Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Jean 12

Pou sa a, sis jou avan fèt la Jésus te vini nan Béthanie, kote Lazare, moun Li te fè leve sòti nan lanmò a te ye a. Konsa, yo te prepare yon manje pou li la. 1

Marthe t ap sèvi, men Lazare te youn nan yo ki te sou tab avèk Li. Nan lè sa a, 2Marie te pran yon liv pafen yo rele na ki te koute trè chè, e te vide sou pye a Jésus e te siye yo avèk cheve li. Kay la te ranpli avèk sant pafen sa a.

Men 3Judas Iscariot, youn nan disip Li yo, ki te gen lentansyon pou trayi Li, te di: “Poukisa pafen sila a pa t vann pou twa san denye, pou yo ta bay malere yo?” Alò, li pa t di sa paske li te konsène pou malere yo, men paske se te yon vòlè li te ye. Epi konsi li 4te responsab lajan nan bwat kès la, li te konn piyaje 5sa ke yo mete ladann.

Pou rezon sa a, Jésus te di “Pa deranje l, li te konsève sa a pou 6jou lantèman M. 7Paske malere yo ap toujou avè w, men Mwen, ou p ap toujou genyen M.”

Konsa, gran foul Jwif yo te dekouvri ke Li te la, e yo te vini non sèlman akoz Jésus, men pou yo ta ka wè Lazare 8ke Li te leve sòti nan lanmò a.

Men chèf prèt yo te mete tèt yo ansanm pou yo ta kapab anplis mete Lazare a lanmò. Paske 9akoz li menm, anpil nan Jwif yo t ap kite e t ap kwè nan Jésus.

Nan jou aprè a, yon 10gran foul ki te vini nan fèt la, lè yo tande ke Jésus t ap vini nan Jérusalem, te pran branch pye palmis, e te ale rankontre Li, e te kòmanse kriye “Ozana, 11ozana, beni sila a ki vini nan non Senyè a, Wa Israël la.”

Jésus te twouve yon jenn bourik e te chita sou li. Tankou li ekri, 12“Pa pè, O fi a Sion. Gade byen, Wa ou ap vini, byen chita sou yon jenn bourik.”

Nan kòmansman, disip Li yo pa t konprann 13bagay sa yo, men lè Jésus te resevwa glwa, Yo sonje ke yo te ekri sou Li e ke yo te fè L bagay sa yo.

Konsa, 14pèp la ki te avè L lè Li te rele Lazare deyò nan tonm nan, e te fè l leve sòti nan lanmò a, t ap toujou fè temwayaj de Li. 15Pou koz sa, foul la te ale rankontre Li, paske yo te tande ke Li te fè sign sila a. Akoz sa a, Farizyen yo te di youn ak lòt: “Nou wè ke nou p ap fè anyen ki bon. Gade, lemonn ap kouri dèyè Li.”

Konsa, te gen sèten 16Grèk pami yo ki t ap monte pou adore nan fèt la. Yo te ale kote Philippe ki te sòti nan 17Bethsaïda nan Galilée, e te kòmanse mande li: “Mesye, nou vle wè Jésus.”

Philippe te vin di 18André. E André ak Philippe te di Jésus sa.

Jésus te reponn yo e te di: “Lè a rive pou Fis a Lòm nan kapab 19resevwa glwa.

“Anverite, anverite, Mwen di nou, 20sof ke yon grenn ble tonbe nan tè epi mouri, li rete pou kont li, men si li mouri, l ap fè anpil fwi. 21Moun ki renmen vi li va pèdi l, e moun ki rayi vi li nan mond sa a va konsève li jiska lavi etènèl.

“Si nenpòt moun ap sèvi Mwen, fòk li swiv Mwen. E 22kote Mwen ye, la sèvitè Mwen va ye tou. Si nenpòt moun ap sèvi Mwen, Papa a va onore li. 23

“Koulye a nanm Mwen vin twouble. Epi kisa M ap di: ‘Papa, sove M de lè sa a’? Men se pou rezon sa a ke M te rive nan lè sa a. Papa, ke non Ou kapab resevwa glwa!”

Yon 24vwa te sòti nan syèl la: “Mwen te non sèlman bay li glwa a, men Mwen va bay li glwa ankò.”

Foul la ki te kanpe la epi te tande sa, te di ke yo tande loraj. Lòt yo te di: 25“Yon zanj pale avèk Li.”

Jésus te reponn e te di: 26“Vwa sa a pa t vini pou kòz pa M, men pou kòz pa nou. Koulye a jijman vini sou mond sa a. Koulye a 27mèt mond sa a va jete deyò. E Mwen, si Mwen 28gen tan leve wo anwo tè a, Mwen va 29atire tout moun kote Mwen menm.” Men Li te di sa 30pou montre ki kalite mò Li ta pral mouri an.

