Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Levitik Yo 1

Alò, 1SENYÈ a te rele Moïse, e Li te pale avèk li depi nan tant asanble a. Li te di: “Pale a fis Israël yo pou di yo: ‘Lè nenpòt moun nan nou pote yon ofrann bay SENYÈ a, nou va pote ofrann bèt ki sòti nan 2twoupo a, oswa nan bann mouton an.

“‘Si ofrann li an se yon ofrann 3brile ki sòti nan twoupo a, li va ofri li; yon mal san defo. Li va ofri li nan pòtay tant asanble a, pou li kapab aksepte devan SENYÈ a. 4Li va poze men li sou tèt ofrann brile a, e ofrann la va aksepte pou li, pou fè ekspiyasyon pou li. Li va touye jenn towo a devan SENYÈ a. Konsa, fis Aaron yo, ki se prèt yo, va ofri 5san an e 6flite li toutotou lotèl ki nan pòtay tant asanble a. 7 Li va, answit, kòche ofrann brile a e koupe li an mòso. 8Fis Aaron yo, prèt la, va mete dife sou lotèl la e ranje bwa yo sou dife a. Alò fis Aaron yo, prèt yo, va ranje mòso yo, tèt la avèk 9grès ren an sou bwa ki sou lotèl la. Men 10zantray li yo avèk janm li yo, moun nan va lave yo avèk dlo. Epi 11prèt la va brile li nèt sou lotèl la kòm yon ofrann brile, yon ofrann pa dife, yon bagay ki santi dous pou SENYÈ a.

“‘Men si ofrann li an sòti nan bann bèt la, mouton oswa kabrit kòm yon ofrann brile, li va ofri li yon 12mal, san defo. 13Li va touye li sou kote nò lotèl la, devan SENYÈ a, epi fis Aaron yo, prèt yo, va flite san li toutotou lotèl la. Li va, answit, koupe li an mòso, avèk tèt li ak 14grès ren li. Prèt la va ranje yo sou bwa ki sou dife ki sou lotèl la. Men zantray li yo avèk janm yo, moun nan va lave yo avèk dlo. Epi 15prèt la va ofri tout nèt, e ofri li nan lafimen sou lotèl la. Li se yon ofrann brile, yon ofrann pa dife, yon bagay ki santi dous pou SENYÈ a.

“‘Men si ofrann li an bay SENYÈ a se yon ofrann brile fèt ak zwazo, alò, li va pote ofrann li an ak 16toutrèl oswa jèn ti pijon. Prèt la va ofri li sou lotèl la, e tòde kou li pou ofri li nan lafimen sou lotèl la; konsa, san li va koule 17sou kote lotèl la. Li va osi retire fal li avèk plim li yo e voye li sou kote lès lotèl la, nan plas 18sann yo. Li va chire li pa zèl li, 19san fin separe l nèt. Konsa, prèt la va ofri li nan lafimen sou lotèl la, sou bwa ki sou dife a. Li se yon ofrann brile, yon ofrann pa dife yon bagay ki santi dous devan SENYÈ a.

Source notes (19)
  1. Cross-reference Egz 19:3
  2. Cross-reference Lev 22:18
  3. Cross-reference Lev 6:8-13
  4. Cross-reference Egz 29:10
  5. Cross-reference Lev 17:11
  6. Cross-reference Eb 12:24
  7. Cross-reference Lev 7:8
  8. Cross-reference Lev 6:8-13
  9. Cross-reference Lev 3:3-4
  10. Cross-reference Egz 12:9
  11. Cross-reference Nonb 28:11-14
  12. Cross-reference Éz 43:22
  13. Cross-reference Egz 24:6
  14. Cross-reference Lev 3:3-4
  15. Cross-reference Nonb 15:4-7
  16. Cross-reference Lev 5:7-11
  17. Cross-reference Lev 5:9
  18. Cross-reference Lev 6:10
  19. Cross-reference Jen 15:10

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.