Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Levitik Yo 3

“‘Alò, si ofrann li an se yon ofrann lapè, si li pral ofri sòti nan twoupo a, kit se mal, kit se femèl, li va ofri li 1san defo devan SENYÈ a. 2Li va mete men li sou tèt ofrann li an, e 3touye li nan pòtay tant asanble a. Epi fis Aaron yo, prèt yo, va flite san li toupatou sou lotèl la. Soti nan sakrifis ofrann lapè yo, li va prezante yon ofrann pa dife bay SENYÈ a, avèk grès ki kouvri zantray yo ak tout grès ki tache a zantray yo, epi de ren yo avèk grès ki sou yo a, ki sou senti a, ak gwo mòso fwa a, ke li va retire avèk ren yo. Answit, fis Aaron yo va ofri li nan lafimen sou lotèl la 4sou ofrann brile ki sou bwa ki sou dife a. Li se yon ofrann pa dife, yon bagay ki santi dous pou SENYÈ a.

“‘Men si ofrann li an pou yon sakrifis ofrann lapè pou SENYÈ a, sòti nan bann bèt la, li va ofri li, mal oswa femèl 5san defo. Si li pral ofri yon jenn mouton pou ofrann li an, alò, li va ofri li 6devan SENYÈ a. Epi 7li va poze men li sou tèt ofrann li an e 8touye li devan tant asanble a, epi fis Aaron yo va flite san li toupatou sou lotèl la. Soti nan 9ofrann sakrifis lapè a, li va pote kòm ofrann pa dife bay SENYÈ a, grès li, tout grès ke li menm, moun nan va retire pre zo do a, ak grès ki kouvri zantray yo ak tout grès ki tache sou zantray yo. Epi de ren yo avèk grès ki sou yo a, ki sou pati ba senti a, ak gran bout fwa a, ke li va retire 10avèk ren yo. Answit, prèt la va ofri li nan lafimen sou lotèl la tankou 11manje, yon ofrann pa dife bay SENYÈ a.

“‘Anplis, si ofrann li an se 12yon kabrit, alò, li va ofri li devan SENYÈ a. Li va poze men l sou tèt li e touye li devan tant asanble a, epi fis Aaron yo va flite san li toupatou sou lotèl la. Soti nan li, li va prezante ofrann li kòm ofrann pa dife bay SENYÈ a; grès ki kouvri zantray yo ak tout grès ki tache sou zantray yo, ak de ren yo avèk grès ki sou yo a, ki sou pati ba senti a, ak gwo bout fwa a, ke li va retire 13avèk ren yo. Prèt la va ofri yo nan lafimen sou lotèl la tankou manje, yon ofrann pa dife bagay ki santi dous; 14tout grès se pou SENYÈ a.

“‘Li se yon règleman pou tout tan atravè tout jenerasyon nou yo, nan tout abitasyon nou yo: nou pa pou manje okenn grès, 15ni okenn san.’”

Source notes (15)
  1. Cross-reference Lev 1:3
  2. Cross-reference Lev 1:4
  3. Cross-reference Egz 29:11-20
  4. Cross-reference Egz 29:38-42
  5. Cross-reference Lev 3:1
  6. Cross-reference Lev 17:8-9
  7. Cross-reference Lev 1:4
  8. Cross-reference Lev 3:2
  9. Cross-reference Lev 17:5
  10. Cross-reference Lev 3:4-15
  11. Cross-reference Lev 3:16
  12. Cross-reference Nonb 15:6-11
  13. Cross-reference Lev 3:4
  14. Cross-reference Lev 7:23-25
  15. Cross-reference Lev 7:26

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.