Pou sa, foul la te reponn Li: “Nou te tande nan Lalwa ke 31Kris la ap la jis pou janmen. E kijan ou kapab di: ‘Fis a Lòm nan oblije leve wo?’ Kilès Fis a Lòm sila a?”

Akoz sa, Jésus te di yo: “Pou yon ti tan anplis, limyè a pami nou. Mache pandan nou gen limyè a, pou tenèb la pa gen tan pran nou. Sila ki 32mache nan tenèb la pa konnen kote l ap prale. Pandan nou gen limyè a, kwè nan limyè a pou nou kapab vini fis a limyè a.” Bagay sa yo Jésus te pale, epi Li ale kache kò Li pou yo pa jwenn Li.

Men malgre ke Li te fè tout sign sa yo devan yo, toujou yo pa t kwè nan Li. Pou pawòl a pwofèt la, Ésaïe, ta kapab akonpli lè l te di: 33

“Senyè, kilès ki kwè nan rapò nou?

E a kilès bra Letènèl la devwale?”

Pou rezon sa, yo pa t kab kwè. Paske Ésaïe te di ankò: 34

“Li te fè zye yo avegle, e te fè kè yo di,

sof ke yo wè avèk zye yo, apèsi avèk kè yo,

epi vin konvèti, epi Mwen ta geri yo.”

Bagay sa yo, Ésaïe te di paske 35li te wè glwa Li, e akoz ke li te wè glwa Li, li te pale sou Li.

Malgre sa, menm anpil nan 36gran chèf yo te kwè nan Li, men akoz Farizyen yo, yo pa t konfese sa a, akoz krent ke yo ta 37vin mete deyò nan sinagòg la. 38Paske yo te gen lanvi pou lwanj a lòm olye lwanj Bondye.

Jésus te kriye e te di: 39“Sila a ki kwè nan Mwen, pa kwè nan Mwen, men nan Li menm ki te voye Mwen an. 40Sila a ki wè M, wè Li menm ki te voye Mwen an. 41Mwen te vini kon yon limyè nan mond lan, pou tout moun ki kwè nan Mwen pa rete nan tenèb.

“Si nenpòt moun tande pawòl Mwen yo, e pa kenbe yo, Mwen pa jije li. Paske 42Mwen pa t vini nan lemonn pou jije lemonn, men pou sove lemonn. 43

“Sila a ki rejte Mwen, epi pa resevwa pawòl Mwen yo, gen youn k ap jije li. 44Pawòl ke Mwen te pale a se li k ap jije li nan dènye jou a.

“Paske Mwen pa t pale pou kont Mwen, men Papa a, Li menm, ki te voye M 45te kòmande Mwen kisa pou M pale, e kisa pou M di. E Mwen konnen ke 46kòmandman Li se lavi etènèl. Pou sa, se konsa Mwen pale; 47 menm sa ke Papa a di Mwen yo, konsa Mwen pale.”

Source notes (47)
  1. Cross-reference Luc 10:38
  2. Cross-reference Luc 7:37
  3. Cross-reference Jn 6:71
  4. Cross-reference Jn 13:29
  5. Cross-reference Luc 8:3
  6. Cross-reference Jn 19:40
  7. Cross-reference Det 15:11
  8. Cross-reference Jn 11:43
  9. Cross-reference Jn 11:45
  10. Cross-reference Mat 21:4-9
  11. Cross-reference Sòm 118:26
  12. Cross-reference Za 9:9
  13. Cross-reference Mc 9:32
  14. Cross-reference Jn 11:42
  15. Cross-reference Luc 19:37
  16. Cross-reference Jn 7:35
  17. Cross-reference Mat 11:21
  18. Cross-reference Jn 1:44
  19. Cross-reference Jn 7:39
  20. Cross-reference Wo 14:9
  21. Cross-reference Mat 10:39
  22. Cross-reference Jn 14:3
  23. Cross-reference Mat 26:38
  24. Cross-reference Mat 3:17
  25. Cross-reference Trav 23:9
  26. Cross-reference Jn 11:42
  27. Cross-reference Jn 14:30
  28. Cross-reference Jn 3:14
  29. Cross-reference Jn 6:44
  30. Cross-reference Jn 18:32
  31. Cross-reference Sòm 110:4
  32. Cross-reference I Jn 1:6
  33. Cross-reference És 53:1
  34. Cross-reference És 6:10
  35. Cross-reference És 6:1
  36. Cross-reference Luc 23:13
  37. Cross-reference Jn 9:22
  38. Cross-reference Jn 5:41-44
  39. Cross-reference Mat 10:40
  40. Cross-reference Jn 14:9
  41. Cross-reference Jn 1:4
  42. Cross-reference Jn 3:17
  43. Cross-reference Luc 10:16
  44. Cross-reference Det 18:18
  45. Cross-reference Jn 14:31
  46. Cross-reference Jn 6:68
  47. Cross-reference Jn 5:19

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.