Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Matthieu 25

1

“Konsa, Wayòm syèl la tankou dis vyèj ki te pran 2lanp yo pou soti e rankontre jennonm k ap marye a. Senk nan yo te manke sajès, men lòt senk yo te 3gen bon konprann. Lè sila ki manke sajès yo te pran lanp yo, yo pa t pran lwil avèk yo. Men 4saj yo te pran lwil nan veso ansanm avèk lanp yo. Konsa, pandan jennonm nan t ap pran reta, yo tout te vin fatige, e dòmi te pran yo.

“Men a minwi, te gen yon gwo kri: ‘Men gade, jennonm k ap marye a parèt! Vin rankontre li.’

“Alò, tout vyèj sa yo te leve pou prepare lanp pa yo. Men sila ki pa t saj yo te di a sila ki te pridan yo: ‘Bannou kèk nan lwil pa nou an, paske lanp nou yo ap etenn.’

“Men 5saj yo te reponn: ‘Non, pwiske si nou fè sa, nou p ap rete kont pou nou. Pito nou ale kote machann pou nou achte pou tèt nou.’

“Konsa, pandan yo t ap pral achte, jennonm nan te vin parèt e sila ki te 6prepare yo te antre avè l 7nan fèt maryaj la. Epi pòt la te vin fèmen.

“Pita lòt vyèj yo te vini. Yo te di: 8 ‘Senyè, Senyè, louvri pòt la pou nou.

“Men li te reponn yo konsa: ‘Anverite mwen di nou, mwen pa rekonèt nou.’

“Pou sa, 9fè atansyon, paske nou pa konnen ni jou, ni lè. 10

“Konsa, li menm jan avèk yon nonm ki fenk pare pou fè yon vwayaj. Li rele esklav li yo, e konfye tout sa li posede nan men yo menm. A youn li te bay senk talan (yon gwo sòm dajan) a yon lòt de, e a yon lòt, youn, selon kapasite ke chak te genyen. Epi li te 11sòti pou fè vwayaj la. Imedyatman, sila ki te resevwa senk 12talan yo te fè afè avèk yo, e te ranmase yon lòt senk talan anplis. “Menm jan an, sila ki te resevwa de talan yo te vin jwenn de lòt. Men sila ki te resevwa yon sèl talan an te ale fouye yon twou nan tè pou te sere lajan mèt li.

“Apre anpil tan, mèt a esklav sa yo te vini pou te 13regle kont avèk yo. Sila ki te resevwa senk 14talan yo te vin pote li avèk yon lòt senk talan ankò, epi te di: ‘Mèt, ou te fè m konfyans ak senk talan. Ou wè, mwen fè l rapòte senk talan anplis.’

“Mèt li te di li: ‘Byen fèt, bon e fidèl sèvitè. Ou te fidèl avèk yon ti kras bagay. M ap 15fè ou responsab anpil bagay. Antre nan lajwa a mèt ou.’

“Sila ki te resevwa de 16talan yo te vini epi te di: ‘Mèt, ou te fè m konfyans ak de talan. Ou wè, mwen fè l rapòte de talan anplis.’

“Mèt li te di li: ‘Byen fèt, bon sèvitè 17 fidèl la. Ou te fidèl avèk yon ti kras bagay. M ap fè ou responsab anpil bagay. Antre nan lajwa a mèt ou.’

“Konsa, sila osi ki te resevwa yon sèl 18talan an te vini e te di: ‘Mèt, mwen te byen konprann ke ou menm se te yon mèt ki di; ke ou rekòlte kote ou pa plante, e ranmase kote ou pa simen. Epi mwen te krent, e te ale sere talan an nan tè. Gade byen, ou twouve sa ki pou ou a.’

“Men mèt li te reponn li e te di: ‘Esklav malveyan e parese! Ou te konnen ke mwen rekòlte kote mwen pa plante, e ranmase kote mwen pa simen. Pou sa, ou te dwe mete kòb mwen an labank pou lè m rive mwen ta kapab resevwa l avèk enterè.

