Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Matthieu 26

1

Lè Jésus te fin pale tout pawòl sa yo, Li te di a disip Li yo: 2“Nou konnen ke apre de jou, Jou Pak Jwif la ap vini, e Fis a Lòm nan ap livre a yo menm pou yo kab krisifye L.”

Nan moman sa a, chèf prèt yo avèk lansyen a pèp yo te reyini ansanm 3nan lakou tribinal wo prèt ke yo te rele Caïphe la. Epi yo te 4fè konplo ansanm pou sezi Jésus an sekrè e touye Li. Men yo t ap di: “Pa fè l pandan fèt la 5otreman sa kab fè yon gwo revòlt pami pèp la.” 6

Alò, lè Jésus te Béthanie nan kay a Simon, lepre a, 7yon fanm te vin kote L avèk yon bokal pòslèn plen avèk pafen ki te trè chè. Li te vide li sou tèt Jésus, pandan Li te sou tab la.

Men disip yo te mekontan lè yo te wè sa. Yo te di: “Poukisa l ap fè gaspiyaj konsa? Pwiske pafen sa a ta kapab vann pou yon gwo pri, e lajan sa a ta kapab separe bay a malere yo.”

Men Jésus te konprann sa, e te di yo: “Poukisa nou ap twouble fanm nan? Li fè M yon bon bagay. Paske 8malere yo ap toujou avèk nou, men Mwen menm, Mwen p ap la pou tout tan. Pwiske lè li te vide pafen sila a sou kò M, li te fè l 9pou prepare Mwen pou lantèman. Anverite, Mwen di nou ke 10nenpòt kote ke bòn nouvèl sila a preche nan tout mond lan, sa ke fanm sila a te fè a, ap toujou pale pou yo sonje li nèt.” 11

Konsa, youn nan douz yo ki te rele Judas Iscariot te ale kote chèf prèt yo. Li te di yo: “Kisa nou ap ban mwen si mwen livre Li bannou?” 12

Yo te peze bay li trant pyès ajan. Depi lè sa a, li te kòmanse chache yon bon moman pou trayi li. 13

Alò, nan premye jou Fèt Pen San Ledven an, disip yo te vin kote Jésus pou mande L: “Kibò Ou vle nou prepare manje Jou Pak Jwif la pou Ou?”

Li te di yo: “Ale nan vil la a yon 14sèten mesye e di li: ‘Mèt la di nou “Lè Mwen prèske rive. M ap fè fèt Jou Pak la lakay ou avèk disip Mwen yo.”’”

Disip yo te fè sa, jan Jésus te mande yo a. Konsa, yo te prepare Jou Pak la. 15

Alò, lè fènwa te vin rive, Jésus te lonje sou tab la avèk douz disip yo. Pandan yo t ap manje, Li te di yo: 16 “Anverite Mwen di nou, youn nan nou ap trayi M”.

Avèk yon doulè pwofon, yo chak te kòmanse mande L: “Asireman, se pa mwen menm, Senyè?”

Li te reponn: 17“Sila ki mete men l avèk mwen nan bòl la, se li menm k ap trayi Mwen an. Fis a Lòm nan gen pou ale, 18jan ke li ekri sou Li a, men malè a sila ki trayi Fis a Lòm nan! Li t ap pi bon pou li si li pa t janm fèt.” 19

Judas, ki t ap trayi Li a te reponn: “Asireman se pa mwen menm, Rabbi (Mèt)?”

Li te reponn li: “Se ou menm ki di l.” 20

Pandan yo t ap manje, Jésus te pran kèk pen. Li te beni li, kase l epi separe bay disip Li yo. Li te di: “Pran, manje; sa se kò Mwen.”

Li te pran tas la e te bay remèsiman. Li te bay yo e Li te di: “Bwè ladann, nou tout; paske 21sa se san akò Mwen ki vèse pou anpil moun, pou padon peche yo. Men Mwen di nou, Mwen p ap bwè fwi rezen sila a ankò depi koulye a, jouk rive lè Mwen bwè l de nouvo avèk nou nan wayòm Papa Mwen an.” 22

Apre yo chante yon kantik, yo te ale nan Mòn Oliv la.

Konsa, Jésus te di yo: “Nou tout ap gaye akoz Mwen pandan nwit sa a, paske sa ekri: 23‘Mwen va frape e fè tonbe bèje a, epi tout mouton va gaye.’ Men lè M leve, 24M ap prale devan nou Galilée.”

Men Pierre te reponn e te di Li: “Menm lè tout lòt yo fè bak akoz de Ou menm, mwen menm, mwen p ap fè bak.”

Jésus te di li: 25“Anverite Mwen di ou ke menm nwit sa a, avan kòk la gen tan chante, ou ap gen tan nye Mwen twa fwa.”

