Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Luc 2

Alò, li te rive nan jou sa yo ke yon dekrè te sòti nan 1César Auguste, ke yon 2resansman global ta vin fèt pou tout mond lan kote moun rete. Sa se te premye resansman global ki te fèt pandan Quirinius te gouvènè a Syrie. Tout moun te kòmanse anrejistre pou resansman an, chak moun nan pwòp vil pa li.

Anplis, Joseph te monte kite Galilée nan vil Nazareth la, pou rive nan Juda, vil David, ke yo rele Bethléhem nan, akoz ke 3li te sòti nan kay ak fanmi a David, pou l ta kapab anrejistre ansanm avèk Marie, ki te fiyanse li, e ki te ansent.

Li te vin rive ke pandan yo te la, jou yo te vin rive pou l akouche. Li te 4bay nesans a premye fis li, epi li te vlope Li nan twal pou nouvo ne yo. Li te mete Li nan yon manjwa, akoz ke pa t gen plas pou Li nan otèl la.

Nan menm andwa a, te gen bèje deyò nan chan an ki t ap okipe bann mouton yo pandan nwit lan.

Konsa yon 5zanj Bondye te vin kanpe sibitman devan yo, epi glwa a Bondye te klere toutotou de yo; e yo te vin ranpli avèk laperèz. Men zanj yo te di yo: 6“Pa pè, paske gade, mwen pote bòn nouvèl a gwo lajwa ki va pou tout pèp la. Paske jodi a nan vil David la, te vin ne pou nou menm, yon 7Sovè, ki se Kris la, Senyè a. 8Epi sa va yon sign pou nou; nou va twouve yon anfan vlope nan twal, e kouche nan yon manjwa.”

Lapoula te parèt avèk zanj lan yon foul lame syèl la ki t ap fè lwanj Bondye, e ap di: 9

“Glwa a Bondye nan pi wo a,

e sou latè a, lapè pami lèzòm

ki fè L kontan yo.”

Li te rive ke lè zanj yo te kite yo pou retounen nan syèl, ke bèje yo te kòmanse di youn ak lòt: “Alò, annou ale toudwat Bethléhem pou wè bagay sa a ke Bondye fè nou konprann nan.”

Yo te fè vit pou rive e te twouve chemen pou rive kote Marie avèk Joseph, avèk pitit ki te kouche nan manjwa a. Alò, lè yo te wè sa, yo te fè konnen pawòl ki te livre a yo konsènan pitit sila a. Tout moun ki te tande sa te etone de bagay ke bèje yo t ap di yo.

Men Marie te 10kache tout sa pou sonje l, e li te reflechi sou yo nan kè li.

Bèje yo te retounen e yo 11t ap bay Bondye glwa avèk lwanj pou tout sa ke yo te tande e wè, jan ke li te pale a yo menm nan.

Lè 12uit jou te fin pase avan sikonsizyon Li te fèt, yo te bay Li non Jésus, menm non ki te bay pa zanj yo avan Li te plase nan vant lan. 13

Lè jou pou yo vin pirifye yo te rive selon Lalwa Moïse la, yo te mennen Li Jérusalem pou prezante Li devan Senyè a. (Jan li ekri nan Lalwa Senyè a: 14“Tout mal ki premye ouvri vant lan va rele sen a Bondye”), epi pou ofri yon sakrifis selon sa ki te pale nan Lalwa Senyè a, 15“yon pè toutrèl, oswa, de jenn pijon.”

Konsa, te gen yon mesye Jérusalem ki te rele Siméon. Mesye sa a te jis e devwe. Li t ap 16chache konsolasyon Israël, epi Lespri Sen an te sou li. Li te revele a li menm ke li pa t ap 17wè lanmò avan ke li te wè Kris a Senyè a. Konsa, li te nan Lespri a lè l te antre nan tanp lan nan menm lè paran Jésus yo te pote pitit la, 18pou akonpli pou Li koutim Lalwa a. Epi li te ranmase li nan bwa li. Li te beni Bondye, e te di:

“Koulye a Senyè, W ap kite sèvitè Ou a 19

pati anpè selon pawòl Ou.

Paske zye m gen tan 20wè delivrans Ou,

ke ou prepare devan tout nasyon yo;

“yon limyè revelasyon pou payen yo,

epi laglwa a pèp Ou a, Israël.”

Papa L avèk 21manman L te etone de bagay ke yo t ap di sou Li yo.

