Bib Sen An
Matthieu 27
Alò, lè maten 1vin rive, tout chèf prèt yo avèk lansyen a pèp la te pran diskite kont Jésus pou mete Li a lanmò. Yo te mare Li, mennen L ale pou te livre Li a 2Pilate, gouvènè peyi a.
Konsa, lè 3Judas ki te trayi Li a te wè ke Li te kondane, Li te sanse regrèt. Li te retounen bay 4trant pyès ajan yo bay chèf prèt yo avèk lansyen a pèp yo. Li te di yo: “Mwen te peche. Mwen te trayi san inosan an.”
Men yo te reponn li: “Kisa sa ye pou nou? 5Okipe sa ou menm!”
Pou sa a, li te jete pyès ajan yo nan sanktyè tanp lan. 6Li te sòti, e te ale pann tèt li.
Chèf prèt yo te pran pyès ajan yo, e te di: “Sa pa pèmèt pou nou mete yo nan kès tanp lan, akoz ke se pri san.” Konsa, yo te mete tèt yo ansanm. Avèk kòb la, yo te achte yon chan yo te rele Chan Kanari a pou yon simityè pou etranje yo. 7Pou rezon sa a, yo rele chan sa a Chan San an, jiska jodi a.
Epi sa ki te pale pa pwofèt Jérémie a te akonpli, sa ki te di: 8
“Yo te pran trant pyès ajan,
pri sou Sila a ke yo te etabli yon pri;
ke kèk nan fis Israël yo te etabli,
epi yo te bay yo pou 9Chan Kanari a
jan Senyè a te dirije m nan.” 10
Alò, Jésus te kanpe devan gouvènè a, e gouvènè a te kesyone L konsa: “Èske ou se Wa a Jwif yo”?
Jésus te reponn li: “Se konsa ou di a.”
Lè Li te akize pa chèf prèt yo avèk lansyen a pèp yo, 11Li pa t reponn.
Konsa, Pilate te di L: “Èske ou pa tande konbyen bagay yo temwaye kont Ou?” 12
Li pa t reponn li menm a yon sèl akizasyon. Gouvènè a te byen etone pou sa. 13
Alò, nan fèt la, gouvènè a te abitye lage pou pèp la yon sèl prizonye selon volonte pa yo. Nan moman sa a, yo te gen yon move prizonye byen rekonèt, yo te rele Barabbas.
Konsa, lè yo te reyini ansanm, Pilate te mande yo: “Kilès nou vle m lage pou nou? Barabbas, oubyen Jésus 14ke yo rele Kris la?” Paske li te byen konprann ke se jalouzi ki te fè yo livre Li. 15
Pandan Li te chita sou chèz jijman an, madanm li te voye di li: “Pa gen anyen pou fè avèk Nonm jis sila a; paske jodi a, mwen te soufri anpil nan yon rèv akoz de Li menm.”
Men chèf prèt yo avèk lansyen yo te konvenk yo pou 16mande pou Barabbas, e pou mete Jésus a lanmò.
Men gouvènè a te reponn e te di yo: “Kilès nan de sa yo nou ta vle m lage bannou?”
E yo te di: “Barabbas!”
Pilate te di: “E kisa pou mwen ta fè avèk Jésus 17ke yo rele Kris la?”
E yo te di: “Krisifye Li!”
Li te di: “Poukisa, ki mal Li fè?”
Men yo te kontinye rele pi fò: “Krisifye Li!”
Konsa, lè Pilate te wè ke li pa t ap rezoud anyen, men okontrè, pèp la te kòmanse ap fè tenten, li te pran dlo pou 18te lave men li devan pèp la, e te di: “Mwen inosan a san Nonm sila a; fè l nou menm”.
Tout pèp la te reponn e te di: 19“Kite san Li sou nou e sou Pitit nou yo!”
