Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Jean 18

Lè Jésus te pale pawòl sa yo, Li te pase avèk disip Li yo lòtbò ravin Cédron an, kote te gen yon 1jaden. Li menm te antre la avèk disip Li yo.

Anplis, Judas osi, ki t ap trayi Li a te konnen plas la, pwiske Jésus te konn 2reyini la souvan ak disip Li yo. Konsa, 3Judas, ki te deja resevwa kòwòt sòlda Women an avèk ofisye chèf prèt yo ak Farizyen yo, te vini la avèk lantèn, flanbo, ak zam.

Jésus, 4byen okouran sou tout bagay ki t ap vini sou Li yo, te vin parèt epi te di yo: “Kilès n ap chache?”

Yo te reponn Li: “Jésus, Nazareyen an.”

Li te di yo: “Mwen menm se Li”.

Judas osi ki t ap trayi Li a, te kanpe avèk yo. Lè konsa, Li te di yo: “Mwen menm se Li,” yo te fè bak epi tonbe atè.

Ankò konsa, Li te mande yo: 5“Kilès n ap chache?”

E yo te di: “Jésus, Nazareyen an.”

Jésus te reponn: “Mwen te di nou ke Mwen menm se Li. Si se pou sa, se Mwen nou ap chache, lese lòt yo fè wout yo.”

Pou pawòl ke Li te pale a ta kapab 6akonpli: “Nan sa ke Ou te ban Mwen yo, Mwen pa t pèdi youn.”

Konsa, Simon Pierre 7ki te gen yon nepe, te rale li e te frape esklav wo prèt la, epi te koupe zòrèy dwat la. Esklav la te rele Malchus.

Konsa, Jésus te di Pierre: “Mete nepe a nan fouwo a. 8Tas ke Papa a ban Mwen an, èske M pa pou bwè l?” 9

Konsa, kòwòt women an, avèk kòmandan, avèk ofisye Jwif yo te arete Jésus, e te mare Li. Yo te mennen Li premyèman bò kote Anne. Paske Li menm te bòpè a 10Caïphe, ki te wo prèt nan lane sa a. Epi se te Caïphe ki te bay konsèy a Jwif yo ke li 11ta meyè pou yon moun mouri pou benefis a tout pèp la. 12

Simon Pierre t ap swiv Jésus ansanm ak yon lòt disip.

Alò, disip sila a te rekonèt pa wo prèt la, e te antre avèk Jésus nan lakou wo prèt la, 13Men Pierre te kanpe prè pòt deyò a. Pou sa, lòt disip ki te byen rekonèt pa wo prèt la te ale deyò a e te pale avèk gadyen pòt la, epi te fè Pierre antre.

Fi domestik ki te okipe de pòt la te di Pierre: 14“Èske Ou pa osi youn nan disip a mesye sila a?”

Li te di: “Se pa Mwen.”

Epi lòt esklav yo ak ofisye ki te la yo, te fè yon dife avèk chabon, pwiske li te fè frèt e yo t ap 15chofe kò yo. Pierre te la avèk yo tou, e te kanpe la pou chofe kò li.

Konsa, 16wo prèt la t ap kesyone Jésus konsènan disip Li yo, e sou sa Li te enstwi yo.

Jésus te reponn Li: “Mwen 17pale ouvètman a lemonn. Mwen te toujou enstwi nan sinagòg yo, ak nan tanp lan, kote tout Jwif yo rasanble. E Mwen pa t pale anyen an sekrè. Poukisa nou ap kesyone M? Mande sa yo ki tande sa ke M te pale yo. Yo konnen sa ke M te di yo.”

Lè Li te di sa, youn nan 18ofisye yo te 19frape Jésus, e te di: “Èske se konsa Ou reponn wo prèt la?” 20

Jésus te reponn li: “Si Mwen pale mal, fè temwayaj a mal la, men si Mwen pale byen, poukisa Ou frape M?” 21

Akoz sa a, Anne te voye Li tou mare bay Caïphe, wo prèt la. 22

Alò, Simon Pierre te kanpe ap chofe kò li. Yo te di l konsa: “Se pa ou menm tou ki youn nan disip Li yo?” Li te demanti sa e te di: “Non, se pa Mwen.”