Pierre te di Li: 26“Menm si mwen oblije mouri avèk Ou, mwen p ap janm nye Ou.” Tout lòt disip yo te di menm bagay sila a tou. 27

Konsa, Jésus te vini avèk yo nan yon plas yo rele Gethsémané. Li te di a disip Li yo: “Chita isit la pandan Mwen prale lòtbò a pou priye.”

Li te pran avè L 28Pierre, avèk de fis Zébédée yo, epi Li te kòmanse ranpli avèk gwo doulè ak tristès. Konsa Li te di yo: “Nanm Mwen jis nan fon Mwen tris, jiskaske rive nan pwent pou mouri. Rete isit la pou veye avè M”. 29 Li te ale yon ti jan pi lwen; Li te tonbe sou figi Li, e te priye konsa: “Papa M, si se posib, kite 30tas sila a chape de Mwen menm; 31men pa jan Mwen menm ta vle l la, men jan volonte pa W la.”

Li te vin vire vè disip Li yo e te twouve yo t ap dòmi. Li te di a Pierre: “Konsa, nou pa t kapab 32veye avè M pandan yon sèl èdtan? Veye byen e priye pou nou pa antre nan tantasyon. 33Lespri a byen dispoze, men chè a fèb.”

Li te kite yo yon dezyèm fwa e te priye konsa: “Papa M, si tas sa a p ap kab retire anmwens ke M bwè l, 34ke volonte Ou fèt.”

Ankò Li te retounen e te twouve yo t ap dòmi, paske zye yo te byen lou. Konsa, Li te kite yo ankò pou te ale pou priye yon twazyèm fwa. Li te fè menm priyè a yon fwa ankò.

Apre Li te vin kote disip Li yo. Li te mande yo: “Èske nou toujou ap dòmi epi pran repo nou? Gade, 35 lè a rive. Fis a Lòm nan ap livre nan men pechè yo. Leve, annou ale. Men gade, sila k ap trayi Mwen an gen tan rive!” 36

Pandan Li te toujou ap pale, Judas, youn nan douz yo, te pwoche. Li te akonpanye pa yon gwo foul avèk nepe ak baton, ki te voye pa gran prèt ak lansyen a pèp yo. Konsa, sila ki t ap trayi Li a te deja bay yo yon sinyal. Li te di: “Sila ke m bo a, se Li menm. Sezi Li.” Touswit, Li te ale kote Jésus. Li te di: “Bonswa 37Rabbi (Mèt)!” e li te bo Li.

Jésus te di Li: 38 “Zanmi M, poukisa ou vini la.” Konsa yo vin mete men yo sou Li, e te sezi Li.

Epi konsa, 39youn nan yo ki te avèk Jésus te rale nepe l, te voye l e koupe zòrèy a esklav gran prèt la.

Alò, Jésus te di l: “Remete nepe ou nan plas li; paske 40tout sila ki leve nepe yo, y ap peri pa nepe. Men èske nou panse ke Mwen pa kapab fè apèl a Papa M, e l ap voye ban Mwen plis ke 41douz lejyon (sa vle di 72,000) 42zanj? Men kijan konsa, 43pou Ekriti Sen yo kab vin akonpli ki fè nou konnen jan l ap oblije fèt?”

Nan moman sa a, Jésus te di a foul la: “Èske nou vini avèk nepe ak baton pou arete M, konsi nou ta vin kont yon vòlè? 44Chak jou Mwen te konn chita nan tanp lan pou enstwi nou, e nou pa t janm sezi M. Men tout sa vin rive pou 45Ekriti Sen yo selon pwofèt yo ta kapab vin akonpli.”

Lapoula, tout disip Li yo te kouri kite Li. 46

Sila ki te sezi Jésus yo te mennen L ale pou wè Caïphe, gran prèt la, kote skrib yo avèk lansyen a pèp yo te gen tan rasanble.

Men 47Pierre te swiv Li a yon distans jouk yo rive nan 48lakou wo prèt la. Li te antre avèk yo e chita avèk gad yo pou wè jan sa ta fini.

Epi chèf prèt yo avèk tout 49Konsèy la t ap fòse wè si yo ta kab twouve kèk fo temwayaj kont Jésus, pou yo ta kapab mete L a lanmò. Men yo pa t twouve okenn, malgre ke anpil fo temwayaj te vin prezante.

Men pita, 50te gen de ki te vin prezante. Yo te di: “Nonm sa a te di: 51‘Mwen kapab detwi tanp Bondye a, e rebati li nan twa jou.’”

Konsa, wo prèt la te kanpe pou te di L: “Èske Ou p ap reponn? Kisa ke moun sa yo ap temwaye kont ou an?”

