Bib Sen An
Ézéchiel 5
“Pou ou menm, Fis a lòm, pran yon 1nepe byen file. Pran l pou sèvi kon razwa sou tèt ou ak bab ou. Epi pran yon 2balans pou peze e divize cheve a. Yon tyè, ou va brile nan dife nan mitan vil la, lè 3jou syèj yo vin fini. Epi ou va pran yon tyè e frape l avèk nepe toupatou nan vil la e yon tyè, ou va gaye nan van. Konsa, Mwen va rale yon nepe fè l sòti nan fouwo pa dèyè yo. Pran osi, kèk grenn nan cheve a, pa anpil, e mare yo nan pwent wòb ou. Ankò, pran kèk nan yo pou jete nan dife, e brile yo nan dife a. Soti nan li, yon dife va gaye rive nan tout lakay Israël la.
“Konsa pale Senyè BONDYE a: ‘Sa se Jérusalem. Mwen te mete li nan 4mitan a nasyon yo ak peyi ki antoure li yo. Men li te fè rebèl kont lòd Mwen yo pi mal pase nasyon yo, e kont règleman Mwen yo, 5plis ke peyi ki antoure li yo. Paske yo te rejte lòd Mwen yo, e pa t mache nan règleman Mwen yo.’
“Akoz sa, konsa pale Senyè BONDYE a: ‘Akoz ou gen 6plis twoub pase nasyon ki te antoure ou yo, ou pa t mache nan règleman Mwen yo, ni ou pa t swiv lòd Mwen yo, ni ou pa t swiv lòd a nasyon ki te antoure ou yo’; akoz sa, konsa pale Senyè BONDYE a: ‘Gade byen, Mwen, Mwen menm kont ou, e Mwen va 7egzekite jijman pami nou pou tout lòt nasyon yo ka wè. Akoz tout abominasyon nou yo, Mwen va fè pami nou sa ke Mwen 8pa t fè, e tankou sa Mwen p ap janm fè ankò. Pou sa, 9papa yo va manje fis yo pami nou, e fis yo va manje papa yo. Paske Mwen va egzekite jijman sou nou e gaye tout retay nou yo nan tout van. Jan Mwen viv la’, deklare Senyè BONDYE a: ‘Anverite, akoz nou te 10souye Sanktyè pa M nan ak tout zidòl abominab nou yo, e ak tout abominasyon nou yo, konsa M ap desann nou. Pou sa, Zye m p ap gen pitye, e Mwen p ap epanye pèsòn. Yon tyè nan nou va mouri akoz epidemi. Yo va vin mouri nan gwo grangou nan mitan nou. Yon tyè va tonbe devan nepe ki toupatou nou. Yon tyè, mwen va 11gaye nan tout van yo, e Mwen va rale yon nepe dèyè yo.’”
Konsa, kòlè M va acheve. Mwen va satisfè gwo mekontantman Mwen sou yo, e Mwen va 12satisfè. Epi yo va vin konnen ke Mwen menm, SENYÈ a, Mwen te pale ak zèl lè Mwen te acheve kòlè Mwen sou yo a.
“‘Anplis, Mwen va fè ou vin yon kote dezole ak yon 13objè repwòch pami nasyon ki antoure ou yo, nan zye a tout sila ki pase la yo. Konsa, sa va yon repwòch, yon ensilt, yon avètisman e yon objè degoutan pou nasyon ki antoure ou yo lè Mwen 14egzekite jijman kont ou nan kòlè Mwen, mekontantman, ak repwòch plen ak raj— Mwen, SENYÈ a fin pale— lè Mwen voye kont yo flèch mechan yo, kon gwo grangou a, yon flèch ki te voye pou detwi nou. Mwen va osi fè gwo grangou a vin pi rèd sou ou e va kase retire sous pen an. Anplis, 15Mwen va voye sou ou gwo grangou, ak bèt sovaj yo e yo va fè ou soufri gwo pèt. Epidemi ak vèse san va rive sou ou. Mwen va mennen nepe sou ou. Mwen, SENYÈ a, Mwen te pale sa a.’”
Source notes (15)
- Cross-reference Lev 21:5
- Cross-reference Dan 5:27
- Cross-reference Jr 39:1-2
- Cross-reference Det 4:6
- Cross-reference II Wa 17:8-20
- Cross-reference II Wa 21:9-11
- Cross-reference Jr 24:9
- Cross-reference Dan 9:12
- Cross-reference Sòm 44:11
- Cross-reference Jr 7:9-11
- Cross-reference Éz 5:2-10
- Cross-reference És 1:24
- Cross-reference Sòm 74:3-10
- Cross-reference És 66:15-16
- Cross-reference Lev 26:22
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.