Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Luc 1

Akoz gen anpil moun ki deja antreprann pou rasanble yon listwa de bagay ki te 1fèt pami nou yo, jis jan ke yo te lonje bay a nou menm pa men a sila yo, ki 2depi nan kòmansman an te wè avèk 3pwòp zye yo, e kon sèvitè a pawòl la, te fè nou konnen yo. Sa te sanble bon pou mwen tou, akoz ke m te fè yon ankèt konplè depi nan kòmansman an, pou m ekri sa pou nou ta byen konprann jan li te rive a, 4chè ekselans Théophile. Konsa, ou ta kapab konnen verite egzakt la, selon bagay ke ou te 5enstwi yo.

Nan jou Hérode yo, wa Juda a, te gen yon sèten prèt ki te rele Zacharie nan 6divizyon Abijah. Li te gen yon madanm ki soti nan fi Aaron yo, yo te rele Elizabeth. Yo te toude jis devan zye Bondye. Yo te mache 7san fot nan tout kòmandman ak devwa Senyè a. Men yo pa t gen pitit, akoz Elizabeth te esteril, e yo toude te avanse nan laj.

Alò, li vin rive ke pandan 8li t ap fè sèvis prèt la devan Bondye nan pwòp tan divizyon pa l, selon koutim nan pozisyon li kon prèt, li te chwazi pa tiraj osò pou 9antre nan tanp Senyè a pou brile lansan. Tout foul pèp la t ap priye 10deyò a nan lè ofrann lansan an.

Konsa, 11yon zanj Bondye te parèt kote li, e te kanpe adwat lotèl lansan an. Zacharie te twouble lè l te wè li, e12lakrent te sezi li.

Men zanj lan te di l: “Ou pa bezwen pè, Zacharie, paske sa ou te mande a, tande nan syèl la, e madanm ou, Elizabeth, va fè yon fis pou ou, e 13ou va nonmen li Jean. Ou va gen lajwa avèk kè kontan, e anpil moun va rejwi nan nesans li.

“Paske li va gran nan zye Bondye. Li p ap 14bwè ni diven, ni gwòg; e li va ranpli avèk Lespri Sen an menm lè l toujou nan vant. Li va fè anpil moun nan fis Israël yo 15retounen a Senyè a, Bondye yo a. Se li ki va ale devan Li menm, nan lespri avèk pouvwa Élie a, 16pou fè kè a papa yo retounen a zanfan yo, e dezobeyisan yo a yon lespri ladwati; pou fè prepare yon pèp pou Bondye.”

Zacharie te di a zanj lan: “Kijan m ap fè konnen sa? Paske 17mwen menm se yon granmoun, e madanm mwen avanse nan laj.”

Zanj lan te reponn li e te di: “Mwen se 18Gabriel, ki kanpe nan prezans Bondye a. Mwen te voye pou pale ak ou, e pou pote bòn nouvèl sila a. Konsa, gade. Ou va rete an silans nèt, e ou p ap kapab pale jiskaske bagay sa yo rive, paske ou pa t kwè pawòl mwen, ki va akonpli nan pwòp lè pa l la.”

Pèp la t ap tann Zacharie, e yo te etone pa reta ke li te fè nan tanp lan. Men lè l parèt li pa t kapab pale avèk yo. Konsa, yo te vin konprann ke se te yon vizyon ke li te fè nan tanp lan. Li te 19kontinye fè sign bay yo, e te rete bèbè.

Lè jou a sèvis li kon prèt te fini, li te retounen lakay li. Apre jou sa yo, Elizabeth te vin ansent. Li te kache pandan senk mwa, e te di: “Se konsa ke Senyè a aji avè m nan jou ke Li te voye gras Li sou mwen, e Li te 20retire wont mwen pami lèzòm”.

Alò, nan sizyèm mwa ansent Elizabeth la, zanj Gabriel la te voye sòti nan Bondye a yon vil nan Galilée ki te rele 21Nazareth, a yon vyèj ki te fiyanse a yon nonm ki te rele Joseph, ki te sòti nan 22desandan David yo. Vyèj la te rele Marie. Lè l te antre, li te di li: “Sali a ou menm ki twouve favè! Bondye avèk ou. Ou beni pami fanm yo!”

Men Marie 23te twouble anpil pa pawòl sa a, e li t ap reflechi sou ki kalite salitasyon sa a te ye.

