Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Matthieu 28

1

Alò, apre Saba a, lè li te kòmanse fè jou nan premye jou semèn nan, Marie Magdala ak lòt Marie a te vini pou gade tonm nan.

Lapoula, te gen yon gwo tranbleman de tè, e 2yon zanj Bondye te desann soti nan syèl la. Li te vin woule 3wòch akote a, e li te chita sou li. Li te 4parèt tankou kout eklè, e vètman li te blanch tankou lanèj.

Gad yo te vin tranble avèk lakrent, e yo te tounen tankou moun mouri.

Konsa zanj lan te reponn e te di a fanm yo: 5“Pa pè, paske mwen konnen ke nou ap chèche Jésus ki te krisifye a. Li pa la, paske Li leve, 6menm jan Li te di a. Vin wè plas kote Li te kouche a.” “Epi ale vit pou di disip Li yo ke Li leve soti nan lanmò. Epi gade byen, l ap prale devan nou nan7Galilée. La nou va wè Li. Gade byen, mwen gen tan di nou sa.”

Yo te kite tonm nan vit avèk lakrent, avèk gwo lajwa, e yo te kouri ale bay rapò a disip Li yo.

Pandan yo t ap prale pou pale disip Li yo, gade byen, Jésus te rankontre yo e te salye yo.

Yo te vin kote l, te kenbe pye Li, e te adore L. Jésus te di yo: “Pa pè. Ale di 8frè M yo pati pou rive nan Galilée. La, yo va wè m.”

Pandan yo te nan wout la, konsa kèk nan 9gad yo te antre lavil la pou te bay rapò a chèf prèt yo sou tout sa ki te rive yo a. Konsa, lè yo te rasanble avèk tout lansyen yo e te pran konsèy ansanm, yo te bay yon gwo sòm lajan a sòlda yo. Yo te di yo: “Nou gen pou di: ‘Disip Li yo te vini nan lannwit e te vòlè L pote ale pandan nou t ap dòmi. Si sa ta gen tan rive nan 10zòrèy Gouvènè a, n ap pale avè l pou pwoteje nou pou nou pa gen pwoblèm’”.

Alò, yo te pran kòb la, e te fè jan yo te enstwi yo. Listwa sila a te 11gaye pami Jwif yo e kontinye jouk jou sila a.

Men onz disip yo te fè wout yo pou 12Galilée, vè mòn ke Jésus te dezinye a. Lè yo te wè Li, yo te adore Li; men 13kèk te doute.

Jésus te vin pale avèk yo, e te di: 14“Mwen fin resevwa tout pouvwa nan syèl la ak sou latè. Konsa, ale 15 fè disip a tout nasyon yo, epi 16batize yo nan non Papa a, Fis la, avèk Lespri Sen an. Enstwi yo pou swiv tout sa ke Mwen te kòmande nou yo, epi konsa, 17 Mwen va avèk nou toujou jiska lafen laj yo.”

Source notes (17)
  1. Cross-reference Jn 20:1-8
  2. Cross-reference Luc 24:4
  3. Cross-reference Mat 27:66
  4. Cross-reference Dan 7:9
  5. Cross-reference Mc 14:27
  6. Cross-reference Mat 12:40
  7. Cross-reference Mat 26:32
  8. Cross-reference Jn 20:17
  9. Cross-reference Mat 27:65,66
  10. Cross-reference Mat 27:2
  11. Cross-reference Mat 9:31
  12. Cross-reference Mat 26:32
  13. Cross-reference Mc 16:11
  14. Cross-reference Dan 7:13
  15. Cross-reference Mat 15:32
  16. Cross-reference Trav 2:38
  17. Cross-reference Mat 18:20

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.