Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Matthieu 3

Alò, 1nan jou sa yo, Jean Baptiste te vin parèt. Li t ap preche nan gran savann Judée a, e li t ap di: 2“Repanti paske Wayòm Syèl la gen tan parèt.” Paske sila a se de 3li menm ke pwofèt Esaïe te pale a lè l te di: 4

“Men vwa a youn k ap kriye nan savann nan,

Prepare chemen Bondye a!

Fè chemen Li yo dwat”!

Alò, Jean li menm te gen 5yon rad fèt avèk pwal chamo avèk yon sentiwon fèt an kwi nan senti li. Li te konn manje krikèt avèk siwo myèl sovaj. Jérusalem avèk tout Judée 6t ap vin kote l, avèk tout zòn ozanviwon Jourdain an. Yo t ap 7batize pa li menm nan lariviyè Jourdain an pandan yo t ap konfese peche yo.

Men lè li te wè anpil 8Farizyen avèk 9Sadiseyen ki t ap vini pou batèm nan, li te di yo: “Men yon bann vipè; kilès ki te di nou chape anba kòlè k ap vini an? 10Pou sa, pote yon fwi ki dign de repantans lan. Pa sipoze ke nou kapab di pwòp tèt nou: 11‘Nou gen Abraham kòm papa’. Paske m ap di nou ke Bondye kapab fè leve soti nan wòch sa yo, pitit Abraham yo. 12Rach la tou parèt nan rasin bwa yo; konsa, tout ab ki pa pote bon fwi va koupe pou jete nan lanfè.”

“Pou mwen menm, m ap batize nou avèk dlo pou repantans, men sila a k ap vini aprè mwen an pi fò pase m. Mwen pa menm dign pou m retire sandal Li yo. Li menm L ap batize nou avèk 13Lespri Sen an, epi avèk dife. Fouch vannen an deja nan men Li. L ap netwaye glasi a nèt e mete tout ble yo nan depo, men L ap brile tout pay la avèk yon dife ki p ap kapab etenn.” 14

Nan lè sa a, Jésus te rive soti Galilée toupre larivyè Jourdain an. Li te vin kote Jean pou L ta kapab batize. Men Jean te eseye anpeche Li. Li te di: “Mwen bezwen batize pa Ou menm, men Ou vin kote mwen?”

Men Jésus te reponn li. Li te di l: “Kite sa fèt nan moman sa a; paske se konsa li dwe fèt 15pou nou kapab akonpli tout ladwati.” Konsa li te kite sa fèt.

Aprè Jésus te batize, Li te soti tou dwat nan dlo a, e lapoula syèl yo te vin louvri. 16Li te wè Lespri Bondye a desann kon yon toutrèl e vin poze sou Li. Epi yon vwa ki te soti nan syèl yo te di: 17“Sa se Fis byeneme Mwen an, e nan Li menm, Mwen pran plezi.”

Source notes (17)
  1. Cross-reference Jn 1:6-8
  2. Cross-reference Mat 4:17
  3. Cross-reference Luc 1:17-76
  4. Cross-reference És 40:3
  5. Cross-reference II Wa 1:8
  6. Cross-reference Mc 1:5
  7. Cross-reference Mat 3:11
  8. Cross-reference Mat 16:1
  9. Cross-reference Mat 22:23
  10. Cross-reference Luc 3:8
  11. Cross-reference Luc 3:8
  12. Cross-reference Luc 3:9
  13. Cross-reference Mc 1:4-8
  14. Cross-reference Jn 1:29-34
  15. Cross-reference Sòm 40:7-8
  16. Cross-reference Mc 1:10
  17. Cross-reference Sòm 2:7

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.