Konsa zanj lan te di l: 24“Ou pa bezwen krent, Marie, paske ou gen tan twouve favè ak Bondye. Gade byen, ou va vin ansent. Ou va fè yon fis, e ou 25va bay li non a Jésus. Li va gran e Li va rele Fis a 26Pi Wo a; epi Senyè Bondye a va bay Li 27twòn a zansèt Li a, David. Li va renye sou lakay Jacob pou tout tan, 28e wayòm Li an p ap janm fini.”

Marie te di a zanj lan: “Kijan bagay sa a kapab ye, paske mwen menm se yon vyèj?”

Zanj lan te reponn. Li te di li: “Lespri Sen an va vini sou ou, e pwisans a Pi Wo a va kouvri ou avèk lonbraj Li. Pou rezon sa a, pitit sen sa a va rele Fis a Bondye. Epi veye byen, menm nan fanmi ou Elizabeth anplis gen tan vin ansent avèk yon fis nan vyeyès li, e li menm ki te rele esteril, koulye a, nan sizyèm mwa li. Paske 29anyen pa enposib avèk Bondye.”

Marie te di li: “Men gade, sèvant-devwe a Senyè a; kite sa fèt sou mwen selon pawòl ou.” Konsa, zanj lan te kite li.

Alò, nan moman sa a, Marie te leve. Li te sòti byen vit pou rive nan peyi kolin yo, nan yon 30vil yo rele Juda. Li te antre lakay a Zacharie, e te salye Elizabeth.

Li te rive ke lè Elizabeth te tande salitasyon Marie a, pitit la te sote nan vant li, epi Elizabeth te 31ranpli avèk Lespri Sen an. Li te kriye fò avèk yon gran vwa e te di: “Beni se ou pami fanm yo, e beni se fwi a vant ou an! Kijan bagay sa a rive m, ke manman 32Senyè mwen an ta vin kote mwen? Paske gade byen, lè son a salitasyon ou an te rive nan zòrèy mwen, pitit la te sote nan vant mwen avèk jwa. 33Beni se sila a ki te kwè ke sa Senyè a te pale a ta vin akonpli.”

Marie te di: 34

“Nanm mwen 35egzalte Senyè a,

Lespri 36mwen gen tan rejwi nan Bondye, Sovè mwen an.

Paske li te gade 37eta ba sèvant Li an;

paske gade byen, soti nan moman sa a

jiska tout jenerasyon yo, yo va rele m beni.

Paske Toupwisan an

te fè gwo bagay pou mwen.

Non Li sen. 38

Epi mizerikòd Li sou jenerasyon

apre jenerasyon vè sila ki krent Li yo. 39

Li fè zèv pwisan yo avèk bra Li.

Li te gaye sila avèk panse ògèy nan kè yo.

Li rale fè desann chèf yo sou twòn yo,

e Li 40egzalte sila ki enb yo. 41

Li ranpli sila ki grangou yo avèk bon bagay;

e Li voye rich yo ale avèk men vid.

Li bay sekou a Israël, sèvitè Li a,

kon yon sonj mizerikòd Li,

jan Li te pale a zansèt nou yo,

a 42Abraham avèk jenerasyon Li yo

jis pou tout tan”.

Marie te rete avèk li pandan anviwon twa mwa, e te retounen lakay li. Alò, lè te rive pou Elizabeth akouche, e li te fè yon fis. Vwazen li yo avèk fanmi li yo te tande ke Senyè a te 43montre mizerikòd Li, e yo t ap rejwi avèk li. Li te vin rive ke nan 44uityèm jou a, yo te vini pou sikonsi pitit la, e yo t ap rele li Zacharie, non a papa li. Men manman li te reponn e te di: “Non anverite, men 45l ap rele Jean.” Yo te di li: “Nanpwen pèsòn pami fanmi ou ki rele pa non sa a.” Konsa, yo te 46fè sign a papa a, pou konnen ki non li te vle bay li. Li te mande yon tablo, e te ekri konsa: 47“Non li se Jean”. Yo tout te etone. 48Konsa, nan yon sèl kou bouch li te louvri, lang li te vin lache e li te kòmanse pale e bay glwa a Bondye. Lakrent te vin tonbe sou tout sila yo ki te rete nan landwa sila a; epi tout bagay sa yo te pale nan tout 49peyi kolin a Juda yo. Tout sila ki te tande koze sa yo te 50sonje sa, e te toujou mande: “Alò, kisa nou sipoze pitit sa a va devni?” Paske men Senyè a te vrèman sou li.

