Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Lamantasyon Yo 1

A la sèl,

vil ki te konn 1plen moun nan chita sèl!

Li vin tankou yon vèv

ki te konn byen pwisan pami nasyon yo!

Sila ki te konn yon fanm

byen gran pami nasyon yo!

Li menm ki te yon prensès pami pwovens yo,

Koulye a, se travo fòse li oblije fè!

Li kriye byen anmè nan nwit lan.

Dlo zye li kouri desann figi l.

Pami tout sila ki te renmen l yo,

nanpwen moun ki pou bay li rekonfò.

Tout zanmi li yo fè l trèt;

yo te tounen lènmi l. 2

Juda antre an egzil anba gwo opresyon;

anba esklavaj byen di.

Li demere pami nasyon yo;

pou repo, nanpwen.

Tout sila k ap pèsekite l yo,

fin sezi li nan mitan gwo twoub li. 3

Chemen Sion yo ap fè dèy;

pèsòn pa rive nan fèt li yo.

Tout pòtay li yo vin dezole.

Prèt li yo ap plenn nan gòj,

vyèj li yo vin aflije,

e li menm, li vin anmè.

Advèsè li yo te vin mèt li.

Lènmi li yo ap byen reyisi;

paske SENYÈ a te 4koze doulè l,

akoz gwo kantite transgresyon li yo.

Pitit li yo se prizonye devan advèsè yo.

Tout 5majeste fin kite fi a Sion an.

Prens li yo vin tankou sèf ki pa t jwenn patiraj.

Yo sove ale san rezistans

devan mèt lachas la.

Jérusalem sonje tout bagay presye li yo 6nan jou afliksyon li.

Tout bèl bagay ki te la depi nan jou ansyen yo;

lè pèp li a te tonbe nan men a advèsè a,

e pa t gen okenn moun ki pou ede l.

Advèsè yo te wè l.

Yo te giyonnen l akoz tristès li.

Jérusalem te 7fè gwo peche.

Konsa, li te vin yon bagay ki pa pwòp.

Tout sila ki te konn louwe l yo,

meprize l akoz yo te wè li toutouni.

Menm li menm plenn nan gòj, e vire an aryè.

Depi nan jip li, salte a te la.

Li pa t konsidere davni li.

Akoz sa li te vin tonbe yon fason etonan.

Nanpwen moun pou konsole l.

“Gade, O SENYÈ, afliksyon mwen an;

paske ènmi an vante tèt li.

Li vin ògeye!”

Advèsè a te lonje men l sou tout bagay

presye fi a te genyen;

li te wè ènmi yo antre nan sanktyè li a;

sila ke Ou menm te kòmande pou yo 8

pa antre nan asanble Ou a.

Tout pèp li a plenn nan gòj.

Yap 9chache pen.

Tout sa ak valè deja vèse bay pou manje,

pou kenbe nanm yo vivan an.

“Gade, O SENYÈ, paske mwen vin meprize.”

Èske sa pa anyen pou nou tout ki pase nan wout sa a?

Gade pou wè si genyen yon doulè ki tankou doulè mwen an,

doulè ki te pase vin nan men m nan,

avèk sila 10SENYÈ a te aflije m nan jou a gran kòlè Li a.

Soti anwo, Li te voye dife antre nan 11zo m,

e l ap domine yo.

Li te ouvri yon pèlen pou pye m;

Li te fè m vire fè bak.

Li te fè m vin dezole, fèb tout lajounen.

Jouk transgresyon mwen yo vin mare;

ak men Li yo koude nèt ansanm.

Yo te rive jis nan kou m;

Li te fè fòs mwen vin kraze disparèt.

Senyè a te 12livre m nan men a sila yo;

kont yo, mwen pa ka kanpe.

Senyè a te rejte tout mesye pwisan ki nan mitan m yo.

Li te rele yon asanble solanèl kont mwen pou kraze 13jennonm mwen yo.

Senyè a te foule, konsi se nan yon pèz rezen, fi vyèj a Juda a.

Pou bagay sa yo, mwen ap kriye.

Zye m koule ak dlo.

Konsolatè k ap rafrechi nanm mwen an lwen m,

Nanpwen 14okenn moun ki ta ka konsole mwen,

okenn moun ki ta ka restore nanm mwen.

Pitit mwen yo vin dezole akoz ènmi an te vin genyen.

Sion lonje men l ouvri nèt.

Nanpwen moun ki pou konsole l.

SENYÈ a te bay lòd konsènan Jacob,

ke sila ki antoure l yo ta lènmi avè l. 15

Jérusalem te devni yon bagay pa pwòp pami yo.

SENYÈ a jis;

paske mwen te 16fè rebèl kont lòd Li.

Tande koulye a, tout pèp yo

e gade byen doulè m nan.

Vyèj mwen yo ak jennonm mwen yo

te antre an kaptivite.

Mwen te rele vè renmen mwen yo,

men yo te fè m desi. 17

Prèt mwen yo ak ansyen mwen yo te peri nan vil la

pandan yo t ap chache manje

pou restore fòs yo pou kont yo.

Gade, O SENYÈ, paske mwen nan gwo twoub. 18

Lespri m twouble anpil;

kè m boulvèse anndan m,

paske mwen te fè rebèl anpil.

Nan lari, se nepe k ap touye;

nan kay, se tankou lanmò.

Yo te tande ke m ap plenyen nan gòj;

men nanpwen moun ki pou konsole m.

Tout lènmi mwen yo tande afè gwo malè m nan.

Yo 19kontan Ou te fè sa.

O ke Ou ta mennen jou ke Ou te pwoklame a,

pou yo ka vin tankou mwen.

Kite tout mechanste yo vini devan Ou.

Konsa, 20aji avèk yo kon Ou te aji avè m nan,

pou tout transgresyon mwen yo.

Paske plent k ap sòti anndan m yo anpil

e kè m vin fèb nèt.

Source notes (20)
  1. Cross-reference És 22:2
  2. Cross-reference Jr 13:19
  3. Cross-reference Jl 1:8-13
  4. Cross-reference Sòm 90:7-8
  5. Cross-reference Jr 13:18
  6. Cross-reference Jr 37:7-10
  7. Cross-reference És 59:2-13
  8. Cross-reference Det 23:3
  9. Cross-reference Jr 38:9
  10. Cross-reference Jr 30:23-24
  11. Cross-reference Job 30:30
  12. Cross-reference Jr 32:3-5
  13. Cross-reference Jr 6:11
  14. Cross-reference Sòm 69:20
  15. Cross-reference Lam 1:8
  16. Cross-reference I Sam 12:14-15
  17. Cross-reference Jr 14:15
  18. Cross-reference És 16:11
  19. Cross-reference Sòm 35:15
  20. Cross-reference Né 4:4

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.