Men Jésus te rete an silans. 52

Epi wo prèt la te di L: “Mwen egzije Ou pa Bondye vivan an, pou di nou, si Ou menm se Kris La, Fis Bondye a.”

Jésus te di li: “Ou te di li ou menm. Malgre sa, Mwen ap di nou, apre sa, nou va wè Fis a Lòm nan k ap chita sou men dwat Pwisan an e 53k ap vini sou nyaj ki nan syèl yo.”

Konsa wo prèt la te 54chire rad li e te di: “Li gen tan vin blasfeme! Kisa nou bezwen ankò kon temwayaj? Gade, nou fin tande blasfèm nan. Kisa nou panse?” Yo te reponn e te di: 55“Li merite lanmò!” 56

Epi yo krache nan figi Li, e te bat Li avèk kout pwen. Lòt yo te souflete L. Yo te di: 57“Pwofetize pou nou, Ou menm Kris la! Kilès ki te frape Ou a?” 58

Konsa, Pierre te chita deyò a nan lakou a, e yon sèten fi ki t ap sèvi lòt yo te vin kote l. Li te di l: “Ou te osi avèk Jésus, Galileyen an.”

Men Li demanti devan tout e te di: “Mwen pa konnen menm de kisa w ap pale a!”

Epi lè li fin sòti sou galri a, yon lòt fi ki t ap sèvi te wè l e te di: “Mesye sila a te avèk Jésus, Nazareyen an.”

Ankò li te demanti sa avèk yon sèman: “Mwen pa menm konnen mesye sila a!”

Epi yon ti jan pita, sila ki te la yo, te vin kote Pierre. Yo te di l: “Asireman ou menm, ou se youn nan yo. 59Jan ou pale a devwale ou.”

Konsa li te kòmanse bay madichon e te sèmante: “Mwen pa menm konnen nonm sila a!”

Imedyatman, kòk la te chante. Pierre te sonje mo Jésus a, lè Li te di: “Avan kók la chante, ou va nye Mwen twa fwa.” E li te ale deyò pou te kriye yon kriye anmè.

Source notes (59)
  1. Cross-reference Mat 7:28
  2. Cross-reference Mc 14:1-2
  3. Cross-reference Mat 26:58,59
  4. Cross-reference Mat 12:14
  5. Cross-reference Mat 27:24
  6. Cross-reference Luc 7:37-39
  7. Cross-reference Luc 7:37
  8. Cross-reference Det 15:11
  9. Cross-reference Jn 19:40
  10. Cross-reference Mc 14:9
  11. Cross-reference Mc 14:10-11
  12. Cross-reference Egz 21:32
  13. Cross-reference Mc 14:12-16
  14. Cross-reference Mc 14:13
  15. Cross-reference Mc 14:17-21
  16. Cross-reference Luc 22:21-23
  17. Cross-reference Sòm 41:9
  18. Cross-reference Mat 26:31-54
  19. Cross-reference Mat 26:14
  20. Cross-reference I Kor 10:16
  21. Cross-reference Egz 24:8
  22. Cross-reference Mc 14:26-31
  23. Cross-reference Za 13:7
  24. Cross-reference Mat 28:7,10,16
  25. Cross-reference Mat 26:75
  26. Cross-reference Jn 13:37
  27. Cross-reference Mc 14:32-42
  28. Cross-reference Mat 4:21
  29. Cross-reference Jn 12:27
  30. Cross-reference Mat 20:22
  31. Cross-reference Mat 26:42
  32. Cross-reference Mat 26:38
  33. Cross-reference Mc 14:38
  34. Cross-reference Mat 26:39
  35. Cross-reference Mc 14:41
  36. Cross-reference Mc 14:43-50
  37. Cross-reference Mat 23:7
  38. Cross-reference Mat 20:13
  39. Cross-reference Mc 14:47
  40. Cross-reference Jen 9:6
  41. Cross-reference Mc 5:9,15
  42. Cross-reference Mat 4:11
  43. Cross-reference Mat 26:24
  44. Cross-reference Mc 12:35
  45. Cross-reference Mat 26:24
  46. Cross-reference Mc 14:53-65
  47. Cross-reference Jn 18:15
  48. Cross-reference Mat 26:3
  49. Cross-reference Mat 5:22
  50. Cross-reference Det 19:15
  51. Cross-reference Mat 27:40
  52. Cross-reference Mat 26:63-66
  53. Cross-reference Dan 7:13
  54. Cross-reference Nonb 14:6
  55. Cross-reference Lev 24:16
  56. Cross-reference És 50:6
  57. Cross-reference Mc 14:65
  58. Cross-reference Mc 14:66-72
  59. Cross-reference Mc 14:70

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.