Bib Sen An
Ézéchiel 1
Alò, li te vin rive nan trèzyèm ane, sou senkyèm jou a Katriyèm mwa a, pandan mwen te akote rivyè Kebar a, pami egzile yo, ke 1syèl yo te louvri, e mwen te wè vizyon a Bondye.
(Sou senkyèm jou nan mwa a, nan senkyèm ane egzil a Wa Jojakin nan, 2Pawòl SENYÈ a te rive eksprè a Ézéchiel, prèt la, fis a Buzi, nan peyi Kaldeyen yo akote rivyè Kebar a; epi la, men SENYÈ a te vini sou li.)
Pandan mwen t ap gade, men gade byen, yon 3van tanpèt te vini soti nan nò, yon gwo nwaj ak loraj ki t ap tire san rete; yon limyè byen klere te antoure l e nan mitan l, yon bagay tankou metal ki klere nan mitan dife a. Anndan li, te gen fòm ki te sanble 4kat kreyati vivan. Men ki jan yo te parèt: yo te gen yon fòm tankou moun. Yo chak te gen 5kat figi ak kat zèl. Janm yo te dwat, pye yo te tankou zago jenn bèf, e yo te klere tankou 6bwonz poli. Anba zèl yo, nan kat kote yo, te gen 7men a moun. Yo kat te gen figi ak zèl yo konsa: Zèl pa yo te jwente youn lòt. Yo pa t vire lè yo te deplase. Yo chak te 8ale tou dwat devan.
Pou 9fòm a figi yo a, yo chak te gen figi tankou a yon moun. Toule kat te gen figi a yon lyon adwat, figi a yon towo agoch, e toule kat te gen figi a yon èg. Se konsa figi yo te ye. Zèl yo te ouvri anlè. Yo chak te gen de ki te touche a yon lòt kreyati e 10 de ki te kouvri kò yo. Epi yo chak te ale tou dwat devan. 11Nenpòt kote lespri a te prèt pou ale, yo ta ale, san menm vire pandan yo t ap prale a. Nan mitan kreyati vivan yo, te gen yon bagay ki te sanble ak 12chabon dife, tankou tòch ki t ap file fè ale retou pami kreyati vivan yo. Dife a te klere e loray te vòltije soti nan dife a. Epi kreyati vivan yo te 13kouri fè ale retou tankou kout loray.
Alò, pandan mwen t ap gade kreyati vivan yo, gade byen, te gen yon 14wou sou tè a akote kreyati vivan yo, pou chak nan kat fas de yo. Wou yo te sanble, jan yo te fèt la, tankou yon 15wòch krizolit briyan. E toule kat te gen menm fòm. Nan aparans la, jan yo fè l la, yo te fèt konsi yon wou te anndan yon lòt wou. Nenpòt lè yo deplase, yo te deplase nan nenpòt nan kat direksyon yo, 16san menm vire pandan yo t ap deplase a. Wotè a wou yo te tèlman wo. Yo te etonan. Arebò toule kat te 17plen ak zye toutotou l nèt.
Nenpòt lè kreyati vivan yo te deplase, wou yo te deplase avèk yo. Epi nenpòt lè kreyati vivan yo te 18 leve kite tè a, wou yo te leve tou. 19Nenpòt kote lespri a te prèt pou ale, yo ta ale nan direksyon sa a. Epi wou yo te leve toupre bò kote yo; paske lespri a kreyati vivan yo te nan wou yo. 20Nenpòt kote sa yo te ale, sila yo te ale tou. Lè sa yo te kanpe an plas, sila yo te kanpe an plas tou. Epi nenpòt lè sa yo te monte kite tè a, wou yo te leve toupre bò kote yo; paske lespri a kreyati vivan yo te nan wou yo.
Alò, 21anwo tèt a kreyati vivan yo, te gen yon bagay tankou yon gwo espas, tankou yon briyans mèvèy kon kristal, ki te ouvri byen laj sou tèt yo. Anba gwo espas la, zèl yo te lonje dwat, youn anvè lòt. Yo chak te gen 22de zèl ki te kouvri kò l tou, youn yon kote e youn yon lòt kote. Anplis, mwen te tande son a zèl yo tankou son anpil gwo dlo pandan yo t ap prale, tankou vwa a Toupwisan an, yon son a gwo boulvèsman, tankou son a yon lame ki nan kan li. Nenpòt lè yo sispann fè mouvman, yo lage desann zèl yo.
Konsa, te sòti yon vwa depi anwo 23 gran espas lan ki te sou tèt pa yo. Nenpòt lè yo te sispann fè mouvman, yo te lage desann zèl yo. Alò, anwo gwo espas ki te anwo tèt yo a, te gen yon bagay ki 24te sanble ak yon twòn, tankou yon pyè safì nan aparans. Epi sou sa ki te sanble a yon twòn nan, byen wo, te gen yon fòm ak aparans a yon nonm. Sa mwen te wè, te soti nan aparans a ren Li ak piwo, yon bagay tankou metal klere ki te sanble dife toutotou anndan l. Soti nan aparans a ren Li e piba, mwen te wè yon bagay tankou dife, epi te gen yon ekla limyè ki te antoure Li. Menm jan ak aparans a 25lakansyèl nan nwaj yo nan jou l ap fè lapli, konsa aparans a ekla limyè ki te antoure li a te ye.
Konsa aparans a imaj a glwa a SENYÈ a te ye. Lè m te wè l, mwen te tonbe sou figi mwen, e mwen te tande yon vwa ki t ap pale.
Source notes (25)
- Cross-reference Mat 3:16
- Cross-reference II Pi 1:21
- Cross-reference És 21:1
- Cross-reference Éz 10:15
- Cross-reference Éz 1:10
- Cross-reference Dan 10:6
- Cross-reference Éz 10:8-21
- Cross-reference Éz 1:12
- Cross-reference Rev 4:7
- Cross-reference És 6:2
- Cross-reference Éz 1:20
- Cross-reference Sòm 104:4
- Cross-reference Za 4:10
- Cross-reference Éz 1:19-21
- Cross-reference Éz 10:9
- Cross-reference Éz 1:9-12
- Cross-reference Éz 10:12
- Cross-reference Éz 10:19
- Cross-reference Éz 1:12
- Cross-reference Éz 10:17
- Cross-reference Éz 10:1
- Cross-reference Éz 1:6-11
- Cross-reference Éz 1:22
- Cross-reference És 6:1
- Cross-reference Jen 9:13
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.