Konsa, li te lage Barabbas pou yo; men li te fè yo 20bat Jésus avèk fwèt, epi li te livre Li pou L te krisifye. 21
Epi sòlda a gouvènè yo te pran Jésus ale nan pretwa a (lakou gad la), e te rasanble tout kowòt la (yon bann sòlda Women) pou antoure Li. Yo te retire rad sou Li, e te abiye Li avèk yon vètman wouj. 22Epi lè yo fin trese yon kouwòn avèk bwa pikan, yo te mete li sou tèt Li, ak yon wozo nan men dwat Li. Yo te bese ajenou devan L pou te moke L. Yo te di L: “Salitasyon, Wa a Jwif yo!” 23Yo te krache sou Li, yo te pran wozo a e te kòmanse bat Li nan tèt. 24
Lè yo te fin moke L, yo te retire vètman wouj la sou Li, e te remete rad Li sou Li pou mennen L al krisifye. 25Pandan yo t ap sòti, yo te rankontre yon nonm peyi Siryen ke yo te rele Simon, e yo te fòse li pote Kwa Li a. 26
Lè yo te rive nan yon plas yo rele Golgotha, ki vle di Plas Zo Bwa Tèt La, 27yo te bay Li diven pou bwè mele avèk fyèl. Men lè L te goute l, Li pa t dakò bwè l. Answit lè yo te fin krisifye L, yo te 28pataje vètman Li pami yo selon tiraj osò. Epi konsa, yo te chita e te 29kòmanse veye L la. Yo te plase anwo tèt Li akizasyon ki te kont Li an ki te di: 30 “SA SE JÉSUS WA JWIF LA”.
Nan menm lè sa a, de vòlè te krisifye avè L, youn pa adwat Li, e youn pa agoch Li. Sila yo ki t ap pase la yo t ap voye kout lang sou Li, e t ap 31souke tèt yo. Yo t ap di: 32“Ou menm k ap detwi tanp lan pou rebati li nan twa jou a, sove pwòp tèt ou! 33Si ou se Fis Bondye a, sòti sou kwa a.”
Epi menm jan an, chèf prèt yo avèk skrib ak lansyen yo t ap moke L e t ap di: 34“Li te sove lòt yo; Li pa kapab sove pwòp tèt Li. Si Li se Wa Israël la, koulye a, kite L sòti sou kwa a, e n ap kwè nan Li. 35Li mete konfyans nan Bondye. Kite Li sove Li koulye a, si Li vle L; paske Li te di: ‘Mwen se Fis Bondye a’”.
Anplis, 36volè ki te krisifye avè L yo t ap voye menm ensilt yo sou Li. 37
Alò, depi sizyèm lè (midi), fènwa te tonbe sou tout tè a jis rive nan nevyèm lè (twazè).
Nan anviwon nevyèm lè, Jésus te kriye avèk yon vwa byen fò: 38“Eli, Eli, lima sabachthani?” Ki vle di: “Bondye m, Bondye m, Poukisa Ou abandone Mwen?”
Epi kèk nan yo ki te kanpe la, lè yo te tande sa, yo te kòmanse di: “Nonm sa a ap rele Elie”. 39E lapoula, youn nan yo te kouri pran yon eponj. Li te ranpli li avèk vinèg si, e plase li sou yon wozo pou te bay Li pou bwè. Men lòt yo te di: “Annou wè si Elie ap vin sove L”.
Konsa, Jésus 40te kriye ankò avèk yon vwa fò, e te kite nanm Li sòti. 41
Epi gade, 42vwal tanp lan te chire de bout soti anwo, rive jouk anba, epi latè te tranble, e wòch yo te vin fann. Konsa, tonm yo te louvri e kò anpil sen ki 43t ap dòmi te vin leve. Yo te sòti nan tonm yo lè Li te fin resisite e te antre nan 44vil sen an kote yo te parèt a anpil moun. 45
Epi santenye a ak sila ki te avèk li yo ki t ap veye Jésus yo, lè yo te wè tranbleman de tè a, ak bagay ki t ap fèt yo te vin fè pè anpil. Yo te di: “Anverite, sa se te Fis a Bondye a!” 46
Anpil fanm te la. Yo t ap gade a yon distans. Se te sila ki te swiv Jésus yo soti Galilée pandan yo t ap sèvi L. Pami yo, te gen 47Marie a Magdala, Marie, manman a Jacques ak Joseph, e manman a fis Zébédée yo. 48
Lè li te fin fènwa, te vini yon nonm rich ki te soti Arimathée, ke yo te rele Joseph. Li menm osi, li te deja yon disip a Jésus. Mesye sila a te mande Pilate pou kò Jésus.