Youn nan esklav wo prèt la, konsi, yon manm fanmi a 23sila a ki te gen zòrèy koupe pa Pierre a te di: “Èske M pa t wè ou 24nan jaden an avèk Li?”

Konsa, Pierre te demanti sa ankò, epi lapoula, 25kòk la te chante. 26

Yo te mennen Jésus soti kote Caïphe, pou antre nan Tribinal la. Li te trè bonè, e yo pa t antre nan tribinal la pou yo pa vin souye, pou yo toujou ta kapab manje Pak la. 27

Pou sa, Pilate te soti deyò pou pale avèk yo e te di: “Ki akizasyon nou pote kont nonm sila a?”

Yo te reponn e te di li: “Si nonm sila pa te yon malfektè, nou pa t ap livre li bay ou.”

Epi Pilate te di yo: “Pran Li nou menm epi jije Li selon lalwa pa nou.” Jwif yo te di li: “Li pa pèmi pou nou mete yon moun a lanmò.”

Pou 28pawòl ke Jésus te pale a ta kapab akonpli, ki te montre ki kalite mò Li t ap mouri.

Konsa, Pilate te antre ankò nan Tribinal la, e te rele Jésus, e te di Li: 29“Èske Ou se Wa a Jwif yo.”

Jésus te reponn li: “Èske ou mande sa pou kont ou, oubyen èske gen lòt moun ki pale ou de Mwen?”

Pilate te reponn: “Èske mwen menm se yon Jwif? Pwòp nasyon pa W te livre Ou ban mwen. Kisa Ou fè?”

Jésus te reponn: 30“Wayòm Mwen pa de mond sila a. Si wayòm Mwen te de mond sila a, sèvitè Mwen yo ta goumen pou Mwen pa ta livre a Jwif yo, men koulye a, wayòm Mwen pa de isit.”

Pou sa, Pilate te di Li: “Alò se yon wa ke Ou ye?” 31

“Ou di byen kòrèk, ke se yon wa ke Mwen ye. Pou sa Mwen fèt, e Pou sa Mwen vini nan lemonn. Pou pote temwayaj a laverite. Tout moun ki nan laverite a tande vwa M.”

Pilate te di L: “Kisa ki laverite a?” Lè l fin di sa, li te ale deyò ankò kote Jwif yo, e te di yo: 32“Mwen pa twouve okenn koupabilite nan mesye sila a. 33Men nou gen yon koutim, ke Mwen gen pou lage pou nou yon moun nan lè Pak Jwif la. Èske konsa, nou ta renmen m lage pou nou Wa a Jwif Yo?”

Pou sa yo te kriye ankò e te di: 34“Pa mesye sila a, men lage Barabbas”. Alò, Barabbas te yon vòlè.

Source notes (34)
  1. Cross-reference Mat 26:36
  2. Cross-reference Luc 21:37
  3. Cross-reference Mat 26:47-56
  4. Cross-reference Jn 6:64
  5. Cross-reference Jn 18:4
  6. Cross-reference Jn 17:12
  7. Cross-reference Mat 26:51
  8. Cross-reference Mat 20:22
  9. Cross-reference Mat 26:57
  10. Cross-reference Mat 26:3
  11. Cross-reference Jn 11:50
  12. Cross-reference Mat 26:58
  13. Cross-reference Mat 26:69
  14. Cross-reference Jn 18:25
  15. Cross-reference Mc 14:54-67
  16. Cross-reference Mat 26:59-68
  17. Cross-reference Jn 7:26
  18. Cross-reference Jn 18:3
  19. Cross-reference Jn 19:3
  20. Cross-reference Mat 5:39
  21. Cross-reference Jn 18:3
  22. Cross-reference Mat 26:71-75
  23. Cross-reference Jn 18:10
  24. Cross-reference Jn 18:1
  25. Cross-reference Jn 13:38
  26. Cross-reference Mat 27:2
  27. Cross-reference Mat 27:11-14
  28. Cross-reference Mat 20:19
  29. Cross-reference Luc 23:3
  30. Cross-reference Mat 26:53
  31. Cross-reference Mat 27:11
  32. Cross-reference Luc 23:4
  33. Cross-reference Mat 27:15-26
  34. Cross-reference Trav 3:14

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.