Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Lamantasyon Yo 3

Mwen se moun ki te 1wè afliksyon

akoz baton kòlè Li a.

Li te mennen mwen,

e te fè m mache nan 2tenèb,

pa nan limyè.

Anverite, li te 3vire men L kont mwen

plizyè fwa, tout jounen an.

Li te fè chè m ak po m vin epwize sòti sou mwen,

Li te 4kase zo m yo.

Li te 5jennen mwen e te antoure m

ak amètim ak difikilte.

Nan kote ki 6fènwa, li te fè m abite,

tankou sila ki fin mouri lontan yo.

Li te 7antoure m anndan pou m pa ka sòti.

Li te fè chenn mwen an byen lou.

Menm lè m kriye e rele sekou,

Li 8fèmen lapriyè m deyò.

Li te 9bloke wout mwen yo ak wòch taye.

Li te fè chemen mwen yo vin kwochi.

Li pou mwen tankou yon lous ki kouche ap tann,

tankou yon lyon nan kote an kachèt.

Li te detounen tout chemen mwen yo

e Li te 10chire mwen an mòso;

Li te fè m vin dezole nèt.

Li te koube banza Li,

e Li te 11chwazi m kon pwen final pou flèch Li.

Li te fè flèch nan 12fouwo L yo

antre nan ren mwen.

Mwen te vin yon 13rizib pou tout pèp mwen an,

chante giyonnen yo sonnen tout lajounen.

Li te 14plen mwen ak amètim.

Li te fè m sou ak dlo absent.

Li te 15kase dan m ak gravye.

Li fè m kache nan pousyè.

Nanm mwen 16p ap jwenn lapè ankò.

Bonè vin bliye pou mwen.

Konsa mwen di: “Fòs mwen fin peri,

ansanm ak 17espwa m ki sòti nan SENYÈ a.”

Sonje soufrans mwen ak mizè mwen an;

dlo absent ak amètim ki nan kè m nan.

Anverite, nanm mwen sonje yo.

Li vin 18koube anndan mwen.

Men sa mwen sonje nan tèt mwen;

pou sa, mwen gen 19espwa.

Lanmou dous SENYÈ a, anvèrite, p ap janm sispann, 20

paske mizerikòd Li p ap janm manke.

Yo renouvle chak maten.

Gran se 21fidelite Ou.

“SENYÈ a se 22pòsyon mwen.”

Se sa nanm mwen di m.

Konsa, mwen mete espwa m nan Li.

SENYÈ a montre dousè Li a sila ki 23tann Li yo,

a moun ki chache Li a.

Se bon pou yon nonm gen espwa,

e 24tann byen trankil pou sali SENYÈ a.

Se bon pou yon nonm pote jouk la nan jenès li.

Kite li 25chita apa pou kont li, e rete an silans,

akoz Li te poze sa sou li.

Kite li mete bouch li nan pousyè,

si se konsa, pou l ka gen 26espwa.

Kite li lonje 27machwè li, bay sila k ap frape l la.

Kite li ranpli ak repwòch.

Paske se pa pou tout tan ke Senyè a ap 28rejte.

Paske malgre se gwo doulè ke Li fè rive;

alò, Li va gen 29mizerikòd selon gran lanmou dous Li a.

Paske 30se pa ak kè kontan ke Li aflije,

oswa pou atriste fis a lòm yo.

Pou kraze anba pye, tout prizonye nan mond lan,

pou retire 31jistis sou yon nonm nan prezans a Pi Wo a,

pou 32fè yon nonm tò nan pwosè legal pa li,

sou bagay sa yo, Senyè a p ap dakò.

Se kilès li ye ki pale, e 33sa vin rive,

amwenske Senyè a te pase lòd la?

Èske 34sa ki bon ak sa ki mal

pa soti nan bouch a Pi Wo a?

Poukisa yon nonm vivan dwe plenyen,

yon nonm35ta plenyen lè l resevwa pinisyon pou pwòp peche l yo?

Annou 36egzamine e sonde wout nou yo

pou nou retounen kote SENYÈ a.

Annou 37leve kè nou ak men nou vè Bondye nan syèl la;

Nou te 38peche e nou te fè rebèl;

Ou pa t padone.

Ou te kouvri nou ak 39kòlè e te kouri dèyè nou.

Ou te touye.

Ou pa t gen pitye menm.

Ou te 40kouvri tèt Ou ak yon nwaj lakòlè,

pou okenn lapriyè pa ka pase ladann.

Ou fè nou kon 41poupou bèt ak fatra

ki rejte nan mitan lòt nasyon yo.

