Bib Sen An
Jean 15
“Mwen se vre pye rezen an, epi se Papa M ki okipe pye rezen an. Chak branch nan Mwen ki pa pote fwi, Li retire. E chak branch ki pote fwi, li taye pou l pote plis fwi. 2
“Nou deja pwòp akoz pawòl ke Mwen te pale a nou an. 3Rete nan Mwen, e Mwen nan nou. Kon branch lan pa kapab pote fwi pou kont li, sof ke li rete nan pye rezen an, ni nou pa kapab, sof ke nou rete nan Mwen.
“Mwen se pye rezen an, nou se branch yo. Moun ki rete nan Mwen, e Mwen nan li, li 4pote anpil fwi. Paske apa de Mwen, nou pa kapab fè anyen. Si nenpòt moun pa rete nan Mwen, li 5va jete kon yon branch, e l ap seche. Y ap ranmase yo e jete yo nan dife, epi y ap brile. Si nou rete nan Mwen, e pawòl Mwen rete nan nou, 6mande nenpòt sa nou vle, e l ap fèt pou nou. Konsa, 7Papa M ap resevwa glwa, lè nou pote anpil fwi. E konsa, nou 8fè prèv ke nou se disip Mwen yo.
“Menm jan ke 9Papa a renmen M, Mwen renmen nou tou. Rete nan lanmou Mwen. Si nou kenbe kòmandman Mwen yo, nou ap rete nan lanmou Mwen. 10Menm jan ke Mwen te kenbe kòmandman a Papa M yo, e rete nan lanmou pa Li a.
“Bagay sa yo Mwen pale nou, pou jwa M kapab nan nou, e ke 11jwa nou kapab konplete. Sa se 12kòmandman Mwen, pou nou renmen youn a lòt, menm jan ke Mwen renmen nou an. Pa gen pi gran lanmou pase sa. Ke yon moun 13bay vi li pou zanmi li yo.
“Nou se zanmi Mwen 14si nou fè sa ke Mwen kòmande nou. Mwen p ap rele nou esklav ankò, paske yon esklav pa konnen kisa mèt li ap fè. Men Mwen rele nou zanmi, paske 15tout bagay ke Mwen tande nan Papa M, Mwen fè nou konnen. 16
“Nou pa t chwazi Mwen, men Mwen te chwazi nou, e te etabli nou pou nou ta kapab pote fwi, e ke fwi sa a ta kapab dire, pou nenpòt sa ke nou mande Papa a, nan non pa M, Li kapab bay nou li.
“Sa Mwen 17kòmande nou, pou nou renmen youn a lòt. 18
“Si lemonn rayi nou, byen konnen ke li te rayi M avan nou. Si nou te apatyen a lemonn, lemonn ta renmen pa li, men akoz ke nou pa apatyen a lemonn, e ke Mwen te chwazi rachte nou nan mond sa a, 19akoz sa yo rayi nou.
“Sonje pawòl ke Mwen te di nou an: ‘Yon esklav pa pi gran pase mèt li’. Si yo te pèsekite Mwen, 20y ap pèsekite nou tou. Si yo te kenbe pawòl Mwen, yo va kenbe pawòl pa nou osi. Men tout bagay sa yo, yo va fè nou pou koz a Non pa M, 21paske yo pa konnen Sila a ki te voye M nan. 22
“Si Mwen pa t vini pou pale avèk yo, yo pa t ap gen peche, men koulye a yo pa gen eskiz pou peche yo.
“Moun ki rayi M, rayi Papa M tou. 23Si Mwen pa t fè pami yo zèv ke okenn lòt pa t janm fè, yo pa t ap gen peche, men koulye a, yo wè, e yo rayi M, e Papa M tou.
“Men yo te fè sa pou pawòl la ta kapab akonpli ki te ekri nan Lalwa pa yo: 24‘Yo te rayi Mwen san koz.’
“Lè 25Konseye a vini, sila a ke M ap voye bay nou sòti nan Papa a, sa se Lespri verite a, ki sòti nan Papa a, L ap fè temwayaj de Mwen. E 26nou va fè temwayaj tou, paske nou te avèk Mwen depi nan kòmansman.”
Source notes (26)
- Cross-reference Sòm 80:8
- Cross-reference Jn 13:10
- Cross-reference Jn 6:56
- Cross-reference Jn 15:16
- Cross-reference Jn 15:2
- Cross-reference Mat 7:7
- Cross-reference Mat 5:16
- Cross-reference Jn 8:31
- Cross-reference Jn 8:31
- Cross-reference Jn 8:29
- Cross-reference Jn 3:29
- Cross-reference Jn 13:34
- Cross-reference Jn 10:11
- Cross-reference Mat 12:50
- Cross-reference Jn 8:26
- Cross-reference Jn 6:70
- Cross-reference Jn 15:12
- Cross-reference Jn 7:7
- Cross-reference Mat 10:22
- Cross-reference I Kor 4:12
- Cross-reference Jn 8:19-55
- Cross-reference Jn 9:41
- Cross-reference Jn 9:41
- Cross-reference Sòm 35:19
- Cross-reference Jn 14:16
- Cross-reference Luc 24:48
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.