Bib Sen An
Matthieu 4
Apre sa, Lespri Sen an te mennen Jésus nan savann nan pou L ta kapab tante pa Satan. Lè Li te fin fè jèn 2karant jou avèk karant nwit lan, Li te grangou. 3Konsa, Tantatè a te parèt, e te di Li: “Si Ou se 4Fis Bondye a, kòmande wòch sa yo vin pen.”
Men Li te reponn li e te di l: “Sa ekri 5Lòm pa pou viv sèlman pa pen, men pa chak mo ki sòti nan bouch Bondye”.
Apre sa, Satan te mennen Li antre nan 6vil sen, Jérusalem nan. Li te fè L kanpe sou pi wo pwent tanp lan. Konsa, li te di Li: “Si Ou menm se Fis Bondye a, jete kò Ou anba, paske sa ekri: 7
‘L ap bay zanj Li yo lòd de Ou menm, e
‘ak men yo, y ap bay Ou soutyen
pou ke Ou pa ta menm frape
pye Ou kont yon wòch’”.
Jésus te di l: “Anplis sa ekri: ‘Ou pa pou tante Senyè a, Bondye Ou a’”. 8
Ankò dyab la te mennen Li nan yon mòn wo e te montre Li tout wayòm nan mond lan, avèk tout glwa yo. Li te di Li: 9“Tout bagay sa yo, mwen va bay Ou yo si Ou pwostène pou adore mwen.”
Konsa, Jésus te di li: “Soti la Satan! Paske sa ekri: 10‘Ou va adore Senyè a, Bondye ou a, e sèvi Li menm sèl’”.
Konsa, dyab la te kite Li, e lapoula, 11zanj yo te vini sèvi Li.
Alò lè Jésus te tande ke 12Jean te arete, Li te retire kò li pou L antre Galilée. Lè Li kite Nazareth, Li te vin 13rete Capernaüm, toupre lanmè a, nan zòn Zabulon avèk Nephtali. Sa te fèt pou akonpli sa ke pwofèt Esaïe te pale lè li te di: 14
“Peyi Zabulon ak peyi Nephtali,
toupre lanmè a, lòtbò Jourdain an,
Galilée ki pou payen yo” 15
“Pèp la ki te chita nan tenèb la te wè yon gwo limyè;
e sila yo ki te chita nan peyi lonbraj lanmò a,
sou yo menm yon limyè te vin parèt.” 16
Depi lè sa a, Jésus te kòmanse preche. Li te di:“Repanti, paske wayòm syèl la pwòch.” 17
Alò pandan Jésus t ap mache sou kote lanmè Galilée a, Li te wè de frè yo, Simon, ke yo rele Pierre, ak André, frè li. Yo t ap voye yon filè nan lanmè a, paske se moun lapèch yo te ye. Li te di yo: “Swiv Mwen e M ap fè nou vin fè lapèch moun.”
Lapoula, yo te kite filè yo pou yo te swiv Li.
Lè Li te vin ale pi lwen, Li te wè de lòt frè, 18Jacques fis a Zébédé avèk Jean, frè li. Yo te nan kannòt la avèk Zébédé, papa yo. Yo t ap repare filè yo. Li te rele yo.
Imedyatman, yo te kite kannòt la avèk papa yo pou yo te swiv Li.
Jésus t ap prale toupatou nan tout Galilée. Li t ap 19enstwi nan sinagòg yo pou pwoklame bòn nouvèl wayòm nan, e Li t ap fè gerizon tout kalite maladi pami pèp la.
Nouvèl Li te gaye 20toupatou nan peyi Syrie. Yo te pote bay Li tout sila ki te gen maladi avèk tout kalite doulè yo, sila ki te gen move lespri yo, sila ki te fè gwo kriz, ki te vin paralize yo, e Li te geri yo.
Gran foul la te swiv Li 21soti Galilée, Decapolis, Jérusalem avèk Judée e rive jis lòtbò Jourdain an.
Source notes (21)
- Cross-reference Mc 1:12,13
- Cross-reference Egz 34:28
- Cross-reference I Tes 3:5
- Cross-reference Mat 14:33
- Cross-reference Det 8:3
- Cross-reference Né 11:18
- Cross-reference Sòm 91:11-12
- Cross-reference Mat 16:26
- Cross-reference I Kor 10:20
- Cross-reference Det 6:13
- Cross-reference Mat 28:5
- Cross-reference Mat 14:3
- Cross-reference Mat 11:23
- Cross-reference És 9:1
- Cross-reference És 9:2
- Cross-reference Mc 1:14,15
- Cross-reference Luc 5:2-11
- Cross-reference Mat 10:2
- Cross-reference Mat 9:35
- Cross-reference Mc 7:26
- Cross-reference Mc 3:7,8
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.