Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Levitik Yo 4

Alò SENYÈ a te pale avèk Moïse. Li te di: “Pale avèk fis Israël yo. Di yo: ‘Si yon moun peche san movèz entansyon nan nenpòt bagay ke SENYÈ a te kòmande pou pa fè, e ki fèt pa nenpòt nan yo, 1si prèt onksyon an fè peche e mennen koupabilite sou pèp la, alò, kite li ofri bay SENYÈ a yon towo san defo, kòm ofrann peche pou peche ke li te komèt la.

“‘Li va pote towo a nan pòtay tant asanble a devan SENYÈ a. 2Li va poze men l sou tèt towo a e touye li devan SENYÈ a. Alò, prèt 3onksyone a dwe pran kèk nan san towo a pou pote li vè tant asanble a. Konsa, prèt la va fonse dwèt li nan san an, e flite kèk nan san an sèt fwa devan SENYÈ a, devan 4vwal sanktyè a. Prèt la va osi mete kèk nan san an sou kòn 5lotèl lansan santi bon an ki devan SENYÈ a nan tant asanble a, epi tout san towo a, li va vide li nan baz lotèl ofrann brile ki nan pòtay tant asanble a. 6Li va retire sou li tout grès towo ofrann peche a: grès ki kouvri zantray yo ak tout grès ki tache sou zantray yo, ak de ren avèk grès ki sou yo a, ki sou pati ba senti a, ak gwo mòso fwa a, ke li va retire 7avèk ren yo, (jis jan ke li retire nan bèf sakrifis ofrann lapè a), epi prèt la dwe ofri yo nan lafimen sou lotèl ofrann brile a. Men 8po towo a ak tout chè li avèk tèt li, janm li yo, zantray li yo ak watè li, ki se, tout rès towo a, li dwe pote li yon 9 kote ki pwòp deyò kan an, kote sann dife vide, epi brile li sou bwa avèk dife a. Kote sann yo vide, se la li va brile. 10

“‘Alò, si tout asanble Israël la vin fè yon erè, e bagay la chape atansyon asanble a, epi yo komèt nenpòt nan bagay ke SENYÈ a te kòmande pou yo pa fè, e yo vin koupab; lè peche ke yo te komèt la, vin konnen, alò, asanble a va ofri yon 11towo nan twoupo a kòm yon ofrann peche, e yo va pote li devan tant asanble a. Answit, 12ansyen nan asanble yo va poze men yo sou tèt towo a devan SENYÈ a, epi towo a va touye devan SENYÈ a. Answit, prèt onksyone a dwe pote kèk nan san towo a nan tant asanble a. Konsa, 13prèt la va fonse dwèt li nan san an e flite li sèt fwa devan SENYÈ a, devan vwal la. Li va mete kèk nan san sou kòn 14lotèl ki devan SENYÈ a nan tant asanble a; epi rès san li va vide nan baz lotèl ofrann brile ki nan pòtay tant asanble a. 15Li va retire tout grès li ladann e li va ofri li nan lafimen sou lotèl la. Li va osi fè avèk towo a menm bagay li te fè avèk 16towo ofrann peche a; se konsa li va fè avè l. Konsa, 17prèt la va fè ekspiyasyon pou yo, e yo va vin padone. Answit, li dwe pote towo a yon kote deyò kan an pou brile li jan li te brile premye towo a. Li se 18ofrann peche pou asanble a.

“‘Lè 19yon dirijan fè peche, e san movèz entansyon vin fè nenpòt nan bagay ke SENYÈ a, Bondye te kòmande pou li pa fè yo, e li vin koupab, si peche ke li te fè a vin konnen a li menm, li va pote pou ofrann li, yon 20kabrit, yon mal san defo. Li va poze men li sou tèt mal kabrit la e touye li nan plas kote yo touye ofrann brile devan SENYÈ a. Li se yon ofrann peche. Answit, prèt la dwe pran kèk nan san ofrann peche a avèk dwèt li e mete li sou 21kòn lotèl pou ofrann brile a. Konsa, rès san li an, prèt la va vide nan baz lotèl ofrann brile a. 22Tout grès li a, prèt la va ofri nan lafimen sou lotèl la menm jan an nan ka grès sakrifis ofrann lapè a. Konsa prèt la va fè ekspiyasyon pou li selon peche pa li, e li va vin padone.

“‘Alò, si nenpòt moun pami pèp òdinè a peche 23san movèz entansyon nan fè nenpòt nan bagay ke SENYÈ a te kòmande pou pa fè yo, e li vin koupab, si peche li a vin konnen a li menm, alò, li va pote pou ofrann pa li a, yon 24kabrit, yon femèl san defo, pou peche ke li te komèt la. 25Li va poze men l sou tèt ofrann peche a, e li va touye ofrann peche a nan menm plas ofrann brile a. Prèt la va pran kèk nan san li an avèk dwèt li, e li va mete li sou kòn 26lotèl ofrann brile a; epi tout rès san li an, prèt la va vide l nan baz lotèl la. 27Answit, li va retire tout grès li, jis jan grès la te retire nan sakrifis ofrann lapè yo; epi prèt la va ofri li nan lafimen sou lotèl la pou yon odè santi bon pou SENYÈ a. Konsa prèt la va fè ekspiyasyon pou li, e li va vin padone.

“‘Men si li pote yon 28jenn mouton kòm ofrann li pou ofrann peche a, li va pote li, yon femèl san defo. 29Li va poze men l sou tèt ofrann peche a, e li va touye li kòm yon ofrann peche 30nan plas kote yo touye ofrann brile a. Prèt la dwe pran kèk nan san ofrann peche a avèk dwèt li e mete li sou kòn 31lotèl ofrann brile a, epi tout rès san li an, prèt la va vide li nan baz lotèl la. Answit, li va retire tout grès li, menm jan grès jenn mouton an te retire nan sakrifis ofrann lapè yo, epi prèt la va ofri yo nan lafimen bay SENYÈ a. Konsa 32prèt la va fè ekspiyasyon pou li selon peche li, sa ke li te komèt la, e li va vin padone.

Source notes (32)
  1. Cross-reference Lev 4:14-28
  2. Cross-reference Lev 1:4
  3. Cross-reference Lev 4:3-17
  4. Cross-reference Egz 40:21-26
  5. Cross-reference Lev 8:15
  6. Cross-reference Lev 3:3-4
  7. Cross-reference Lev 3:4
  8. Cross-reference Lev 9:11
  9. Cross-reference Lev 4:21
  10. Cross-reference Nonb 15:24-26
  11. Cross-reference Lev 4:3-28
  12. Cross-reference Lev 8:14-22
  13. Cross-reference Lev 4:6
  14. Cross-reference Lev 4:7-34
  15. Cross-reference Lev 4:8
  16. Cross-reference Lev 4:8-21
  17. Cross-reference Nonb 15:25
  18. Cross-reference Lev 4:13
  19. Cross-reference Nonb 31:13
  20. Cross-reference Lev 4:3-28
  21. Cross-reference Lev 4:7-34
  22. Cross-reference Lev 4:19
  23. Cross-reference Lev 4:2
  24. Cross-reference Lev 4:3-32
  25. Cross-reference Lev 1:4
  26. Cross-reference Lev 4:7-34
  27. Cross-reference Lev 4:8
  28. Cross-reference Lev 4:28
  29. Cross-reference Lev 1:4-5
  30. Cross-reference Lev 4:29
  31. Cross-reference Lev 4:7-30
  32. Cross-reference Lev 4:20

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.