Bib Sen An
Jean 14
“Pa kite kè nou twouble. Kwè nan Bondye, e kwè anplis nan Mwen.
“Nan kay Papa M gen anpil chanm. Si li pa t konsa, Mwen t ap di nou sa. Paske 2M ap prale pou prepare yon plas pou nou. E si Mwen ale pou prepare yon plas pou nou, 3M ap vini ankò pou resevwa nou a Mwen menm, ke 4kote Mwen ye, nou kapab la tou. E nou konnen chemen kote M ap prale a.” 5
Thomas te di Li: “Senyè, nou pa konnen kote W ap prale a. Kijan nou kapab konnen chemen an?”
Jésus te di li: “Mwen se 6 chemen, verite ak lavi a. Pèsòn p ap vini nan Papa a, sof ke pa Mwen. 7Si nou te konnen Mwen, nou ta konnen Papa M tou. Depi koulye a, nou konnen Li, e wè Li.” 8
Philippe te di Li: “Senyè, montre nou Papa a, epi l ap sifi pou nou.”
Jésus te di Li: “Èske Mwen gen tout tan sa a avèk nou, e ou poko vin rekonèt Mwen, Philippe? 9Sila ki gen tan wè M, gen tan wè Papa a. Kijan ou di: ‘Montre m Papa a?’ Èske ou pa kwè ke 10 Mwen nan Papa a, e Papa a nan Mwen? 11
“Pawòl ke Mwen pale ou yo, Mwen pa pale pa volonte pa M, men Papa a, ki rete nan Mwen fè travay Li. Kwè Mwen, ke 12Mwen nan Papa a, e ke Papa a nan Mwen. Oubyen apa de sa, 13kwè menm akoz zèv mwen yo.
“Anverite, anverite, Mwen di nou, moun ki kwè nan Mwen, zèv ke Mwen fè yo, li menm va fè yo tou, e 14pi gwo zèv pase sa yo l ap fè. Paske Mwen ap ale kote Papa a.
“Konsa, 15nenpòt bagay ke nou mande nan non Mwen, M ap fè li pou Papa a kapab resevwa glwa nan Fis la. Si nou mande M nenpòt bagay 16nan non Mwen, M ap fè l. 17
“Si nou renmen M, nou va kenbe kòmandman Mwen yo.
“Konsa, M ap mande Papa a, e Li va bay nou yon lòt 18konseye, pou Li kapab avèk nou jis pou janmen. Sa se 19Lespri verite a, ke lemonn nan pa kapab resevwa, paske li pa wè Li, ni konnen Li. Men nou konnen Li, paske Li rete avèk nou, epi Li va nan nou.
“Mwen p ap kite nou kon òfelen. 20M ap vin kote nou. Apre yon ti tan, 21lemonn p ap wè M ankò. Men nou menm ap wè m. 22Akoz ke Mwen viv, nou menm ap viv tou. Nan jou sa nou ap konnen ke 23Mwen menm nan Papa a, e nou nan Mwen, e Mwen nan nou. 24
“Moun ki gen kòmandman Mwen yo, e kenbe yo, se li ki renmen M. E li menm ki renmen M, ap renmen pa Papa Mwen, e Mwen va renmen l epi va devwale M a li.”
Judas, se pa Iscariot la, te di Li: “Senyè, kisa menm ki rive 25 ki fè W ap devwale Ou a nou, e pa a lemonn?”
Jésus te reponn e te di Li: “Si nenpòt moun renmen M, li va 26 kenbe pawòl Mwen, e Papa M va renmen li, e Nou va vin kote li, epi va demere avèk li”. Moun ki pa renmen M pa kenbe pawòl Mwen. E 27pawòl sa a ke nou tande a se pa pa M, men se sa ki nan Papa ki te voye M nan.
Bagay sa yo Mwen pale pandan Mwen rete avèk nou an. Men Konseye a, Espri Sen an, ke Papa a va voye nan non Mwen, 28Li va enstwi nou tout bagay, e fè nou sonje tout sa ke Mwen te di nou. 29
Lapè Mwen kite avèk nou. Lapè Mwen, Mwen bay nou. Pa kon lemonn konn bay, Mwen bay nou. Pa kite kè nou twouble, ni pa kite l krent.
“Nou te tande ke Mwen te di nou: ‘M ap prale, e Mwen va vin kote nou’. Si nou te renmen M nou ta rejwi, paske M ap prale kote Papa a. Paske 30Papa a pi gran pase M. E koulye a 31Mwen gen tan di nou avan li rive, pou lè l rive, nou kapab kwè.
“Mwen p ap pale anpil anplis avèk nou, paske 32mèt a mond sa a ap vini, e li pa gen anyen nan Mwen. Men pou lemonn kapab konnen ke Mwen renmen Papa a; jan 33Papa a kòmande M, konsa ojis, Mwen fè l.
“Leve, annou kite isit la.”
Source notes (33)
- Cross-reference Jn 14:27
- Cross-reference Jn 13:33-36
- Cross-reference Jn 14:18-28
- Cross-reference Jn 12:26
- Cross-reference Jn 11:16
- Cross-reference Jn 10:9
- Cross-reference Jn 10:9
- Cross-reference Jn 1:43
- Cross-reference Jn 1:14
- Cross-reference Jn 1:14
- Cross-reference Jn 5:19
- Cross-reference Jn 10:38
- Cross-reference Jn 5:36
- Cross-reference Jn 5:20
- Cross-reference Mat 7:7
- Cross-reference Jn 15:16
- Cross-reference Jn 14:21-23
- Cross-reference Jn 7:39
- Cross-reference Jn 15:26
- Cross-reference Jn 14:3-28
- Cross-reference Jn 16:16-22
- Cross-reference Jn 6:57
- Cross-reference Jn 10:38
- Cross-reference Jn 14:15-23
- Cross-reference Trav 10:40-41
- Cross-reference Jn 8:51
- Cross-reference Jn 7:16
- Cross-reference Jn 16:13
- Cross-reference Jn 16:33
- Cross-reference Jn 10:29
- Cross-reference Jn 13:19
- Cross-reference Jn 12:31
- Cross-reference Jn 10:18
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.