Siméon te beni yo, e te di a Marie, manman Li: “Veye byen, anfan sila a fèt pou 22tonbe ak leve a anpil moun an Israël, e pou yon sign k ap koze opozisyon. Yon nepe va travèse menm nanm pa ou, jiskaske panse a kè anpil moun kapab vin revele.”

Anplis te gen yon pwofetès, Anne, fi a Phanuel, ki te nan 23tribi Aser. Li te avanse nan laj, e li 24te viv avèk mari li pandan sèt ane apre maryaj la, answit, kon vèv jis rive nan laj katre-ven-kat ane. Li pa t janm kite tanp lan e te sèvi lajounen kon lannwit nan 25jèn ak lapriyè. Nan menm moman sila a, li te monte, e li te bay glwa a Bondye. Li te kontinye pale de Li a tout sila ki t ap 26chache redanmsyon Jérusalem nan.

Lè yo te fin acheve tout bagay selon Lalwa Senyè a, yo te retounen Galilée, nan 27pwòp vil pa yo, nan Nazareth. 28

Pitit la te kontinye grandi, e Li t ap vin fò. Li te ogmante nan sajès, e gras Bondye te sou Li.

Alò paran Li yo te konn ale Jérusalem chak ane nan 29fèt Pak Jwif la.

Lè L te vin gen douz ane, yo te monte la selon koutim fèt la. Pandan yo t ap retounen, apre 30tout jou yo te pase, jenn gason an, Jésus te rete dèyè nan Jérusalem. Men paran Li yo pa t konnen sa. Yo te sipoze ke Li te pami lòt moun yo. Yo te vwayaje pandan yon jou, e yo te kòmanse ap chache Li pami manm fanmi avèk zanmi yo.

Lè yo pa t twouve Li, yo te retounen Jérusalem pou chache Li. Konsa apre twa jou, yo te twouve Li nan tanp lan. Li te chita pami mèt yo, pou tande yo, e poze yo kesyon. Tout sila ki te tande Li yo 31te etone de jan li te konprann, ak repons ke Li te bay yo.

Lè yo te wè Li, yo te etone. Manman Li te di Li: “Pitit mwen, Poukisa Ou trete nou konsa? Gade, 32papa Ou ak mwen menm te enkyete, e nou t ap chache Ou.”

Li te di yo: “Poukisa nou t ap chache mwen? Èske nou pa t konnen ke M 33te oblije lakay Papa M?” Men 34yo pa t konprann pawòl ke Li te di yo a.

Konsa, Li te ale avèk yo, e te rive nan 35Nazareth. Li te kontinye anba otorite yo, e manman L 36te gade tout bagay sa yo nan kè l.

Epi Jésus te kontinye grandi nan sajès, ak wotè, epi nan 37gras avèk Bondye e avèk lèzòm.

Source notes (37)
  1. Cross-reference Mat 22:17
  2. Cross-reference Mat 4:24
  3. Cross-reference Luc 1:27
  4. Cross-reference Mat 1:25
  5. Cross-reference Luc 1:11
  6. Cross-reference Mat 14:27
  7. Cross-reference Mat 1:21
  8. Cross-reference I Sam 2:34
  9. Cross-reference Mat 21:9
  10. Cross-reference Luc 2:51
  11. Cross-reference Mat 9:8
  12. Cross-reference Jen 17:12
  13. Cross-reference Lev 12:6-8
  14. Cross-reference Egz 13:2,12
  15. Cross-reference Lev 5:11
  16. Cross-reference Mc 15:43
  17. Cross-reference Sòm 89:48
  18. Cross-reference Luc 2:22
  19. Cross-reference Luc 2:26
  20. Cross-reference Sòm 119:166-174
  21. Cross-reference Mat 12:46
  22. Cross-reference Mat 21:44
  23. Cross-reference Jos 19:24
  24. Cross-reference I Tim 5:9
  25. Cross-reference Luc 5:33
  26. Cross-reference Luc 1:68
  27. Cross-reference Mat 2:23
  28. Cross-reference Luc 1:80
  29. Cross-reference Egz 12:11
  30. Cross-reference Egz 12:15
  31. Cross-reference Mat 7:28
  32. Cross-reference Luc 2:49
  33. Cross-reference Jn 4:34
  34. Cross-reference Mc 9:32
  35. Cross-reference Luc 2:3
  36. Cross-reference Luc 2:19
  37. Cross-reference Luc 2:40

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.