Bib Sen An
Jean 17
Jésus te pale bagay sa yo. Epi 1ak zye Li leve pou gade vè syèl la, Li te di. “Papa, lè a rive. 2Bay glwa a pitit Ou, pou pitit Ou kab bay glwa a Ou menm. Menm jan ke 3Ou te bay Li otorite sou tout chè, 4 a tout sa ke Ou te bay Li yo, pou Li ta kapab bay lavi etènèl.
“E sa se lavi etènèl, 5pou yo kapab konnen Ou, sèl vre Dye a, ak Jésus Kri ke Ou voye a. 6Mwen te bay Ou glwa sou latè, lè M te 7acheve travay ke Ou ban M fè a.
“E koulye a, ban M glwa ansanm avèk Ou Menm, Papa, 8avèk glwa ke M te gen avè W avan lemonn te egziste a.
“Mwen fè non Ou rekonèt a moun 9ke Ou te ban Mwen nan lemonn yo. Yo te pou Ou, e Ou te ban Mwen yo. Konsa, yo kenbe pawòl Ou.
“Koulye a, yo gen tan konnen ke tout bagay ke Ou ban Mwen soti nan Ou menm. Paske 10pawòl ke Ou te ban Mwen yo, Mwen bay yo, e yo te resevwa yo e te vrèman konprann ke 11Mwen soti nan Ou menm. Yo te kwè ke Ou te voye Mwen. 12
“Mwen mande anfavè yo. 13Mwen pa mande pou lemonn, men pou sa ke Ou te ban Mwen yo. Paske se pou Ou yo ye. 14
“Tout bagay ki pou Mwen, se pou Ou, e sa ki pou Ou, se pou Mwen. Mwen resevwa glwa nan yo.
“Mwen pa nan lemonn ankò. Malgre, yo menm, yo toujou nan lemonn, e Mwen vini a Ou, Papa ki Sen, kenbe yo nan non Ou, non 15ke Ou ban Mwen an, 16pou yo kapab vin yon sèl, menm jan ke nou menm, nou se yon sèl. Pandan Mwen te avèk yo, Mwen t ap kenbe yo nan non Ou, sa ke Ou te ban Mwen yo. E Mwen te gade yo. Youn nan yo pa t pèdi sof 17fis pèdisyon an, pou 18Lekriti ta kapab akonpli.
“Men koulye a, 19Mwen ap vini kote Ou. Konsa, 20bagay sa yo Mwen pale nan lemonn pou yo kapab gen lajwa Mwen tou ranpli nèt nan yo menm.
“Mwen te bay yo pawòl Ou. E 21 lemonn rayi yo. Paske yo pa nan lemonn, menm jan ke Mwen pa nan lemonn. Mwen pa mande Ou pou retire yo nan lemonn, men pou kenbe yo kont 22sila ki mechan an. 23Yo pa nan lemonn menm jan ke Mwen pa nan lemonn. 24Fè yo vin sen pa laverite. Pawòl Ou se laverite.
“Kon Ou te voye M nan lemonn nan, 25Mwen osi voye yo nan lemonn. E pou koz a yo menm, Mwen vin sen Mwen menm, pou yo menm kapab 26vin sen nan laverite.
“Mwen pa mande pou sila yo sèlman, men pou sa yo osi ki kwè nan Mwen pa pawòl pa yo. Pou yo tout kapab fè yon sèl. 27Menm jan ke Ou menm, Papa, Ou nan Mwen, e Mwen nan Ou, pou yo kapab nan Nou tou. Pou lemonn kapab kwè ke Ou te voye M. 28Glwa ke Ou ban Mwen an, Mwen bay yo. Pou yo kapab fè yon sèl, menm jan ke Nou fè yon sèl. 29Mwen nan yo, e Ou nan Mwen, pou yo kapab vin pafè nan linite, pou lemonn kapab konnen ke Ou te voye Mwen, e 30te renmen yo, menm jan ke Ou renmen Mwen.
“Papa, Mwen vle ke yo menm tou, ke Ou ban Mwen yo, kapab avèk Mwen kote Mwen ye a, pou yo kapab wè glwa M, ke Ou ban Mwen, paske 31Ou te renmen Mwen avan fondasyon lemonn.
“O Papa 32ladwati a, malgre lemonn pa konnen Ou, Mwen konnen Ou. E sa yo konnen ke Ou te voye Mwen. E 33Mwen te fè non Ou rekonèt a yo, e yo va fè l rekonèt; pou 34menm lanmou ke Ou renmen Mwen an, kapab nan yo, epi Mwen menm nan yo.”
Source notes (34)
- Cross-reference Jn 11:41
- Cross-reference Jn 13:31
- Cross-reference Jn 3:35
- Cross-reference Jn 10:28
- Cross-reference Jn 5:44
- Cross-reference Jn 13:31
- Cross-reference Jn 4:34
- Cross-reference Jn 1:1
- Cross-reference Jn 6:37-39
- Cross-reference Jn 12:49
- Cross-reference Jn 8:42
- Cross-reference Luc 22:32
- Cross-reference Jn 17:20
- Cross-reference Jn 16:15
- Cross-reference Fil 2:9
- Cross-reference Jn 17:2
- Cross-reference Jn 6:70
- Cross-reference Jn 13:18
- Cross-reference Jn 7:33
- Cross-reference Jn 15:11
- Cross-reference Jn 15:19
- Cross-reference Mat 5:37
- Cross-reference Jn 17:14
- Cross-reference Jn 15:3
- Cross-reference Mat 10:5
- Cross-reference Jn 15:3
- Cross-reference Jn 10:38
- Cross-reference Jn 1:14
- Cross-reference Jn 10:38
- Cross-reference Jn 16:27
- Cross-reference Mat 25:34
- Cross-reference Jn 17:11
- Cross-reference Jn 17:6
- Cross-reference Jn 15:9
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.