Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Levitik Yo 2

“‘Alò, lè yon moun prezante yon 1ofrann sereyal la kòm ofrann bay SENYÈ a, ofrann li an va avèk farin fen. Li va vide lwil sou li e mete lansan sou li. Answit, li va pote li bay fis Aaron yo, prèt yo. Li va pran ladann 2 de men plen nan farin fen ak lwil avèk tout lansan li an. Konsa, prèt la va ofri li nan lafimen kòm yon pati komemoratif la sou lotèl la, yon ofrann pa dife, yon bagay ki santi dous pou SENYÈ a. 3Rès ofrann sereyal la se pou Aaron avèk fis li yo; yon bagay ki sen pase tout, nan ofrann pa dife pou SENYÈ a.

“‘Alò, lè nou pote yon ofrann sereyal kwit nan yon fou, li va fèt avèk 4gato san ledven avèk farin fen melanje avèk lwil oubyen galèt san ledven ki kouvri avèk lwil. Si ofrann ou an se yon ofrann sereyal ki 5fèt nan pwalon, li va fèt avèk farin fen, san ledven, melanje avèk lwil. Ou va kase li an miyèt mòso e vide lwil sou li. Li se yon ofrann sereyal. Alò si ofrann ou an se yon ofrann sereyal ki fèt 6nan yon chodyè, li va fèt avèk farin fen avèk lwil. Ou va pote yon ofrann ki fèt avèk bagay sa yo bay SENYÈ a. Li va prezante a prèt la, e li va pote li devan lotèl la. Alò, prèt la va pran nan ofrann sereyal la, pati 7komemoratif la, e li va ofri li nan lafimen sou lotèl la kòm yon ofrann pa dife yon bagay ki santi dous pou SENYÈ a. 8Rès ofrann sereyal la se pou Aaron avèk fis li yo; yon bagay ki sen pase tout, nan ofrann bay SENYÈ a pa dife yo. 9

“‘Okenn ofrann sereyal, ke nou pote devan SENYÈ a p ap fèt avèk ledven, paske nou pa pou lofri nan lafimen okenn ledven ni siwo myèl kòm ofrann pa dife bay SENYÈ a. 10Kòm ofrann premye fwi, nou va pote yo bay SENYÈ a, men yo p ap monte kòm ofrann santi dous sou lotèl la. Chak ofrann sereyal de nou menm, anplis, nou va asezone li avèk sèl. Li fò ke 11sèl akò a Bondye nou an pa manke nan ofrann sereyal ou an. Avèk tout ofrann ou yo, ou va ofri sèl.

“‘Osi, si ou pote bay SENYÈ a, yon ofrann sereyal de bagay ofrann premye fwi yo, ou va pote tèt sereyal yo byen fre, boukannen nan dife, grenn moulen a rekòlt avan lè a, kòm ofrann sereyal de ofrann premye fwi yo. Alò, ou va mete lwil sou li e poze lansan sou li; li se yon ofrann sereyal. Prèt la va ofri nan lafimen 12pati pou tout moun sonje a, yon pati sereyal moulen ak lwil li, avèk tout lansan li kòm ofrann pa dife bay SENYÈ a.

Source notes (12)
  1. Cross-reference Lev 6:14-18
  2. Cross-reference Lev 5:12
  3. Cross-reference Lev 2:10
  4. Cross-reference Egz 29:2
  5. Cross-reference Lev 6:21
  6. Cross-reference Lev 7:9
  7. Cross-reference Lev 2:2-16
  8. Cross-reference Egz 34:25
  9. Cross-reference Egz 23:15
  10. Cross-reference Egz 34:22
  11. Cross-reference II Kwo 13:5
  12. Cross-reference Lev 2:2

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.