Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Jérémie 52

1

Sédécias te gen laj a venteyen ane lè l te devni wa a e li te renye pandan onz ane Jérusalem. Non manman l te Hamuthal, fi a Jérémie nan Libna a. Li te fè mal nan zye SENYÈ a tankou tout sa ke 2Jojakim te fè yo. Paske akoz kòlè SENYÈ a, bagay sa a te rive Jérusalem ak Juda jiskaske Li te jete yo deyò prezans Li.

Epi Sédécias te 3fè rebèl kont wa Babylone nan. Alò, li te vin rive nan nevyèm ane règn li an, nan dizyèm jou nan dizyèm mwa a, ke Nebucadnetsar, wa Babylone nan te vini, li menm ak tout lame li a, kont Jérusalem, te fè kan kont li e te bati yon miray 4syèj ki te antoure li. 5Konsa, vil la te anba syèj jis rive nan onzyèm ane a wa Sédécias.

Nan Nevyèm jou nan katriyèm mwa a, 6 gwo grangou a te tèlman rèd nan vil la ke pa t gen manje pou pèp peyi a. Konsa yo te 7kase antre nan vil la, e tout mesye lagè yo te kouri kite vil la pandan lannwit lan bò kote pòtay ki te antre de miray ki te akote jaden a wa a. Sepandan, Kaldeyen yo te antoure vil la nèt. Yo te ale pa chemen Araba a vle di dezè a. Men lame Kaldeyen an te kouri dèyè wa a. Li te 8rive sou Sédécias nan plèn Jéricho e tout lame li a te gen tan gaye kite li. Epi yo te kaptire wa a. Yo te mennen li monte kote wa Babylone nan nan 9Ribla nan peyi Hamath, e li te kondane li la. Wa Babylone nan 10te touye fis a Sédécias yo devan zye l e anplis, li te touye tout prens Juda yo Ribla. Anplis, li te 11avegle zye a Sédécias. Konsa, wa Babylone nan te anprizone l ak braslè an bwonz, te mennen li Babylone, e te mete l nan prizon jis rive jou ke li te mouri an.

Alò, nan dizyèm jou nan senkyèm mwa a, ki te diz-nevyèm ane a wa Nebucadnetsar, wa Babylone nan, 12Nebuzaradan, chèf an tèt kò gad la, ki te nan sèvis wa a Babylone nan, te rive Jérusalem. Li te 13brile kay SENYÈ a lakay wa a, ak tout kay Jérusalem yo; menm tout gwo kay yo, li te brile yo ak dife. Konsa, tout lame Kaldeyen ki te avèk chèf kò gad yo, te 14demoli tout miray ki te antoure Jérusalem yo. Epi Nebuzaradan, chèf kò gad yo, te 15mennen, pote an egzil kèk nan moun ki pi malere pami pèp la, tout lòt moun ki te rete nan vil la, sila ki te dezète Jérusalem yo pou ale kote wa Babylone nan ak tout rès moun metye yo. Men 16Nebuzaradan, chèf kò gad la, te kite kèk moun nan pi malere yo pou okipe chan rezen yo, e pou laboure tè a.

Alò, pilye an bwonz, ki te apatyen a lakay SENYÈ a, baz yo, ak gwo 17lanmè an bwonz ki te lakay SENYÈ a, Kaldeyen yo te kraze yo an mòso e te pote tout bwonz yo Babylone. Anplis, yo te pran 18veso yo, pèl yo, etoufè yo, basen yo, po yo ak tout veso an bwonz ki te sèvi nan tanp lan. Anplis, chèf kò gad la te retire 19bòl yo, plato sann yo, basen yo, po yo, chandelye yo, sa ki te fèt an lò fen ak sa ki te fèt an ajan fen.

