Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Jean 11

Alò, yon sèten mesye te malad. Lazare a Béthanie, vilaj kote Marie ak sè li 1Marthe te rete a.

Se te sè Lazare, Marie ki te 2onksyone Senyè a avèk lwil chè a, epi te siye pye Li avèk cheve li. Se frè li, Lazare, ki te malad. Konsa, sè yo te voye kote Li pou di L: “Senyè, 3sila ke ou renmen an malad.”

Men lè Jésus te tande sa, Li te di: “Maladi sa a se pa a lanmò, 4men pou glwa Bondye, pou Fis a Lòm nan kapab resevwa glwa de li.” Konsa, Jésus te renmen 5Marthe ak sè li, ak Lazare. Pou sa, lè L tande ke Li te malad, Li te rete de jou anplis nan plas kote Li te ye a. Apre sa, Li te di a disip Li yo: 6“Annou ale nan Judée ankò.”

Disip Li yo te di Li: “Rabbi, fenk koulye a Jwif yo t ap 7eseye lapide Ou, epi W ap prale la ankò?”

Jésus te reponn yo: 8“Èske pa gen douz è de tan nan yon jounen? Si yon moun mache nan lajounen, li p ap chape tonbe, paske li wè limyè a mond sila a. Men si yon moun mache lannwit, l ap tonbe, paske limyè a pa nan li.”

Sa, Li te di, epi apre sa, Li te di yo: “Zanmi nou Lazare 9gen tan tonbe nan dòmi. Men m ap prale pou M ka fè l leve nan dòmi.”

Konsa, disip Li yo te di L: “Senyè, si li tonbe nan dòmi, l ap refè.” Alò 10Jésus t ap pale de lanmò Li, men yo te konprann ke Li t ap pale de yon vre dòmi.

Pou sa, Jésus te di yo byen klè: “Lazare gen tan mouri, e pou koz pa nou, Mwen kontan ke M pa t la pou nou kapab kwè. Annou ale kote l.”

Pou sa, Thomas, ke yo rele osi 11Didyme, te di disip parèy li yo: “Annou ale avèk Li pou nou kapab mouri avè L.”

Konsa, lè Jésus te vini, Li te twouve ke Li te deja nan tonm nan depi kat jou. 12Béthanie te prè Jérusalem. Anviwon twa kilomèt distans.

Anpil nan Jwif yo te deja vin kote Marthe ak Marie 13pou konsole yo konsènan frè yo.

Pou sa, lè 14Marthe te tande ke Jésus t ap vini, li te ale rankontre Li. Men Marie te toujou chita nan kay la.

Konsa, Marthe te di a Jésus: “Senyè, 15si Ou te la, frè m nan pa t ap mouri. Menm koulye a, mwen konnen ke 16nenpòt bagay ke Ou mande Bondye, Bondye ap bay Ou li.”

Jésus te di li: “Frè ou ap leve ankò.”

Marthe te reponn Li: 17“Mwen konnen ke li ap leve ankò nan rezirèksyon an nan dènye jou a.”

Jésus te reponn Li: 18“Mwen se rezirèksyon an ak lavi a. Moun ki kwè nan Mwen va viv, menm si li mouri. E tout moun ki viv e kwè nan Mwen, 19p ap janm mouri. Èske ou kwè sa?”

Li te di Li: “Wi, Senyè, Mwen gen tan kwè ke Ou se 20Kris la, Fis a Bondye, menm Li menm ki vini nan mond lan.”

Lè li te di sa, li te ale, e te rele Marie, sè li, e te di l apa: 21“Mèt la rive, e L ap mande pou ou.” E lè li tande sa, li te leve vit, epi t ap vin kote Li. Jésus poko te rive nan bouk la, men 22te toujou nan plas kote Marthe te rankontre Li a. 23Jwif yo ki t ap konsole li nan kay la te wè l leve vit e sòti. Epi yo sipoze ke li t ap ale nan tonm nan pou kriye.

Konsa, lè Marie te vini kote Jésus, li te tonbe nan pye Li, e te di L: “Senyè, 24si Ou te isit la, frè m nan pa t ap mouri.”

Konsa, lè Jésus te wè l t ap kriye, epi Jwif ki te avè l yo t ap kriye, Li 25te vrèman etone nan fon lespri Li, e te twouble. Li te di: “Kibò nou mete Li?”

Yo te di Li: “Senyè, vin wè.”

Jésus te 26kriye.

E Jwif yo t ap di: “Gade kijan Li 27te renmen l.” Men kèk nan yo te di: “Èske nonm sila a 28ki te louvri zye a sa ki te avèg la, pa t kab anpeche moun sa a mouri osi?”

Pou sa, Jésus, ankò, etone byen fon nan lespri li, te vin bò kote tonm nan. Se te yon 29kav e yon wòch te apiye sou Li.

Jésus te di: “Retire wòch la.” Marthe, sè mò a te di Li: “Senyè, pou lè sa, li va santi. Li la depi kat jou.”

