Bib Sen An
Jean 16
“Mwen pale nou 1bagay sa yo pou nou kapab evite chite.
“Yo va 2mete nou deyò nan sinagòg la, epi lè a ap vini ke y ap konprann ke se yon sèvis yo rann Bondye lè yo touye nou. Bagay sa yo, yo va fè 3paske yo pa t janm konnen Papa a, ni Mwen. Men bagay sa yo Mwen te pale nou an 4pou lè lè a rive, nou va sonje ke M te di nou sa. Epi bagay sa yo Mwen pa t di nou nan kòmansman, paske Mwen te avèk nou.
“Men koulye a, 5M ap prale a Sila a ki te voye Mwen an. E pa gen nan nou k ap mande M: ‘Kibò W ap prale’? Men akoz ke M te di nou bagay sa yo, 6gwo doulè antre nan kè nou.
“Men Mwen di nou laverite se nan lavantaj pa nou ke M ap prale. Paske si M pa ale, 7Konseye a p ap vin kote nou, men si M ale, 8M ap voye Li bay nou. E Li, lè L vini, L ap konvenk lemonn konsènan peche, ladwati, ak jijman. Konsènan peche, 9paske yo pa kwè nan Mwen, Selon 10ladwati, paske Mwen ale nan Papa a, e nou p ap ka wè M ankò. 11Epi selon jijman, paske Mèt mond sa a gen tan jije.
“Mwen gen anpil bagay anplis pou M ta di nou, men nou p ap kab sipòte yo koulye a. Men lè Li, 12Lespri verite a vini, Li va 13dirije nou nan tout verite. Paske Li p ap pale pou kont Li, men sa Li tande, L ap pale. Li va montre nou tout sa ki va vini. Li va 14fè M resevwa glwa Mwen, paske l ap pran sa ki pou Mwen, e fè nou konprann li. 15
“Tout bagay ke Papa a genyen se pou Mwen. Pou sa, Mwen di nou Li pran sa ki pou Mwen, e devwale li a nou.
“Yon ti tan, e 16nou p ap wè M ankò, epi yon ti tan anplis, e nou va wè M.”
Kèk nan disip Li yo te di youn a lòt: “Kisa L ap di nou la a? ‘Yon ti tan, e nou p ap wè M ankò, epi yon ti tan anplis e nou va wè M’ epi: ‘akoz ke 17M ap prale nan Papa a’?” Konsa yo t ap di: “Kisa L ap pale: ‘Yon ti tan’? Nou pa konprann kisa L ap di.” 18
Jésus te konnen yo te vle kesyone L, epi Li te di yo: “Èske nou ap diskite pami nou sou sa ke M te di a: ‘Yon ti tan, e nou p ap wè M ankò, epi yon ti tan anplis, e nou va wè M?’
“Anverite, anverite, Mwen di nou, ke 19nou va kriye avèk lamantasyon, men lemonn va rejwi. Nou va ranpli avèk tristès, men 20tristès la va vin chanje an jwa. 21Lè yon fanm gen doulè nesans, li gen tristès, paske lè li rive, men lè l fin bay nesans a pitit la, li pa sonje soufrans lan ankò, akoz jwa ke yon pitit gen tan fèt nan lemonn.
“Konsa, 22nou menm tou gen tristès koulye a. Men 23Mwen va wè nou ankò, e kè nou ap rejwi, e pèsòn p ap retire jwa nou ankò.
“E nan jou sa a 24nou p ap menm poze M kesyon sou okenn choz. Anverite, anverite, Mwen di nou, 25si nou mande Papa a pou nenpòt bagay, L ap bay nou Li nan non Mwen. 26
“Jis rive koulye a nou pa mande pou anyen nan non Mwen. Mande e nou va resevwa, pou jwa nou kapab vin ranpli.
“Bagay sa yo Mwen pale nou an 27parabòl. Lè a ap vini lè M p ap pale avèk nou ankò an parabòl, men M ap pale nou byen klè konsènan Papa a.
“Nan jou sa a 28nou va mande nan non Mwen, e Mwen p ap di nou ke M ap mande Papa a anfavè nou. Paske 29Papa a Li menm, renmen nou paske nou renmen Mwen, e te kwè ke Mwen 30te sòti nan Papa a. Mwen te sòti nan Papa a, e te vini nan lemonn. M ap kite lemonn ankò e ap 31prale kote Papa a.”
Disip Li yo te di: “Alò koulye a W ap pale klè. Ou p ap 32sèvi ak parabòl. Koulye a nou konnen ke Ou konnen tout bagay, e pa bezwen moun mande Ou anyen. Akoz sa, nou 33kwè ke Ou soti nan Bondye.”
Jésus te reponn yo: “Èske nou kwè koulye a? Veye byen, lè a ap vini, e gen tan vini deja, 34pou nou vin gaye, chak a pwòp kay li, e pou kite M sèl. 35Men M p ap sèl, paske Papa a toujou avè M.
“Bagay sa yo Mwen pale nou, pou 36nan Mwen, nou kapab gen lapè. Nan lemonn nou gen tribilasyon, men pran kouraj. 37Mwen venk lemonn.”
Source notes (37)
- Cross-reference Jn 15:18-27
- Cross-reference Jn 9:22
- Cross-reference Jn 8:19-55
- Cross-reference Jn 13:19
- Cross-reference Jn 7:33
- Cross-reference Jn 14:1
- Cross-reference Jn 14:16
- Cross-reference Jn 14:26
- Cross-reference Jn 15:22-24
- Cross-reference Trav 3:14
- Cross-reference Jn 12:31
- Cross-reference Jn 14:7
- Cross-reference Jn 14:26
- Cross-reference Jn 7:39
- Cross-reference Jn 17:10
- Cross-reference Jn 14:18-24
- Cross-reference Jn 16:5
- Cross-reference Mc 9:32
- Cross-reference Luc 23:27
- Cross-reference Jn 20:20
- Cross-reference És 13:8
- Cross-reference Jn 16:6
- Cross-reference Jn 16:16
- Cross-reference Jn 16:19-30
- Cross-reference Jn 15:16
- Cross-reference Jn 14:14
- Cross-reference Mat 13:34
- Cross-reference Jn 16:19-30
- Cross-reference Jn 14:21-23
- Cross-reference Jn 8:42
- Cross-reference Jn 13:1-3
- Cross-reference Mat 13:34
- Cross-reference Jn 2:11
- Cross-reference Za 13:7
- Cross-reference Jn 8:29
- Cross-reference Jn 14:27
- Cross-reference Wo 8:37
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.