De pilye yo, sèl lanmè a, douz towo an bwonz ki te anba lanmè a, ak baz yo, ke Wa Salomon te fè pou lakay SENYÈ a——bwonz nan tout veso sa yo te 20depase kontwòl nan pwa. Epi pou pilye yo, wotè a chak pilye te diz-uit koude, li te mezire douz koude 21sikonferans lan, kat dwat nan epesè e vid nan mitan. Alò, yon 22tèt kouvèti an bwonz te sou li; epi wotè a chak tèt kouvèti te senk koude, ak yon sistèm mèch fèt avèk chèn an fil tòde pou tèt kouvèti ak grenad sou tèt kouvèti ki antoure l yo, tout nan bwonz nèt. Epi dezyèm pilye a te tankou sila a, menm ak grenad yo. Te gen 23katre-ven-sèz grenad byen parèt; tout nan grenad yo te kontwole an santèn, sou sistèm mèch la toupatou.

Epi chèf kò gad la te pran Seraja, chèf prèt la, Sophonie, dezyèm wo prèt la, ak twa 24ofisye a tanp yo. Anplis, li te pran soti nan vil la, yon ofisye ki te yon sipèvizè pou mesye lagè yo, sèt nan 25konseye wa ki te twouve nan vil yo, grefye a wo kòmandan ki te òganize pèp peyi a ak swasant mesye a pèp ki te twouve nan mitan vil yo. Nebuzaradan, chèf kò gad la te pran yo e te 26mennen yo kote wa Babylone nan Ribla. Epi wa Babylone nan te 27frape yo mete a lanmò nan Ribla nan peyi Hamath la.

Konsa, Juda te mennen ale an egzil kite peyi li. Sila yo se moun ke 28Nebucadnetsar te pote ale an egzil nan setyèm ane a: twa-mil-venn-twa Jwif;

nan diz-uityèm ane Nebucadnetsar a, ui-san-trant-de moun ki sòti Jérusalem;

nan venn-twazyèm ane a Nebucadnetsar a, 29Nebuzaradan, chèf kò gad yo te pote an egzil sèt-san-karann-senk Jwif. Nonb de moun antou te kat-mil moun.

Alò, li te vin rive nan trant-setyèm ane egzil Jojakin, wa Juda a, nan douzyèm mwa a, sou venn-senkyèm jou a mwa a, ke Évil-Merodac, wa Babylone nan, nan premye ane règn li a, te montre favè li a Jojakin, wa Juda a, e te lage li nan prizon. 30Konsa, li te pale dousman avèk li e te mete twòn li pi wo pase twòn a wa ki te avèk li Babylone yo. Konsa, Jojakin te chanje rad prizonye li a, e te 31pran repa li nan prezans a wa a pandan tout rès jou lavi li yo. Pou okipe li, li te resevwa yon 32pòsyon nòmal chak jou pandan tout rès jou lavi li, jis rive jou li te mouri an.

Source notes (32)
  1. Cross-reference II Wa 24:18
  2. Cross-reference Jr 36:30-31
  3. Cross-reference II Kwo 36:13
  4. Cross-reference Jr 32:24
  5. Cross-reference II Wa 25:2
  6. Cross-reference II Wa 25:3
  7. Cross-reference II Wa 25:4
  8. Cross-reference Jr 21:7
  9. Cross-reference Nonb 34:11
  10. Cross-reference II Wa 25:7
  11. Cross-reference Jr 39:7
  12. Cross-reference Jr 39:9
  13. Cross-reference I Wa 9:8
  14. Cross-reference II Wa 25:10
  15. Cross-reference II Wa 25:11
  16. Cross-reference II Wa 25:12
  17. Cross-reference I Wa 7:23-26
  18. Cross-reference Egz 27:3
  19. Cross-reference I Wa 7:49-50
  20. Cross-reference I Wa 7:47
  21. Cross-reference I Wa 7:15
  22. Cross-reference I Wa 7:16
  23. Cross-reference I Wa 7:20
  24. Cross-reference I Kwo 9:19
  25. Cross-reference II Wa 25:19
  26. Cross-reference II Wa 25:20
  27. Cross-reference II Wa 25:21
  28. Cross-reference II Wa 24:2-16
  29. Cross-reference II Wa 25:11
  30. Cross-reference II Wa 25:28
  31. Cross-reference II Sam 9:7-13
  32. Cross-reference II Sam 9:10

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.