Tout lènmi nou yo te 42ouvri bouch yo laj kont nou. 43

Sezisman ak pyèj tonbe sou nou,

ravaj ak destriksyon. 44

Zye m koule nèt ak flèv dlo

akoz destriksyon a fi a pèp mwen an.

Zye m koule 45san sès, san rete menm pou yon ti moman,

jiskaske SENYÈ a 46gade anba

soti nan wotè syèl la pou wè.

Zye m pote doulè rive nan nanm mwen,

akoz tout fi nan vil mwen. 47

Lènmi m yo san koz te fè lachas dèyè m tankou zwazo.

Se lènmi m san koz.

Yo te fè m rete an silans 48nan twou fòs la

e te poze yon wòch sou mwen.

Dlo yo te koule 49depase tèt mwen.

Mwen te di: “Mwen fin koupe retire nèt”!

Mwen 50te rele non Ou, O SENYÈ,

depi nan twou fòs pi ba a.

Ou te 51tande vwa m:

pa kache zòrèy W de lapriyè mwen pou sekou,

ak kriye mwen yo.

Ou te 52vin rapwoche lè m te rele Ou a.

Ou te di: “Pa pè!”

O Senyè, Ou 53te plede ka pou nanm mwen an.

Ou te rachte lavi mwen.

O SENYÈ, Ou te wè jan m oprime. 54

Jije ka m nan.

Ou te wè tout vanjans pa yo;

tout 55manèv yo kont mwen.

Ou te tande 56repwòch yo, O SENYÈ,

tout manèv yo kont mwen. 57

Lèv a sila k ap atake m yo

ak konplo yo kont mwen tout lajounen.

Gade jan yo 58chita ak jan yo leve;

se mwen ki sijè chan giyonnen yo a.

Ou va 59rekonpanse yo, O SENYÈ,

selon zèv men yo.

Ou va bay yo yon kè ki di; 60

madichon pa yo va sou yo.

Ou va 61kouri dèyè yo nan kòlè Ou

e detwi yo soti anba syèl SENYÈ a!

Source notes (61)
  1. Cross-reference Sòm 88:7-16
  2. Cross-reference Job 30:26
  3. Cross-reference Sòm 38:2
  4. Cross-reference Sòm 51:8
  5. Cross-reference Job 19:8
  6. Cross-reference Sòm 88:5-6
  7. Cross-reference Job 3:23
  8. Cross-reference Job 30:20
  9. Cross-reference És 63:17
  10. Cross-reference Job 16:12-13
  11. Cross-reference Job 6:4
  12. Cross-reference Jr 5:16
  13. Cross-reference Sòm 22:6-7
  14. Cross-reference Jr 9:15
  15. Cross-reference Sòm 3:7
  16. Cross-reference És 59:11
  17. Cross-reference Job 17:5
  18. Cross-reference Sòm 42:5-11
  19. Cross-reference Sòm 130:7
  20. Cross-reference Mal 3:6
  21. Cross-reference Eb 10:23
  22. Cross-reference Sòm 16:5
  23. Cross-reference Sòm 27:14
  24. Cross-reference Sòm 37:7
  25. Cross-reference Jr 15:7
  26. Cross-reference Jr 31:17
  27. Cross-reference Job 16:10
  28. Cross-reference Sòm 77:7
  29. Cross-reference Sòm 78:38
  30. Cross-reference Sòm 119:67-75
  31. Cross-reference Sòm 140:12
  32. Cross-reference Jr 22:3
  33. Cross-reference Sòm 33:9-11
  34. Cross-reference Job 2:10
  35. Cross-reference Jr 30:15
  36. Cross-reference Sòm 119:59
  37. Cross-reference Sòm 25:1
  38. Cross-reference Né 9:26
  39. Cross-reference Lam 2:2-21
  40. Cross-reference Lam 3:8
  41. Cross-reference I Kor 4:13
  42. Cross-reference Job 30:9-10
  43. Cross-reference És 24:17-18
  44. Cross-reference Sòm 119:136
  45. Cross-reference Sòm 77:2
  46. Cross-reference Sòm 80:14
  47. Cross-reference I Sam 26:20
  48. Cross-reference Dan 6:17
  49. Cross-reference Sòm 69:2
  50. Cross-reference Sòm 130:1
  51. Cross-reference Job 34:28
  52. Cross-reference Sòm 145:18
  53. Cross-reference Jr 50:34
  54. Cross-reference Sòm 26:1
  55. Cross-reference Jr 11:19
  56. Cross-reference Sòm 74:18
  57. Cross-reference Sòm 59:7-12
  58. Cross-reference Sòm 139:2
  59. Cross-reference Sòm 28:4
  60. Cross-reference Egz 14:8
  61. Cross-reference Lam 3:43

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.