Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Luc 4

1

Jésus, ranpli avèk Lespri Sen an, te retounen soti nan Jourdain an. Li te mennen pa Lespri a nan dezè a pandan 2karant jou, e Li te vin tante pa dyab la. Li pa t manje anyen pandan jou sa yo, epi lè jou yo te fini, Li te vin grangou.

Konsa, dyab la te di L: “Si Ou se fis Bondye a, kòmande wòch sila a vin pen.”

Jésus te reponn li: “Li ekri. 3‘Lòm pa viv sèlman sou pen.’” 4

Konsa, li te mennen Li monte, e te montre Li tout wayòm latè yo nan yon enstan de tan. Dyab la te di Li: “Mwen va bay Ou tout domenn sila a avèk glwa li, 5paske li livre nan men m, e mwen ap bay li a sila a ke m pito. Konsa, si Ou pwostène devan m, tout li ap vini pou Ou.”

Jésus te reponn. Li te di l konsa: “Sa ekri 6‘Ou va adore Senyè a Bondye ou a, e sèvi Li menm sèlman.’” 7

Ankò li te mennen Li Jérusalem. Li te fè L kanpe sou pwent twati tanp lan, e te di Li: “Si Ou se Fis Bondye a, voye kò Ou anba soti isit la, paske sa ekri:

‘Li va bay zanj Li yo chaj de ou pou pwoteje ou,’

epi nan men pa yo, yo va kenbe ou,

pou ou pa frape pye ou kont wòch.’”

Konsa, Jésus te reponn li, e te di: “Li konn di; 8 ‘Nou pa pou pase Senyè a, Bondye nou nan eprèv.’”

Lè dyab la te fin fè tout tantasyon yo, li te kite Li jiska yon moman konvenab. 9

Jésus te retounen Galilée anba pouvwa Lespri a. 10Nouvèl Li te gaye toupatou nan tout andwa ki antoure distri yo. Li te kòmanse 11enstwi nan sinagòg yo, e te resevwa lwanj a tout moun.

Li te vini Nazareth, kote Li te elve a, e kon koutim Li, 12Li te antre nan sinagòg la nan Saba a. Li te kanpe pou li. Yo te lonje bay Li liv a pwofèt Ésaïe a. Li te ouvri l e te twouve plas kote sa te ekri: 13

“Lespri Senyè a sou Mwen,

paske Li te onksyone M pou preche

bòn nouvèl la a malere yo.

Li te voye M pou pwoklame libète a prizonye yo,

pou fè avèg yo vin wè, pou libere sila ki oprime yo.

Pou pwoklame 14ane favorab a Senyè a.”

Li te 15fèmen liv la. Li te remèt li bay atandan an, e Li te chita. Zye a tout sinagòg la te fikse sou Li. Li te di yo: “Jodi a menm, Ekriti sila a akonpli nan zòrèy nou.”

Epi tout moun t ap pale byen de Li, e yo te etone akoz pawòl a gras ki t ap tonbe soti nan lèv Li. Yo t ap di: 16“Se pa fis a Joseph la?”

Li te di yo: “San dout nou va repete pwovèb sila pou Mwen: ‘Doktè, geri pwòp tèt Ou!’ Sa ke nou tande ke Ou te fè nan 17Capernaüm, fè l isit la lakay Ou tou.’”

Konsa, Li te di: “Anverite Mwen di nou, 18nanpwen pwofèt ki byen resevwa nan pwòp vil li. Men, Mwen di nou anverite, ke te gen anpil vèv nan Israël 19nan jou Élie yo, lè syèl la te fèmen nèt pandan twazan si mwa, lè gwo grangou te rive sou tout peyi a. Malgre sa, Élie pa t voye a okenn nan yo, men sèlman a20Sarepta, nan peyi Sidon, a yon fanm ki te yon vèv. Epi te gen anpil lèp an Israël nan tan pwofèt Élie a, men okenn pa t pirifye, men 21sèlman Naaman, yon Siryen.”

