Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Egzòd 40

Alò SENYÈ a te pale avèk Moïse. Li te di: “1Nan premye jou mwa a ou va monte tabènak tant reyinyon an. 2Ou va plase lach temwayaj la, e ou va kouvri lach la avèk vwal la. Ou va 3mennen tab la antre, e ou va ranje li avèk sa ki dwe sou li. Konsa, ou va mennen fè antre chandelye a, e limen lanp li yo.

“Anplis, ou va 4plase lotèl lò a pou lansan devan lach temwayaj la, e ou va monte vwal la pou pòtay tabènak tant reyinyon an.

“Ou va plase lotèl ofrann brile a devan pòtay a tabènak tant reyinyon an. Ou va plase basen lave a antre tant reyinyon an ak lotèl la e ou va mete dlo nan li.5 Ou va monte galeri a toutotou e ou va pann vwal la pou pòtay galeri a.

“Epi ou va pran lwil onksyon an e ou va 6onksyone tabènak la ak tout sa ki ladann. Konsa, ou va konsakre li avèk tout afè li yo, epi li va sen. Ou va onksyone lotèl ofrann brile a ak tout bagay itil li yo, epi ou va konsakre lotèl la. Konsa, 7lotèl la va vin sen pase tout bagay. Ou va onksyone basen lave a ak baz li, e ou va konsakre li.

“Konsa, ou va 8mennen Aaron ak fis li yo vè pòtay tant reyinyon an, e ou va lave yo avèk dlo. 9Ou va mete vètman sen yo sou Aaron. Ou va onksyone Aaron, e konsakre li, pou li kapab vin sèvi kòm prèt Mwen. Ou va mennen fis li yo pou mete tinik sou yo. Konsa, ou va onksyone yo jis jan ke ou te onksyone papa yo, pou yo kapab vin sèvi kòm prèt pou Mwen. Onksyon pa yo va kalifye yo kòm prèt 10pou tout tan atravè tout jenerasyon pa yo.”

Se konsa Moïse te fè. Selon tout sa ke SENYÈ a te kòmande li yo, konsa li te fè.

Alò, 11nan premye mwa nan dezyèm ane a, nan premye jou mwa a, tabènak la te monte. Moïse te monte tabènak la. Li te poze baz reseptikal li yo, li te monte planch li yo, li te pozisyone travès li yo, e li monte pilye li yo. Li te louvri tant lan sou tabènak la e li te mete kouvèti tant lan anwo li, jis jan ke SENYÈ a te kòmande Moïse la.

Konsa, li te pran 12temwayaj la pou fè l antre nan lach la. Li te tache poto yo nan lach la, e li te mete chèz pwopyatwa a sou lach la. Li te mennen lach la nan tabènak la, e li te 13monte yon vwal pou separe l. Li te separe lach temwayaj la, jis jan ke SENYÈ a te kòmande Moïse la.

Anplis li te mete 14tab la nan tant reyinyon an sou kote nò tabènak la, deyò vwal la. Li te plase 15pen, byen ranje an lòd devan SENYÈ a jis jan ke SENYÈ a te kòmande Moïse la.

Alò, li te mete chandelye a nan tant reyinyon an, sou kote sid tabènak la. Li te 16limen lanp yo devan SENYÈ a, jis jan ke SENYÈ a te kòmande Moïse la.

Epi li te 17plase lotèl lò a nan tant reyinyon an pa devan vwal la. Li te 18brile lansan santi bon an sou li, jis jan ke SENYÈ a te kòmande Moïse la.

Alò, li te monte vwal pòtay tabènak la. Li te 19plase lotèl ofrann brile a devan pòtay tabènak tant reyinyon an, e li te 20ofri sou li ofrann brile a ak ofrann sereyal la, jis jan ke SENYÈ a te kòmande Moïse la.

Li te plase basen lave a antre tant reyinyon an ak lotèl la, e li te mete dlo ladann pou lave. 21Nan li, Moïse avèk Aaron avèk fis li yo te lave men yo avèk pye yo. Lè yo te antre nan tant reyinyon an, e lè yo te apwoche lotèl la, yo te lave, jis jan ke SENYÈ a te kòmande Moïse la.

Li te 22monte galeri a toutotou tabènak la ak lotèl la, e li te pandye vwal la pou pòtay galeri a. Konsa, Moïse te fin fè travay la. 23

Alò, nyaj la te kouvri tant reyinyon an, e laglwa SENYÈ a te ranpli tabènak la. Moïse 24pa t kapab antre nan tant reyinyon an, paske nyaj la te poze sou li, e laglwa SENYÈ a te ranpli tabènak la.

Pandan tout vwayaj pa yo, 25nenpòt lè ke nyaj la te leve anwo sou tabènak la, fis Israël yo te leve sòti pou fè vwayaj; men 26si nyaj la pa t leve, alò, yo pa t vwayaje jis rive jou ke li te leve a. Paske pandan tout vwayaj yo, 27nyaj SENYÈ a te sou tabènak la nan lajounen, e li te gen dife ladann lannwit, devan zye a tout kay Israël la.

Source notes (27)
  1. Cross-reference Egz 19:1
  2. Cross-reference Egz 26:33
  3. Cross-reference Egz 26:35
  4. Cross-reference Egz 40:26
  5. Cross-reference Egz 30:18
  6. Cross-reference Egz 30:26
  7. Cross-reference Egz 29:37
  8. Cross-reference Lev 8:1-6
  9. Cross-reference Egz 28:41
  10. Cross-reference Egz 29:9
  11. Cross-reference Egz 40:2
  12. Cross-reference II Kwo 5:10
  13. Cross-reference Egz 26:33
  14. Cross-reference Egz 26:35
  15. Cross-reference Egz 25:30
  16. Cross-reference Egz 25:37
  17. Cross-reference Egz 30:6
  18. Cross-reference Egz 30:7
  19. Cross-reference Egz 40:6
  20. Cross-reference Egz 29:38-42
  21. Cross-reference Egz 30:19-20
  22. Cross-reference Egz 27:9-18
  23. Cross-reference Nonb 9:15-23
  24. Cross-reference I Wa 8:11
  25. Cross-reference Nonb 9:17
  26. Cross-reference Nonb 9:19-22
  27. Cross-reference Sòm 78:14

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.