“Konsa, retire talan an nan men li, epi bay li a sila a ki gen dis talan yo. 19Paske a sila a ki genyen an, l ap resevwa plis e l ap gen an abondans, men pou sila a ki pa genyen an, menm sa li genyen an ap retire nan men l. Voye esklav initil sila a nan 20fon tenèb, nan plas kote ap genyen kriye ak manje dan.’

“Men lè 21 Fis a Lòm nan vini nan tout glwa Li avèk tout zanj Li yo, Li va chita sou twòn glwa pa Li a. Tout nasyon yo va rasanble devan Li. E Li va separe yo youn de lòt, 22kon yon gadyen patiraj separe mouton avèk kabrit. Konsa, l ap mete mouton yo adwat li, e kabrit yo 23agoch Li.

“Epi Wa a va di a sila ki adwat li yo: ‘Vini, nou menm ki beni pa Papa m; 24eritye wayòm nan ki te prepare pou nou depi fondasyon mond lan. Paske 25Mwen te grangou, e nou te ban M bagay pou M manje. Mwen te swaf, e nou te ban M bwè. Mwen te yon etranje, e nou te envite M antre, 26Mwen te touni, e nou te ban M rad. Mwen te malad e nou te vizite M. Mwen te nan prizon e nou te vin kote M.

“Epi jis yo ap di Li: ‘Senyè, kilè nou te wè Ou grangou e te bay Ou manje, ni swaf pou te bay Ou bwè? Epi kilè nou te wè Ou yon etranje, epi envite Ou antre, oubyen touni pou te bay Ou rad? Epi kilè nou te wè Ou malad, e te vizite Ou; oubyen nan prizon pou te vizite Ou?’

“Konsa, wa a va reponn yo: ‘Anverite, Mwen di nou 27menm jan ke nou te fè li a youn nan frè Mwen yo, nou te fè l a Mwen menm tou.’

“Apre Li va di a sila ki agoch Li yo: 28 ‘Sòti sou Mwen, nou menm ki modi, pou ale nan dife etènèl ki te prepare pou Satan avèk zanj li yo a. Paske Mwen te grangou, men nou te refize ban M manje. Mwen te swaf, e nou pa t ban M bwè. Mwen te yon etranje, e nou pa t envite M antre, touni, e nou pa t ban M rad, nan prizon e nou pa t vizite M.

“Alò yo menm va reponn: ‘Senyè, kilè nou te wè Ou grangou, oswa swaf, oswa yon etranje, touni, malad oubyen nan prizon, e nou pa t okipe Ou?’

“Konsa L ap reponn yo: ‘Anverite Mwen di nou, menm jan ke nou pa t fè li pou youn nan pi piti nan sa yo, nou pa t fè l pou Mwen tou.’ Epi sila yo va ale nan pinisyon etènèl, men jis yo nan 29lavi etènèl.”

Source notes (29)
  1. Cross-reference Mat 13:24
  2. Cross-reference Trav 20:8
  3. Cross-reference Mat 7:24
  4. Cross-reference Mat 7:24
  5. Cross-reference Mat 7:24
  6. Cross-reference Mat 24:42
  7. Cross-reference Luc 12:35
  8. Cross-reference Mat 7:2
  9. Cross-reference Mat 24:42
  10. Cross-reference Mat 25:14-30
  11. Cross-reference Mat 21:33
  12. Cross-reference Mat 18:24
  13. Cross-reference Mat 18:23
  14. Cross-reference Mat 18:24
  15. Cross-reference Luc 12:44
  16. Cross-reference Mat 18:24
  17. Cross-reference Mat 24:45,47
  18. Cross-reference Mat 18:24
  19. Cross-reference Mat 13:12
  20. Cross-reference Mat 8:12
  21. Cross-reference Mat 16:27
  22. Cross-reference Éz 34:17-20
  23. Cross-reference Ekl 10:2
  24. Cross-reference Mat 5:3
  25. Cross-reference És 58:7
  26. Cross-reference És 58:7
  27. Cross-reference Pwov 19:17
  28. Cross-reference Mat 7:23
  29. Cross-reference Mat 19:20

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.