Bib Sen An
Jean 13
Alò, avan 1Fèt Pak Jwif la, Jésus te byen okouran ke lè Li te rive epi ke Li t ap kite mond sa a pou ale 2kote Papa a. Konsa Li te renmen moun pa Li yo ki te nan lemonn. Li te renmen yo jiska lafen.
Pandan yo t ap soupe, 3dyab la te deja mete nan kè Judas, fis Simon an, pou trayi Li.
Jésus, 4byen konnen ke Papa a te mete tout bagay nan men Li, e ke 5Li te sòti nan Bondye, e t ap retounen a Bondye, te leve nan soupe a. Li te retire gwo vètman Li. Li te pran yon twal e te vlope l nan kò Li. Li te vide dlo nan basen an e te kòmanse 6lave pye a disip Li yo, e siye yo avèk twal ki te vlope L la.
E konsa, lè L rive nan Simon Pierre, li te di Li: “Senyè, w ap lave pye mwen?”
Jésus te reponn e te di Li: “Sa ke M ap fè la a koulye a, ou p ap konprann, men 7pita, ou va konprann.”
Pierre te di Li: “Ou p ap janm lave pye mwen!” Jésus te reponn li: 8“Si Mwen pa lave ou, ou p ap gen pati nan Mwen.”
Simon Pierre te di Li: “Senyè, pa sèlman pye mwen, men anplis men mwen ak tèt mwen.”
Jésus te di li: “Sila a ki gen tan benyen sèlman bezwen lave pye li. Men tout rès li pwòp. 9Nou menm nou pwòp, men pa tout pami nou.” Paske 10Li te konnen kilès ki t ap trayi Li, e pou rezon sa a Li te di: “Se pa tout nan nou ki pwòp.”
Konsa, lè Li te lave pye yo, e te 11reprann vètman Li yo, Li te apiye sou tab la ankò, e te di yo: “Èske nou konnen kisa Mwen gen tan fè nou la a? Nou rele M ‘Mèt’, epi 12‘Senyè’, e nou gen rezon, paske se sa Mwen ye. Pou sa, si Mwen, 13Senyè a ak Mèt la lave pye nou, nou osi dwe lave pye youn a lòt. Paske Mwen te bay nou 14yon egzanp ke nou menm osi dwe fè tankou Mwen te fè pou nou.
“Anverite, anverite, Mwen di nou, yon 15esklav pa pi gran pase mèt li. Ni yon moun ki voye pa pi gran pase sila ki voye l la. Si nou konnen bagay sa yo, nou 16beni si nou fè yo.
“Se pa a nou tout ke M pale. Mwen konnen sila ke M te chwazi yo. Men se pou Lekriti sen yo kapab akonpli. 17 ‘Sila ki manje pen Mwen an te leve talón li kont Mwen.’
“Depi koulye a, 18M ap di nou avan li rive, pou lè li rive, nou kapab kwè ke 19Mwen menm se Li.
“Anverite, anverite, Mwen di nou, 20sila a ki resevwa nenpòt moun ke M voye, resevwa M. E sila ki resevwa Mwen, resevwa Li menm ki te voye Mwen an.”
Lè Jésus te fin di sa, Li te 21vin twouble nan lespri L, e te fè temwayaj e te di: “Anverite, anverite Mwen di nou ke youn nan nou ap trayi M.”
Disip yo te kòmanse gade youn a lòt, 22san okenn lide sou kilès nan yo Li t ap pale a.
Te gen youn ki t ap apiye sou Jésus, sila ke Li te renmen anpil la.23 Konsa, Simon Pierre te fè l siyal, e te di li: “Di nou kilès nan nou ke L ap pale a.” Sila ki te 24apiye sou pwatrin Jésus a, te di Li: “Senyè, kilès li ye?”
Pou sa, Jésus te reponn: “Sila a ke M ap bay mòso pen ke M pral tranpe bay li a.” Lè L tranpe mòso a Li te pran li bay Judas, 25fis a Simon Iscariot.
Epi apre mòso a, Satan 26te antre nan li. Konsa, Jésus te di l: “Sa w ap fè a, fè vit.”
Pèsòn pami sa yo sou tab la pa t konnen pou ki rezon Li te di l sa. Kèk te sipoze ke se te akoz Judas 27te gen bwat kès la, epi ke Jésus t ap di l: “Ale achte bagay nou bezwen pou fèt la,” oubyen petèt ke li ta dwe bay kèk choz a malere yo.
Apre li te resevwa mòso a, li te sòti nan menm moman an. E 28li te lannwit.
Konsa, lè l gen tan ale, Jésus te di: “Koulye a Fis a Lòm nan gen tan resevwa glwa, epi 29Bondye resevwa glwa nan Li. Si Bondye resevwa glwa nan Li, 30Bondye osi ap resevwa glwa Li, nan Li menm, epi va resevwa glwa Li koulye a menm.”
“Pitit Mwen yo, Mwen avèk nou pou 31yon ti tan anplis. 32Nou ap chache M, e tankou Mwen te di Jwif yo, koulye a M ap di nou tou. Kote M ap ale, nou p ap kab vini.
“Yon kòmandman nèf Mwen bay nou. 33Ke nou renmen youn a lòt menm jan ke Mwen renmen nou. Konsa renmen youn a lòt. 34Konsa, tout moun ap konnen ke nou menm se disip Mwen yo, si nou gen lanmou youn pou lòt.”
Simon Pierre te di Li: “Senyè, kibò W ap prale?” Jésus te reponn li: 35“Kote M ap prale a, ou p ap kapab ale koulye a, men pita, ou va swiv Mwen.”
Pierre te di Li: “Senyè, poukisa mwen pa kapab swiv Ou koulye a? 36Mwen va bay vi m pou Ou.”
Jésus te di: “Èske ou va bay vi ou pou Mwen? Anverite, anverite, Mwen di ou, 37avan kòk la gen tan chante, ou va rejte Mwen twa fwa.”
Source notes (37)
- Cross-reference Jn 11:55
- Cross-reference Jn 13:3
- Cross-reference Jn 6:70
- Cross-reference Jn 3:35
- Cross-reference Jn 8:42
- Cross-reference Jen 18:4
- Cross-reference Jn 13:12
- Cross-reference Sòm 51:2,7
- Cross-reference Jn 15:3
- Cross-reference Jn 6:64
- Cross-reference Jn 13:4
- Cross-reference Jn 11:2
- Cross-reference Jn 11:2
- Cross-reference I Pi 5:3
- Cross-reference Mat 10:24
- Cross-reference Mat 7:24
- Cross-reference Sòm 41:9
- Cross-reference Jn 14:29
- Cross-reference Jn 8:24
- Cross-reference Mat 10:40
- Cross-reference Jn 11:33
- Cross-reference Mat 26:21
- Cross-reference Jn 19:26
- Cross-reference Jn 21:20
- Cross-reference Jn 6:71
- Cross-reference Luc 22:3
- Cross-reference Jn 12:6
- Cross-reference Luc 22:53
- Cross-reference Jn 14:13
- Cross-reference Jn 17:1
- Cross-reference Jn 7:33
- Cross-reference Jn 7:34
- Cross-reference Lev 19:18
- Cross-reference I Jn 3:14
- Cross-reference Jn 13:33
- Cross-reference Mat 26:33-35
- Cross-reference Mc 14:30
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.