32tout bagay sa yo ap vini anplis.
“Pou sa, pa enkyete nou pou demen, paske demen ap okipe tèt li. Chak jou gen kont pwoblèm li pou regle pou kont li.” 33
Source notes (33)
- Cross-reference Mat 6:5,16
- Cross-reference Mat 6:5,16
- Cross-reference Jr 17:10
- Cross-reference Mc 11:25
- Cross-reference És 26:20
- Cross-reference I Wa 18:26
- Cross-reference Sòm 38:9
- Cross-reference Luc 11:1-4
- Cross-reference Pwov 30:8
- Cross-reference Egz 34:7
- Cross-reference Jn 17:15
- Cross-reference Mat 7:2
- Cross-reference Mat 18:35
- Cross-reference És 58:5
- Cross-reference Rt 3:3
- Cross-reference Mat 6:4-6
- Cross-reference Pwov 23:4
- Cross-reference Mat 19:21
- Cross-reference Luc 12:34
- Cross-reference Luc 11:34-35
- Cross-reference Mat 20:15
- Cross-reference I Wa 18:21
- Cross-reference Luc 12:22-31
- Cross-reference Job 35:11
- Cross-reference Mat 6:25,28,31,34
- Cross-reference Mat 6:25-28
- Cross-reference I Wa 10:4-7
- Cross-reference Jc 1:10-11
- Cross-reference Mat 8:26
- Cross-reference Mat 6:25,27,28,34
- Cross-reference Mat 6:8
- Cross-reference Mat 19:28
- Cross-reference Pwov 30:8
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.