Bib Sen An
Lamantasyon Yo 5
Sonje, O SENYÈ, sa ki te rive nou an.
Gade pou wè 1repwòch nou.
Eritaj nou te bay kon don a 2etranje yo,
kay nou yo a moun nou pa konnen.
Nou te devni òfelen 3san papa.
Manman nou yo tankou vèv.
Nou oblije achte 4dlo pou nou bwè.
Bwa nou se pou vann, yo vann nou li.
Sila k ap kouri dèyè nou yo rive sou kou nou.
Nou vin bouke nèt. 5
Nanpwen repo pou nou.
Nou te vin soumèt devan 6Egypte ak Assyrie
pou nou jwenn ase pen. 7
Papa zansèt nou yo te peche,
men yo pa la ankò;
se nou menm ki te pote inikite pa yo.
Se 8esklav yo k ap domine sou nou;
nanpwen moun ki pou delivre nou nan men yo.
Nou 9riske lavi nou pou jwenn pen
akoz nepe nan dezè a.
Po nou vin 10kwit tankou yon fou,
akoz gwo chalè grangou a.
Yo te ravaje tout 11fanm Sion yo;
vyèj lavil a Juda yo.
Prens yo te pann pa men yo; 12
ansyen yo te vin pa respekte.
Jennonm yo te 13fòse travay devan moulen an
e timoun yo te kilbite anba gwo chaj bwa yo.
Ansyen yo ale kite pòtay la;
jennonm yo ale kite 14mizik yo.
Jwa nan kè nou vin 15sispann;
danse vin ranplase pa fè dèy.
Kouwòn nan soti sou tèt nou; 16
malè a nou menm, paske nou te peche!
Akoz sa, 17kè nou febli;
akoz bagay sa yo, zye nou pa wè klè.
Akoz 18Mòn Sion ki kouche dezole nèt,
rena yo fè patwouj ladann.
Ou menm, O SENYÈ, Ou renye jis pou tout tan; 19
twòn Ou se de jenerasyon an jenerasyon.
Poukisa Ou 20bliye nou jis pou tout tan?
Poukisa Ou abandone nou jis rive tout tan sa a? 21
Restore nou a Ou menm O SENYÈ,
pou nou ka vin restore.
Fè jou nou yo vin jan yo te ye nan tan pase yo.
Men 22Ou deja fin rejte nou nèt.
Ou rete byen fache nèt ak nou.
Source notes (22)
- Cross-reference Sòm 44:13-16
- Cross-reference És 1:7
- Cross-reference Egz 22:24
- Cross-reference És 3:1
- Cross-reference Né 9:36-37
- Cross-reference Os 9:3
- Cross-reference Jr 14:20
- Cross-reference Né 5:15
- Cross-reference Jr 40:9-12
- Cross-reference Job 30:30
- Cross-reference És 13:16
- Cross-reference És 47:6
- Cross-reference Jij 16:21
- Cross-reference És 24:8
- Cross-reference Jr 25:10
- Cross-reference És 3:9-11
- Cross-reference És 1:5
- Cross-reference Mi 3:12
- Cross-reference Sòm 45:6
- Cross-reference Sòm 13:1
- Cross-reference Sòm 80:3
- Cross-reference Sòm 60:1-2
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.