Konsa, tout sinagòg la te anraje lè yo te tande bagay sa yo; Yo te soulve, yo te 22pouse bourade Li deyò vil la, e te mennen Li nan do ti mòn a kote vil yo te bati, pou yo ta kapab jete L anba nan falèz la. Men Li te 23pase nan mitan yo, e Li te al fè wout Li.

Konsa, 24Li te desann Capernaüm, yon vil nan Galilée. Li t ap enstwi yo nan Saba a. Yo te etone de enstriksyon Li, paske 25mesaj Li yo te avèk otorite.

Te gen yon mesye nan sinagòg la ki te posede pa lespri a yon dyab enpi, e li t ap kriye avèk yon vwa fò: “Kite nou pou kont nou! 26 Kisa nou gen avè Ou, Jésus de 27Nazareth? Èske Ou vini pou detwi nou? Mwen konnen ki moun Ou ye, Sila Ki Sen a Bondye a!”

Jésus te 28reprimande li. Li te di: “Fè silans e sòti sou li!” Lè dyab la te fin jete li atè a nan mitan yo, li te sòti sou li san fè l mal.

Sezisman te pran yo tout. Yo t ap diskite youn avèk lòt e t ap di: “Ki mesaj sa a? Paske avèk otorite ak pwisans Li kòmande lespri enpi yo, e yo te sòti.” 29Nouvèl a Li menm t ap gaye toupatou nan distri ozanviwon yo. 30

Konsa, Li te leve kite sinagòg la, e Li te antre lakay Simon. Alò, bèlmè Simon t ap soufri anba yon gwo lafyèv, e yo te mande Li pou ede l. Konsa Li te kanpe anwo li; Li te 31reprimande fyèv la. Fyèv la te kite li, epi imedyatman li te leve pou sèvi yo. 32

Pandan solèy la t ap kouche, tout moun ki te gen moun malad avèk plizyè kalite maladi, te pote yo vini. Li te mete men L sou yo tout, e Li t ap geri yo. Anplis, dyab yo t ap sòti nan anpil moun. Yo t ap kriye e t ap di: “Ou se Fis Bondye a!” Men Li t ap reprimande yo. Li 33pa t kite yo pale menm, paske yo te konnen ke Li te Kris la. 34

Lè jou a te rive, Li te sòti pou te ale yon kote ki pa t gen moun. Foul la t ap chache Li, e te vini kote Li. Konsa, yo te kenbe L pou anpeche Li ale.

Men Li te di yo: “Mwen oblije preche Wayòm Bondye a nan lòt vil yo tou; 35paske Mwen te voye pou rezon sa a.” Konsa, Li te kontinye ap preche nan sinagòg36Judée yo.

Source notes (36)
  1. Cross-reference Mat 4:1-11
  2. Cross-reference Egz 34:28
  3. Cross-reference Det 8:3
  4. Cross-reference Mat 4:8-10
  5. Cross-reference I Jn 5:9
  6. Cross-reference Det 6:13
  7. Cross-reference Mat 4:5-7
  8. Cross-reference Det 6:16
  9. Cross-reference Mat 4:12
  10. Cross-reference Mat 9:26
  11. Cross-reference Mat 4:23
  12. Cross-reference Mat 13:54
  13. Cross-reference És 61:1
  14. Cross-reference És 61:1
  15. Cross-reference Luc 4:17
  16. Cross-reference Mat 13:55
  17. Cross-reference Mat 4:13
  18. Cross-reference Mat 13:57
  19. Cross-reference I Wa 17:1
  20. Cross-reference I Wa 17:9
  21. Cross-reference II Wa 5:1-14
  22. Cross-reference Nonb 15:35
  23. Cross-reference Jn 10:39
  24. Cross-reference Mc 1:21-28
  25. Cross-reference Luc 4:36
  26. Cross-reference Mat 8:29
  27. Cross-reference Mc 1:24
  28. Cross-reference Mat 8:26
  29. Cross-reference Luc 4:14
  30. Cross-reference Mat 8:14-15
  31. Cross-reference Luc 4:35-41
  32. Cross-reference Mat 8:16-17
  33. Cross-reference Mat 8:16
  34. Cross-reference Mc 1:35-38
  35. Cross-reference Mc 1:38
  36. Cross-reference Mat 4:23

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.