Konsa Pilate te kòmande ke li te livre bay li.
Epi Joseph te pran kò a e te vlope li nan yon twal lèn pwòp. Li te mete li nan pwòp tonm nèf pa li, ki te fouye nan wòch. Li te woule yon 49gwo wòch kont antre a, e li te kite lye a.
Epi Marie ki te sòti Magdala te la avèk lòt Marie a, ki te chita anfas tonm lan.
Konsa, nan jou swivan an, ki te jou apre 50preparasyon an, chèf prèt yo avèk Farizyen yo te reyini avèk Pilate. Yo te di l: “Mèt, nou sonje ke lè Li te vivan an ke twonpè sila a te di: 51‘Apre twa jou, Mwen va leve ankò.’ Pou sa, kòmande pou yo mete tonm nan an sekirite jiska twa jou. Otreman, disip Li yo kab vin vòlè Li e di pèp la ke Li gen tan leve nan lanmò; epi dènye desepsyon sila a ap pi mal pase premye a.”
Pilate te di yo: “Nou genyen 52gad la; ale mete li ansekirite jan nou konnen an.”
Epi yo te ale mete tonm nan ansekirite. Plis ke gad la, yo te mete yon 53so sou wòch la.
Source notes (53)
- Cross-reference Mc 15:1
- Cross-reference Luc 3:1
- Cross-reference Mat 26:14
- Cross-reference Mat 26:15
- Cross-reference Mat 27:24
- Cross-reference Mat 26:24
- Cross-reference Trav 1:19
- Cross-reference Za 11:12
- Cross-reference Za 11:13
- Cross-reference Mc 15:2-5
- Cross-reference Mat 26:63
- Cross-reference Mat 27:12
- Cross-reference Jn 18:39
- Cross-reference Mat 1:16
- Cross-reference Jn 19:13
- Cross-reference Trav 3:14
- Cross-reference Mat 1:16
- Cross-reference Det 21:6-8
- Cross-reference Jos 2:19
- Cross-reference Mc 15:15
- Cross-reference Mc 15:16-20
- Cross-reference Mc 15:17
- Cross-reference Mat 26:67
- Cross-reference Mc 15:20
- Cross-reference Jn 19:17
- Cross-reference Mc 15:22-32
- Cross-reference Sòm 69:21
- Cross-reference Sòm 22:18
- Cross-reference Mat 27:54
- Cross-reference Mc 15:26
- Cross-reference Job 16:4
- Cross-reference Mat 26:61
- Cross-reference Mat 27:42
- Cross-reference Mc 15:31
- Cross-reference Sòm 22:8
- Cross-reference Luc 23:3-9-43
- Cross-reference Mc 15:33-41
- Cross-reference Sòm 22:1
- Cross-reference Sòm 69:21
- Cross-reference Mc 15:37
- Cross-reference Luc 23:47-49
- Cross-reference Egz 26:31
- Cross-reference Trav 7:60
- Cross-reference Mat 4:5
- Cross-reference Mc 15:39
- Cross-reference Mc 15:40
- Cross-reference Mat 28:1
- Cross-reference Mc 15:42-47
- Cross-reference Mat 27:66
- Cross-reference Mat 27:56
- Cross-reference Mat 16:21
- Cross-reference Mat 27:66
- Cross-reference Dan 6:17
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.