Bib Sen An
Ézéchiel 4
“Alò, ou menm, fis a lòm, 1chache pou ou yon mòso mozayik. Mete l devan ou e dezinye yon vil sou li, menm Jérusalem nan. Konsa, poze 2fè syèj kont li. Bati yon miray syèj, leve teras, fòme kan an, prepare e pozisyone dè belye mouton kont li tout ozanviwon. Ankò, chache pou ou yon plak an fè, pozisyone li tankou yon miray ki fèt an fè antre ou menm ak vil la e mete fas ou anvè li. Li anba syèj. Konsa ou va mete li anba syèj menm. Sa va yon 3sign pou lakay Israël.
“Pou ou menm, kouche sou kote goch ou e mete inikite lakay Israël la sou li. Ou va 4 pote inikite yo pou menm fòs jou ke ou kouche sou li yo. Mwen te kontwole fòs kantite jou ki koresponn a fòs kantite ane a inikite yo; twa-san-katre-ven-di jou. Konsa 5ou va pote inikite a lakay Israël la.
Lè ou fin konplete sila yo, ou va kouche yon dezyèm fwa sou kote dwat ou pou pote inikite lakay Juda a. Mwen te kontwole li pou ou pandan karant jou; yon jou pou 6chak ane. Konsa, ou va mete figi ou vè syèj a Jérusalem ak bra ou dekouvri pou 7pwofetize kont li. Alò, gade byen, Mwen va 8mete kòd sou ou pou ou pa kapab vire soti yon kote a yon lòt jiskaske ou fin konplete jou a syèj ou yo.
“Men pou ou menm, pran ble, lòj, pwa, pwa tann, pitimi, ak 9ble mòn. Mete yo nan yon sèl veso e fè pen ak yo. Ou va manje l selon nonb jou ke ou kouche sou kote ou yo, twa-san-katre-ven-di jou. Manje ke ou va manje a va 10 ven sik pa jou selon pwa li. Ou va manje ladann de tanzantan. Dlo ou bwè a va yon sizyèm en (1 lit pa mezi). Ou va bwè l de tanzantan. Ou va manje li kon gato lòj. Ou va kwit li devan yo ak fimye 11poupou moun.” Epi SENYÈ a te di: “Konsa fis Israël yo va manje pen 12pa pwòp yo pami nasyon kote m ap chase yo ale yo.”
Men mwen te di: “Ah Senyè BONDYE! Mwen pa t janm konn souye nanm mwen. Paske depi nan jenès mwen jis rive koulye a, mwen pa t janm manje sa ki te mouri pou kont li, oswa ki te chire pa bèt sovaj, ni okenn 13vyann ki pa t pwòp pa t janm antre nan bouch mwen.”
Konsa, Li te di mwen: “Men gade, m ap bay ou kaka bèf pou ranplase poupou moun nan. Sou li menm ou va prepare pen ou an.”
Anplis ke sa, Li te di mwen: “Fis a lòm, gade byen, Mwen va 14kase pen sa a nan Jérusalem. Yo va manje pen mezire selon pwa, e ak kè twouble. Yo va bwè dlo pa mezi ak gwo laperèz ke pen ak dlo va vin ra. Konsa, yo va etone youn lòt e yo 15vin deperi nan inikite yo.”
Source notes (15)
- Cross-reference És 20:2
- Cross-reference Jr 6:6
- Cross-reference És 8:18
- Cross-reference Lev 10:17
- Cross-reference Nonb 14:34
- Cross-reference Nonb 14:34
- Cross-reference Éz 21:2
- Cross-reference Éz 3:25
- Cross-reference Egz 9:32
- Cross-reference Éz 45:12
- Cross-reference És 36:12
- Cross-reference Dan 1:8
- Cross-reference Trav 10:14
- Cross-reference Lev 26:26
- Cross-reference Lev 26:39
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.