Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Lamantasyon Yo 4

A la briyans lò a vin 1bese!

Lò pi a pa menm ankò!

Wòch tanp yo vide deyò nan tout kwen lari.

Pyè presye a fis a Sion yo;

ki gen valè kon lò fen,

gade kijan yo konsidere kon 2veso tè,

travay a potye a!

Menm chen mawon yo konn bay tete;

yo kite pitit yo souse yo.

Men fi a pèp mwen an te vin 3mechan

kon yon otrich nan dezè. 4

Lang a ti bebe a kole nan fon bouch yo,

tèlman yo swaf;

ti piti yo mande pen,

men pèsòn pa kase bay yo.

Sila ki te konn manje 5ti manje delika yo,

vin abandone nan lari.

Sila ki te leve nan abiman an mov yo

ap degaje yo chèche kaka bèf.

Paske inikite a fi a pèp mwen an

pi gwo ke peche Sodome,

ki te 6boulvèse nan yon moman,

san pa t gen men ki boulvèse l.

Prens li yo te 7pi pwòp ke lanèj.

Yo te pi blan ke lèt.

Yo te pi wouj pase koray.

Yo te poli tankou pyè safì.

Aparans yo koulye a 8pi nwa ke poud chabon.

Yo pa menm rekonèt yo nan lari.

Chè yo vin kole sou zo yo.

Li fennen nèt.

Li vin tankou bwa.

Pi bon se sila ki te touye ak nepe yo,

ke sila ki touye ak grangou yo;

paske yo vin chagren

e epwize akoz mank fwi chan an.

Men a fanm ki te konn plen konpasyon yo

te bouyi pwòp pitit yo.

Yo te devni 9manje pou yo,

akoz destriksyon a fi a pèp mwen an.

SENYÈ a te 10acheve gwo kòlè Li a.

Li te vide gwo kòlè Li a.

Li te limen yon dife nan Sion,

ki te manje tout fondasyon Li yo.

Wa latè yo pa t kwè,

ni okenn abitan nan mond lan,

ke advèsè ak ènmi an ta ka 11antre

nan pòtay Jérusalem nan.

Akoz peche a pwofèt li yo

ak inikite a prèt li yo,

ki te vèse nan mitan li 12

san a moun ladwati yo.

Yo egare e avèg nan lari yo.

Yo te vin souye ak 13san,

jiskaske pèsòn pa t ka manyen abiman yo.

“Sòti! 14Pa pwòp!” Yo te kriye a yo menm.

“Sòti, sòti, pa touche!”

Konsa yo te sove ale, e te mache toupatou.

Pami nasyon yo, yo te di:

“Yo p ap ka kontinye rete pami nou”.

Prezans a SENYÈ a te gaye yo.

Li p ap kontinye bay yo swen.

Yo pa t 15onore prèt yo,

Yo pa t respekte ansyen yo.

Malgre sa, zye nou febli.

Chache sekou te vin 16initil.

Nan chache, nou te chache pou yon nasyon

ki pa t ka sove.

Konsa, yo te 17fè lachas dèyè nou

jiskaske nou pa t ka mache nan lari nou yo.

Lafen nou vin pwòch.

Jou nou yo fin akonpli,

paske dènye moman nou vin rive.

Sila ki te kouri dèyè nou yo

te pi vit pase èg k ap vole anlè.

Yo te fè lachas sou nou nan mòn yo.

Yo te kache tann anbiskad pou nou nan savann nan.

Souf lè ki nan nen nou,

nou menm ki onksyone de 18SENYÈ a,

te vin kaptire nan twou fòs yo,

de sila nou te konn di:

“Anba lonbraj li, nou va viv pami nasyon yo”.

Rejwi e fè kè kontan, O fi a 19Edom an,

ki rete nan peyi Uts la.

Tas la va fè wonn vin jwenn ou tou.

Ou va vin sou.

Ou va vin toutouni.

Pinisyon pou inikite nou yo fin 20konplete,

O fi a Sion an.

Li p ap ekzile nou ankò.

Li va pini inikite nou an, O fi Edom an.

Li va fè parèt tout peche ou yo!

Source notes (20)
  1. Cross-reference Éz 7:19-22
  2. Cross-reference És 30:14
  3. Cross-reference És 49:15
  4. Cross-reference Sòm 22:15
  5. Cross-reference Jr 6:2
  6. Cross-reference Jen 19:25
  7. Cross-reference Sòm 51:7
  8. Cross-reference Job 30:30
  9. Cross-reference Det 28:53-55
  10. Cross-reference Jr 7:20
  11. Cross-reference Jr 21:13
  12. Cross-reference Jr 2:30
  13. Cross-reference És 1:15
  14. Cross-reference Lev 13:45-46
  15. Cross-reference És 9:14-16
  16. Cross-reference Jr 37:7
  17. Cross-reference Jr 16:16
  18. Cross-reference II Sam 1:14
  19. Cross-reference Sòm 137:7
  20. Cross-reference És 40:2

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.