Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Luc 3

Alò nan kenzyèm ane pouvwa a Tibère César la, pandan 1Ponce Pilate te Gouvènè Juda, 2Hérode te tetrak (wa a zòn sila a), frè l Philippe te tetrak pou Liturée avèk Trachonite, e Lysanias te tetrak nan Abilène, nan tan a Anne ak Caïphe kon wo prèt, 3pawòl Bondye a te vini a Jean, fis Zacharie a, pandan l te nan dezè a.

Konsa, li te vini nan 4tout distri ki te antoure Jourdain yo, e li t ap preche yon batèm repantans pou padon peche yo. Jan sa ekri nan liv pawòl a Ésaïe yo, pwofèt la:

“Lavwa a yon moun5 k ap kriye nan dezè a,

‘Prepare chemen SENYÈ a,

Fè wout Li yo dwat, 6

Chak vale va ranpli,

E tout gwo mòn ak ti kolin va vin bese.

Kwochi yo a va vin drese,

E move wout yo va vin swa. 7

Tout chè va wè delivrans Bondye a.’”

Konsa, li te kòmanse pale avèk foul la ki te sòti avè l pou batèm nan: 8“Nou menm, nich vipè! Kilès ki te avèti nou sove kite kòlè k ap vini an? Pou sa, pote fwi ki an akò avèk repantans yo, e pa kòmanse di a nou menm: 9‘Nou gen Abraham pou papa nou’, paske mwen di nou ke menm nan wòch sa yo, Bondye kapab fè leve pitit a Abraham yo. Anverite, rach la deja poze sou rasin a bwa yo. Konsa, chak 10bwa ki pa donnen bon fwi va koupe e jete nan dife.”

Foul la ki t ap kesyone li, t ap di: 11“Alò, kisa pou nou ta fè?”

Li te reponn yo, e te di: “Ke moun ki gen de tinik lan 12pataje avèk sila ki pa genyen an, e ke sila ki gen manje a fè menm jan an.”

Anplis, 13ajan kolektè kontribisyon yo te vini pou batize. Yo t ap mande l: “Mèt, kisa nou dwe fè?”

Li te di yo: “Pa kolekte plis ke yo mande nou pran.”

Konsa, kèk sòlda t ap mande li: “Epi kisa pou nou menm fè”?

Li te di yo: “Pa pran lajan sou okenn moun pa lafòs, ni 14fè fo akizasyon kont pèsòn. Rete satisfè avèk salè nou.”

Alò, pandan pèp la t ap antisipe, e t ap reflechi nan kè yo sou Jean, 15pou konprann si se Kris la ke li te ye, 16Jean te reponn. Li te di yo tout: “Kanta mwen menm, mwen ap batize nou avèk dlo. Men gen Youn k ap vini ki pi pwisan pase m; menm lasèt sandal Li, mwen pa dign pou demare. Li va batize nou avèk Lespri Sen an, e avèk dife. Laye vannen an deja nan men L, pou netwaye glasi a nèt, e ranmase tout ble antre nan depo Li; men l ap brile pay yo avèk 17dife ki pa kapab etenn.”

Konsa, avèk anpil lòt egzòtasyon tou, Li te preche bòn nouvèl la bay pèp la.

Men lè l te bay 18Hérode, tetrak la tò akoz Hérodias, madanm a frè l la, e akoz tout mechanste ke Hérode te fè yo, Hérode te ogmante peche l sou sa yo. Li te vin 19mete Jean nan prizon. 20

Konsa, li te vin rive ke lè tout pèp la t ap batize, Jésus te batize tou. Epi pandan Li t ap priye, syèl la te vin ouvri, e Lespri Sen an te desann sou Li nan fòm tankou yon toutrèl. E yon vwa te sòti nan syèl la: 21 “Ou menm se Fis byeneme Mwen an; nan Ou menm, Mwen byen kontan.” 22

Lè L te kòmanse ministè Li, Jésus Li menm te nan laj, anviwon trant ane, e selon kwayans moun yo, fis a Joseph, fis a Héli, fis a Matthat, fis a Lévi, fis a Melchi, fis a Jannaï, fis a Joseph, fis a Mattathias, fis a Amos, fis a Nahum, fis a Esli, fis a Naggaï, fis a Maath, fis a Mattathias, fis a Sémeï, fis a Joseph, fis a Joda, fis a Joanan, fis a Rhésa, 23fis a Zorobabel, fis a Salathiel, fis a Néri, fis a Melchi, fis a Addi, fis a Kosam, fis a Elmadam, fis a Er, fis a Jésus, fis a Éliézer, fis a Jorim, fis a Matthat, fis a Lévi fis a Siméon, fis a Juda, fis a Joseph, fis a Jonam, fis a Éliakim, fis a Méléa, fis a Menna, fis a Mattatha, fis a Nathan, fis a David, 24fis a Isaï, fis a Jobed, fis a Booz, fis a Salmon, fis a Naason, fis a Aminadab, fis a Admin, fis a Arni, fis a Esrom, fis a Pharès, fis a Juda fis a Jacob, fis a Isaac 25fis a Abraham, fis a Thara, fis a Nachor, fis a Seruch, fis a Ragau, fis a Phalek, fis a Éber, fis a Sala, fis a Kaínam, fis a Arphaxad, fis a Sem, 26fis a Noé, fis a Lamech, fis a Mathusala, fis a Énoch, fis a Jared, fis a Maléléel, fis a Kaïnan, fis a Énos, fis a Seth, fis a Adam, fis a Bondye.

Source notes (26)
  1. Cross-reference Mat 27:2
  2. Cross-reference Mat 14:1
  3. Cross-reference Mat 3:1-10
  4. Cross-reference Mat 3:5
  5. Cross-reference És 40:3
  6. Cross-reference És 40:4
  7. Cross-reference És 40:5
  8. Cross-reference Mat 12:34
  9. Cross-reference Jn 8:33
  10. Cross-reference Mat 7:9
  11. Cross-reference Luc 3:12,14
  12. Cross-reference És 58:7
  13. Cross-reference Luc 7:29
  14. Cross-reference Egz 20:16
  15. Cross-reference Jn 1:19
  16. Cross-reference Mat 3:11-12
  17. Cross-reference Mc 9:43-48
  18. Cross-reference Mat 14:3
  19. Cross-reference Jn 3:24
  20. Cross-reference Mat 3:13-17
  21. Cross-reference Sòm 2:7
  22. Cross-reference Mat 4:17
  23. Cross-reference Mat 1:12
  24. Cross-reference Mat 1:16
  25. Cross-reference Jen 11:26-30
  26. Cross-reference Jen 5:3-32

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.