Papa li, Zacharie, 51ranpli avèk Lespri Sen an, te pwofetize. Li te di:

Beni se Senyè a, Bondye Israël la,

paske li vizite nou,

Li te acheve 52redanmsyon pou pèp Li a.

Li te leve yon 53kòn sali pou nou

lakay David la, sèvitè Li a. 54

Jan Li te pale pa bouch a pwofèt Li yo depi nan ansyen tan an,

Delivrans sou 55lènmi nou yo,

ak nan men a tout sila ki rayi nou yo;

pou montre mizerikòd vè zansèt nou yo, 56

e pou sonje akò sen Li an, 57

Sèman ke Li te fè a Abraham, zansèt nou an,

pou pèmèt ke nou menm,

ki te delivre nan men lènmi nou yo,

ta kapab sèvi Li san krent, 58

nan sentete ak ladwati devan Li,

pandan tout jou nou yo.

Epi ou menm pitit, ou va rele

pwofèt a Pi Wo a;

paske ou va ale 59devan Senyè a,

pou prepare chemen Li an;

pou bay pèp Li a konesans a sali a, 60

pou padon peche pa yo.

Akoz de mizerikòd byen dous a Bondye nou an, 61

k ap fè Solèy ki leve soti anwo a vin vizite nou. 62

Pou briye sou sila ki chita nan tenèb yo

ak nan lonbraj lanmò a,

pou gide pye nou nan chemen lapè a. 63

Pitit la te kontinye grandi, e te vin fò nan lespri. Konsa, li te viv nan dezè yo jis jou li te parèt piblikman an Israël.

Source notes (63)
  1. Cross-reference Wo 4:21
  2. Cross-reference Jn 15:27
  3. Cross-reference II Pi 1:16
  4. Cross-reference Trav 23:26
  5. Cross-reference Trav 18:25
  6. Cross-reference I Kwo 24:10
  7. Cross-reference Fil 2:15
  8. Cross-reference I Kwo 24:19
  9. Cross-reference Egz 30:7
  10. Cross-reference Lev 16:17
  11. Cross-reference Luc 2:9
  12. Cross-reference Luc 2:9
  13. Cross-reference Luc 1:6-63
  14. Cross-reference Nonb 6:3
  15. Cross-reference Mat 3:2,6
  16. Cross-reference Mal 4:6
  17. Cross-reference Jen 17:17
  18. Cross-reference Dan 8:16
  19. Cross-reference Luc 1:62
  20. Cross-reference Jen 30:23
  21. Cross-reference Mat 2:23
  22. Cross-reference Mat 1:16-20
  23. Cross-reference Luc 1:12
  24. Cross-reference Mat 14:27
  25. Cross-reference És 7:14
  26. Cross-reference Mc 5:7
  27. Cross-reference II Sam 7:12-16
  28. Cross-reference II Sam 7:13-16
  29. Cross-reference Jen 18:4
  30. Cross-reference Jos 20:7
  31. Cross-reference Luc 1:67
  32. Cross-reference Luc 2:11
  33. Cross-reference Luc 1:20-48
  34. Cross-reference I Sam 2:1-10
  35. Cross-reference Sòm 34:21
  36. Cross-reference Sòm 35:9
  37. Cross-reference Sòm 138:6
  38. Cross-reference Sòm 103:17
  39. Cross-reference Sòm 98:1
  40. Cross-reference Job 5:11
  41. Cross-reference Sòm 107:9
  42. Cross-reference Jen 17:7
  43. Cross-reference Jen 19:19
  44. Cross-reference Jen 17:12
  45. Cross-reference Luc 1:13-63
  46. Cross-reference Luc 1:22
  47. Cross-reference Luc 1:13-60
  48. Cross-reference Luc 1:20
  49. Cross-reference Luc 1:39
  50. Cross-reference Trav 11:21
  51. Cross-reference Luc 1:41
  52. Cross-reference Luc 2:38
  53. Cross-reference I Sam 2:1-10
  54. Cross-reference Wo 1:2
  55. Cross-reference Sòm 106:10
  56. Cross-reference Sòm 105:8-42
  57. Cross-reference Jen 22:16
  58. Cross-reference Ef 4:24
  59. Cross-reference Mal 3:1
  60. Cross-reference Jr 31:34
  61. Cross-reference Mal 4:2
  62. Cross-reference És 9:2
  63. Cross-reference Luc 2:40

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.