Jésus te di li: 30“Èske Mwen pa t di ou ke si Ou kwè, ou va wè glwa Bondye?”

Epi konsa, yo te retire wòch la. Jésus 31te leve zye Li e te di: 32“Papa, Mwen remèsye Ou ke Ou tande M. Mwen te konnen ke Ou tande M tout tan, men 33akoz pèp la ki kanpe antoure M, Mwen te di sa, pou yo kapab kwè ke Ou te voye Mwen.”

Lè L fin te di bagay sa yo, Li te kriye avèk yon gwo vwa: “Lazare, sòti deyò.” E sila ki te mouri an te sòti 34byen mare men ak pye yo avèk twal ki te vlope l, e 35yon twal ki te vlope figi li.

Jésus te di yo: “Demare l epi lage l.”

Pou sa, anpil nan sa 36ki te vin kote Marie yo, e ki te wè sa Li te fè a, te kwè nan Li.

Men kèk nan yo te ale nan 37Farizyen yo e te di yo sa ke Jésus te fè a.

Konsa, 38chèf prèt yo avèk Farizyen yo te 39konvoke yon gran konsèy. Yo t ap di: “Kisa n ap fè, pwiske nonm sila a ap fè anpil sign.” “Si nou kite Li kontinye konsa, tout moun ap kwè nan Li, epi Women yo ap vin pran ni 40plas nou, ni nasyon nou.”

Men youn nan yo, Caïphe, 41ki te granprèt pou lane sila a, te di yo: “Nou pa konnen anyen, ni nou pa kontwole ke 42li ta meyè pou nou si yon moun ta mouri pou pèp la, pou tout nasyon an pa peri.” Alò li pa t di sa pou kont li, men 43akoz ke li te wo prèt nan lane sa a, li t ap fè pwofesi ke Jésus t ap mouri pou nasyon an. E pa sèlman pou nasyon sila a, men ke Li ta kab 44ranmase ansanm pou fè yon sèl, tout pitit Bondye ki te gaye a letranje yo. Depi jou sa, yo t ap 45fè plan pou touye L.

Pou sa, Jésus 46pa t ankò mache an piblik pami Jwif yo, men te kite la pou ale nan peyi toupre dezè a, nan yon vil yo rele Éphraïm. Li te rete la avèk disip Li yo.

Alò, Pak Jwif la te pwòch, epi anpil te kite andwa andeyò yo pou monte nan Jérusalem, 47pou yo ta kab vin pirifye. Konsa, yo 48t ap di youn ak lòt pandan yo kanpe nan tanp lan: “Kisa nou panse. Èske Li p ap menm vini nan fèt la?” Alò, 49chèf prèt yo ak Farizyen yo te bay lòd pou si nenpòt moun te konnen kote Li te ye, yo dwe bay rapò pou yo ta kab sezi L.

Source notes (49)
  1. Cross-reference Luc 10:38
  2. Cross-reference Luc 7:38
  3. Cross-reference Jn 11:5-36
  4. Cross-reference Jn 9:3
  5. Cross-reference Jn 11:1
  6. Cross-reference Jn 10:40
  7. Cross-reference Jn 8:59
  8. Cross-reference Luc 13:33
  9. Cross-reference Mat 27:52
  10. Cross-reference Mat 9:24
  11. Cross-reference Jn 20:24
  12. Cross-reference Jn 11:1
  13. Cross-reference Job 2:11
  14. Cross-reference Luc 10:38-42
  15. Cross-reference Jn 11:32-37
  16. Cross-reference Jn 9:31
  17. Cross-reference Dan 12:2
  18. Cross-reference Jn 1:4
  19. Cross-reference Jn 6:47-50,51
  20. Cross-reference Mat 16:16
  21. Cross-reference Mat 26:18
  22. Cross-reference Jn 11:20
  23. Cross-reference Jn 11:19-33
  24. Cross-reference Jn 11:21
  25. Cross-reference Jn 11:38
  26. Cross-reference Luc 19:41
  27. Cross-reference Jn 11:3-5
  28. Cross-reference Jn 9:7
  29. Cross-reference Mat 27:60
  30. Cross-reference Jn 11:4
  31. Cross-reference Jn 17:1
  32. Cross-reference Mat 11:25
  33. Cross-reference Jn 12:30
  34. Cross-reference Jn 19:40
  35. Cross-reference Jn 20:7
  36. Cross-reference Jn 11:19
  37. Cross-reference Jn 7:32-45
  38. Cross-reference Jn 7:32-45
  39. Cross-reference Mat 26:3
  40. Cross-reference Mat 24:15
  41. Cross-reference Jn 11:51
  42. Cross-reference Jn 18:14
  43. Cross-reference Jn 18:13
  44. Cross-reference Jn 10:16
  45. Cross-reference Mat 26:4
  46. Cross-reference Jn 7:1
  47. Cross-reference Nonb 9:10
  48. Cross-reference Jn 7:11
  49. Cross-reference Jn 11:47

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.