Bib Sen An
Lamantasyon Yo 2
Gade kijan Senyè a te kouvri fi a Sion an
ak yon nwaj nan kòlè li!
Li te 1jete soti nan syèl la, jis rive atè glwa Israël la.
Li pa t menm sonje machpye pa L la, nan jou kòlè Li.
Senyè a te vale tout nèt.
Li pa t epanye tout abitasyon Jacob yo.
Nan gwo chalè Li, Li te jete sitadèl fi a Juda a.
Li te 2bese yo nèt jis rive atè.
Li te pwofane wayòm nan ak tout prens li yo.
Nan gwo chalè, Li te koupe tout fòs Israël la.
Li te retire men dwat Li soti devan lènmi an.
Konsa, Li te 3brile Jacob tankou flanm dife
ki konsome toupatou.
Li te koube 4banza Li kon yon lènmi.
Li te poze men dwat li konsi se yon advèsè.
Konsa, Li te touye tout sa yo ki bèl pou gade.
Nan tant a fi a Sion an,
Li te vin vide gwo kòlè Li tankou dife.
Senyè a vin tankou yon 5lènmi.
Li te vale Israël nèt.
Li te vale tout palè li yo.
Li te detwi sitadèl li yo.
Li te miltipliye doulè yo ak plent yo
nan fi a Juda yo.
Ak vyolans, Li te aji sou tanp Li an,
konsi se yon tonèl jaden.
Li te 6detwi kote ke Li menm te deziye
pou asanble yo.
SENYÈ a te fè bliye tout jou fèt ak Saba Sion yo,
e Li te meprize ni wa a, ni prèt la
nan gwo kòlè Li a.
Senyè a te rejte lotèl Li a.
Li te abandone sanktyè Li a.
Li te 7livre nan men lènmi an, miray a palè li yo.
Yo te fè yon bri nan kay SENYÈ a, konsi
li ta nan yon jou fèt deziye.
SENYÈ a te pran desizyon pou detwi miray a fi a Sion an.
Li te 8lonje yon lign.
Li pa t ralanti men l nan destriksyon.
Li te fè ni ranpa, ni miray la plen tristès;
y ap kriye ansanm. 9
Pòtay li yo te fonse antre nan tè,
Li te detwi e kraze fè fòje a.
Wa li yo ak prens li yo vin gaye pami nasyon yo;
lalwa, nanpwen ankò.
Anplis, pwofèt li yo pa resevwa vizyon de SENYÈ a.
Ansyen a fi a Sion yo chita atè.
Yo rete an silans.
Yo te jete 10pousyè sou tèt yo.
Yo abiye yo ak twal sak.
Vyèj Jérusalem yo fin bese tèt yo jis a tè a.
Zye m gate akoz dlo k ap sòti ladann, 11
lespri m vin nan gwo twoub;
kè m vin vide atè nèt, akoz
fi a pèp mwen an vin detwi
e timoun ak tibebe yo ap fennen
nan lari vil la.
Yo mande manman yo: 12“Kote sereyal ak diven an?”
Konsa, yo fennen tankou yon nonm ki blese nan lari vil yo,
pandan lavi yo menm vin vide nan sen manman yo.
Kisa pou m ta di ou?
A kilès pou m ta konpare ou, O fi Jérusalem nan?
A kisa pou m ta di ou sanble pandan mwen
ap mennen rekonfò bay ou a,
O fi vyèj a Sion an?
Paske destriksyon ou an vast tankou lanmè.
Se kilès ki ka 13geri ou?
Pwofèt ou yo te wè pou ou vizyon ki te fo;
ki te plen foli.
Yo pa t 14dekouvri inikite ou
pou restore ou sòti an kaptivite,
men yo te wè pou ou vizyon
pòt pawòl ki te fo,
ki te egare ou.
Tout moun ki pase akote chemen an 15
bat men yo pou moke ou.
Yo sifle anlè kon koulèv
sou fi Jérusalem nan, epi yo di:
“Men èske se vil sa a yo te konn rele
‘pèfeksyon a bèlte a, yon jwa de tout tè a’?”
Tout lènmi ou yo te louvri bouch yo laj kont ou.
Yo sifle anlè kon koulèv.
Yo fwote dan yo.
Yo di: “Nou te 16vale l nèt!
Anverite, se jou sa ke nou t ap tann nan.
Nou gen tan jwenn li.
Nou gen tan wè l.”
SENYÈ a te 17acheve objektif Li;
Li te akonpli pawòl Li, pawòl ke Li
te kòmande soti nan jou ansyen yo.
Li te jete ba,
Li pat fè pitye.
Li te fè lènmi an rejwi sou ou.
Li te egzalte pwisans a advèsè ou yo. 18
Kè yo te kriye fò a Senyè a.
O miray a fi Sion an,
kite dlo sòti nan zye ou lajounen kon lannwit.
Pa aksepte okenn soulajman;
'Pa kite zye ou pran repo.
Leve, kriye fò nan nwit lan,
nan kòmansman vèy nwit lan! 19
Vide kè ou konsi se dlo devan prezans Senyè a.
Leve men ou a Li menm pou lavi pitit ou yo
ki fèb nèt ak grangou sou tèt a tout ri yo.
Gade pou wè, O SENYÈ! Avèk kilès ou te aji konsa?
Èske fanm ta dwe 20manje pwòp pitit pa yo,
pitit yo ki te fèt an bòn sante?
Èske prèt la ak pwofèt la
dwe vin touye nan sanktyè Senyè a?
Sou tè nan lari yo, kouche 21jenn yo ak granmoun yo.
Vyèj mwen yo ak jennonm mwen yo te tonbe sou nepe.
Ou te touye yo nan jou gwo kòlè Ou a;
Ou te fè masak, san pitye.
Ou te rele nou konsi se nan jou a yon fèt etabli,
gwo laperèz mwen yo tout kote. 22
Nanpwen moun ki te chape sòti vivan
nan jou kòlè SENYÈ a.
Sila ke m te fè e leve yo,
lènmi m te anile yo nèt.
Source notes (22)
- Cross-reference És 14:12-15
- Cross-reference És 25:12
- Cross-reference És 42:25
- Cross-reference Job 6:4
- Cross-reference Jr 30:14
- Cross-reference Jr 52:13
- Cross-reference Jr 33:4-5
- Cross-reference II Wa 21:13
- Cross-reference Né 1:3
- Cross-reference Job 2:12
- Cross-reference Jr 4:19
- Cross-reference Jr 5:17
- Cross-reference Jr 8:22
- Cross-reference És 58:1
- Cross-reference Job 27:23
- Cross-reference Sòm 56:2
- Cross-reference Jr 4:28
- Cross-reference Sòm 119:145
- Cross-reference I Sam 1:15
- Cross-reference Jr 19:9
- Cross-reference II Kwo 36:17
- Cross-reference Jr 11:11
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.