Bib Sen An
Matthieu 7
“Pa jije pou nou menm pa vin jije. Paske menm jan ke nou jije a, nou menm tou, nou va vin jije; 2pa menm mezi ke nou sèvi a, yo va mezire bay nou. E poukisa nou 3gade ti kras poud ki nan zye frè nou an, men nou pa wè gwo bout bwa ki nan zye pa nou an? 4O kijan nou kapab di frè nou an: ‘Kite m retire ti kras sa a ki nan zye ou a’, epi gade, gwo bout bwa nan zye w? Ipokrit! Premyeman, retire gwo bout bwa nan zye ou a, e konsa w ap kapab wè byen klè pou retire ti kras ki nan zye frè ou a. 5
“Pa bay sa ki sen a chen yo; ni pa jete pèl nou yo devan kochon yo, sinon yo va foule yo anba pye epi vire pou chire nou an mòso. 6
“Mande, e nou va resevwa. Chache, e nou va twouve. Frape nan pòt la, e l ap louvri. Paske tout moun ki mande ap resevwa. E sila ki chèche yo va twouve. E a sila ki frape yo, pòt la va louvri. O ki moun pami nou lè Pitit li mande yon mòso pen, l ap bay li yon wòch? O si li mande yon pwason, èske l ap bay li yon koulèv? Si nou menm ki mechan, konnen kijan pou bay bon kado a pitit nou yo, 7konbyen anplis, Papa nou ki nan syèl la ap bay sa ki bon a sila ki mande Li yo. 8Pou sa, menm jan ke nou vle moun aji avèk nou, fè yo menm bagay la, paske 9sa se Lalwa, ak Pwofèt yo. 10
“Antre pa pòt etwat la; paske pòt laj la, e chemen byen gwo ki mennen nan destriksyon an. Gen anpil moun k ap antre pa li menm. Paske pòt etwat la, e chemen piti ki mennen a lavi a. Ni pa gen anpil moun k ap twouve l.
“Veye nou ak 11fo pwofèt yo, ki vin kote nou ak vètman brebi; men anndan se lou visye yo ye. Nou ap 12konnen yo pa fwi yo. Rezen pa janm soti nan raje pikan, ni fig frans nan move zèb. Menm jan an, 13chak bon ab ap bay bon fwi, men yon move ab ap bay move fwi. Yon bon ab p ap kapab bay move fwi, ni yon move ab p ap pwodwi bon fwi. 14Chak ab ki pa bay bon fwi ap koupe jete nan lanfè. Konsa, nou ap konnen yo 15pa fwi yo. 16
“Se pa tout moun ki rele ‘Senyè, Senyè’ k ap antre nan wayòm syèl la, men sila yo ki fè volonte a Papa M ki nan syèl la. 17Anpil ap di Mwen nan jou sa: ‘Senyè, Senyè, èske nou pa t pwofetize nan non Ou? Èske nan non Ou, nou pa t chase move lespri yo e nan non Ou, nou pa t fè anpil mirak?’ Konsa, nan moman sa a, M ap deklare: 18‘Mwen pa t janm konnen nou. Kite Mwen, nou tout ki pratike lenjistis.’
“Pou sa, 19tout moun ki tande pawòl sa yo ke Mwen bay yo, e ki aji sou yo, y ap tankou yon nonm saj ki bati kay li sou wòch. Lapli te tonbe, inondasyon te vini, van te soufle e te frape kont kay la, men li pa t tonbe paske fondasyon li te sou wòch. Tout moun ki tande pawòl sa yo ke Mwen pale yo, e ki pa aji sou yo, y ap tankou yon moun sòt. Li te bati kay li sou sab. Lapli te tonbe, inondasyon te vini, van te soufle e te frape kont kay la. Li te tonbe, e tonbe sa a te byen gwo.”
Lè Jésus te fin pale mo sa yo, 20foul la te byen etone pou jan Li te enstwi yo a. Paske Li te enstwi yo tankou yon moun avèk otorite, e pa tankou skrib yo.
Source notes (20)
- Cross-reference Wo 14:10,13
- Cross-reference Mc 4:24
- Cross-reference Wo 2:1
- Cross-reference Luc 6:42
- Cross-reference Mat 15:26
- Cross-reference Luc 11:9-13
- Cross-reference Sòm 84:11
- Cross-reference Luc 6:31
- Cross-reference Mat 22:40
- Cross-reference Luc 13:24
- Cross-reference Mat 24:11,24
- Cross-reference Mat 7:20
- Cross-reference Mat 12:33,35
- Cross-reference Mat 3:10
- Cross-reference Mat 7:16
- Cross-reference Luc 6:46
- Cross-reference Mat 25:11
- Cross-reference Sòm 6:8
- Cross-reference Mat 16:18
- Cross-reference Mat 13:54
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.