Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Ézéchiel 3

Li te di mwen: “Fis a lòm, manje sa ou jwenn. 1Manje woulo sa a pou ale pale ak lakay Israël.”

Konsa, mwen te louvri bouch mwen e2Li te lonje ban m woulo a pou manje.

Li te di mwen: “Fis a lòm, bay vant ou manje, e plen kò ou ak woulo sa ke Mwen ap bay ou a.”

Alò, mwen te manje li. Li te dous kon siwo myèl nan bouch mwen.

Konsa, Li te di mwen: “Fis a lòm, ale lakay Israël pou pale pawòl Mwen yo avèk yo. Paske 3ou p ap voye kote yon pèp ak langaj ki difisil, men a pèp Israël la. Ni a anpil pèp ak pawòl ki pa ka konprann, ni lang difisil, ak pawòl ke ou p ap ka konprann. Men Mwen voye ou kote sila ki ta dwe koute ou yo. Malgre sa, lakay Israël p ap dakò koute ou, akoz yo p ap dakò koute Mwen menm. 4Anverite, tout lakay Israël gen tèt di e wondonmon. Gade byen, Mwen te fin fè figi ou di kont figi yo, e fwontèn ou di kont fwontèn yo. Tankou dyaman, pi di pase silèks, Mwen te fè fwontèn ou. Pa krent yo ni vin twouble devan yo, malgre yo se yon kay rebèl.”

Anplis, Li te di mwen: “Fis a lòm, pran mete nan kè ou tout 5pawòl Mwen yo, ke Mwen va pale a ou e koute ak atansyon. Ale kote egzile yo, fis a pèp ou yo. Pale ak yo e di yo, menm si yo koute oswa yo pa koute: ‘Konsa pale Senyè BONDYE a.’”

Konsa, 6Lespri a te leve mwen monte e mwen te tande yon gwo bri k ap gwonde dèyè m: “Beni se glwa SENYÈ a nan plas Li a.” Epi mwen te tande zèl a kreyati vivan yo, youn k ap touche lòt e bri a 7wou yo bò kote yo, menm yon gwo bri k ap gwonde. Konsa, Lespri a te leve mwen monte e te pran m ale. Mwen te vini byen anmè ak laraj nan lespri m, e 8men SENYÈ a te fò sou mwen. Konsa, mwen te vini kote egzile ki te rete akote rivyè Kebar yo nan Thel-Abib. Mwen te chita la, etone nèt pandan 9sèt jou kote yo te rete a. 10

Nan fen sèt jou yo, pawòl SENYÈ a te vini sou mwen e te di: “Fis a lòm, Mwen te chwazi ou kon 11gadyen pou lakay Israël. Depi lè ou tande yon pawòl sòti nan bouch mwen, avèti yo li soti nan Mwen. Lè Mwen di a mechan an: ‘Ou va, anverite, mouri’ e ou pa avèti li, ni pale fò pou avèti mechan an pou kite chemen mechan l lan, pou l ka viv, mechan sila a va mouri nan inikite li, men 12san li, mwen va egzije li soti nan men ou. Men si ou te avèti mechan an, e li pa kite mechanste li a, ni chemen mechan li an, li va mouri nan inikite li, men ou 13delivre nanm ou.”

“Ankò, 14lè yon nonm ladwati ta vire kite ladwati pou komèt inikite e Mwen plase yon obstak devan l, li va mouri. Akoz ou pa t avèti li, li va mouri nan peche li e zèv ladwati ke li te konn fè yo, p ap sonje, men san li, mwen va egzije li nan men ou. Sepandan, si ou te 15avèti nonm dwat la ke moun ladwati pa dwe peche, e li pa peche, li va anverite viv, akoz li te koute avètisman an; epi ou delivre nanm ou.”

Men a SENYÈ a te sou mwen la, e Li te di m: “Leve ou menm, ale deyò nan plèn nan, epi la, Mwen va 16pale avèk ou.”

Konsa, mwen te leve ale nan plèn nan. Epi gade byen, 17glwa a SENYÈ a te kanpe la, tankou glwa ke m te wè akote rivyè Kebar a. Epi mwen te tonbe sou figi m.

Nan lè sa a, 18Lespri a te antre nan mwen. Li te fè m kanpe sou pye m, Li te pale avè m e te di mwen: “Ale, fèmen tèt ou anndan lakay ou. Selon ou menm, fis a lòm, y ap 19mete kòd sou ou pou mare ou ak yo. Konsa, ou p ap ka sòti deyò pami yo. 20Mwen va fè lang ou kole anlè bouch ou pou ou vin bèbè e pou ou p ap ka fè yo repwòch, paske lakay yo rebèl. Men 21lè M pale ak ou, Mwen va ouvri bouch ou e ou va di yo: ‘Konsa pale Senyè BONDYE a’. Sila ki tande a, kite li tande; epi sila ki refize tande a, kite li refize; paske yo se yon kay rebèl.”

Source notes (21)
  1. Cross-reference Éz 2:9
  2. Cross-reference Jr 25:17
  3. Cross-reference Jon 1:2
  4. Cross-reference I Sam 8:7
  5. Cross-reference Job 22:22
  6. Cross-reference Éz 3:14
  7. Cross-reference Éz 1:15
  8. Cross-reference II Wa 3:15
  9. Cross-reference Job 2:13
  10. Cross-reference Jr 42:7
  11. Cross-reference És 52:8
  12. Cross-reference Éz 3:20
  13. Cross-reference Éz 14:14-20
  14. Cross-reference Sòm 125:5
  15. Cross-reference Trav 20:31
  16. Cross-reference Trav 9:6
  17. Cross-reference Éz 1:28
  18. Cross-reference Éz 2:2
  19. Cross-reference Éz 4:8
  20. Cross-reference Éz 24:27
  21. Cross-reference Éz 24:27

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.