Bib Sen An
Ézéchiel 2
Li te di mwen: “Fis a lòm, 1kanpe sou pye ou pou m ka pale avèk ou!” Pandan Li t ap pale ak mwen an, 2Lespri a te antre nan mwen. Li te mete mwen sou pye mwen, epi mwen te tande Li pale ak mwen.
Li te di m: “Fis a lòm, Mwen ap voye ou kote fis Israël yo, a yon pèp rebèl ki te fè rebèl kont Mwen. 3Yo menm ak papa zansèt yo te transgrese kont Mwen jis rive jodi a. M ap voye ou kote sila yo ki angran, ki gen 4tèt di. Ou va di yo: ‘Konsa pale Senyè BONDYE a.’ Pou yo menm, menm si yo koute oswa pa koute—paske se kay rebèl ke yo ye—yo va 5konnen ke yon pwofèt te pami yo. Epi ou menm, fis a lòm, 6pa krent yo ni krent pawòl yo, malgre pikan ak zepin avèk ou, e malgre ou chita pami eskòpyon yo. Ni pa krent pawòl yo, ni twouble nan prezans yo, paske se yon kay rebèl ke yo ye. Men ou va 7pale pawòl Mwen yo avèk yo, menm si yo koute oswa yo pa koute, paske se rebèl yo ye. Alò, ou menm, fis a lòm, koute sa ke M ap pale ou a. Pa vin fè rebèl tankou kay rebèl sila a. Ouvri bouch ou pou 8manje sa ke M ap bay ou a.”
Konsa, mwen te gade e gade byen, yon men te lonje vè mwen menm. Epi alò, yon 9woulo liv te ladann. Lè L te louvri li devan mwen, li te ekri ni pa devan ni pa dèyè, e ekri sou li, se te lamantasyon, doulè ak 10mizè.
Source notes (10)
- Cross-reference Dan 10:11
- Cross-reference Éz 3:24
- Cross-reference Éz 20:18-30
- Cross-reference Sòm 95:8
- Cross-reference Éz 33:33
- Cross-reference És 51:12
- Cross-reference Jr 1:7-17
- Cross-reference Jr 15:16
- Cross-reference Jr 36:2
- Cross-reference És 3:11
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.