Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Jean 10

Anverite, anverite, Mwen di nou, sila ki pa antre nan pak mouton an pa pòt la, men monte pou l antre yon lòt jan, li menm se yon 1vòlè ak yon brigan. Men moun ki antre pa pòt la se 2bèje mouton yo.

Pou li menm, gadyen pòt la va ouvri, epi mouton yo tande 3vwa l. Li rele pwòp mouton li yo pa non yo, e mennen yo deyò. Nenpòt lè L fè soti tout sa ki pou li yo, li ale devan yo, e mouton yo swiv li, paske yo rekonèt 4vwa li. Men yon etranje, yo p ap janm swiv li, men ap sove ale kite li, paske yo pa rekonèt 5 vwa etranje yo. 6

Kalite pawòl sa a, Jésus te sèvi pou pale avèk yo, men yo pa t konprann bagay sa yo ke Li t ap di yo.

Pou sa, Jésus te di yo ankò, “Anverite, anverite, Mwen di nou, Mwen menm se 7pòt la pou mouton yo. Tout sa yo ki te vini avan M se 8vòlè ak brigan, men mouton yo pa t tande yo. 9

“Mwen se pòt la. Si nenpòt moun antre pa Mwen, li va sove e va antre, sòti pou twouve patiraj.

“Vòlè a vini sèlman pou l vòlè, touye, ak detwi.

“Mwen te vini pou yo 10ta kapab gen lavi, pou yo ta ka genyen l an abondans. 11

“Mwen menm se bon bèje a. Bon bèje a ap bay vi Li pou mouton yo.

“Sila a ki se yon ouvriye jounalye epi pa yon 12bèje, ki pa mèt mouton yo, wè lou ap vini epi li kouri kite mouton yo. Lou a vin pran yo, epi gaye yo. Li sove ale, paske se yon ouvriye jounalye, e afè mouton pa konsène l.

“Mwen se bon bèje a. 13Mwen rekonèt sa yo ki pou Mwen, e pa Mwen yo rekonèt Mwen. Menm jan ke 14Papa a rekonèt Mwen, Mwen rekonèt Papa a. Mwen bay vi Mwen pou mouton yo.

“Epi Mwen gen 15lòt mouton ki pa nan pak sa a. Fòk Mwen mennen yo tou. Epi yo va tande vwa M. Yo va vini yon sèl pak avèk yon bèje.

“Pou rezon sa a, Papa a renmen M, paske Mwen 16bay lavi Mwen pou M kab reprann li ankò. 17Okenn moun pa pran li nan men M, men Mwen bay li avèk pwòp volonte M. Mwen gen otorite pou bay li, e Mwen gen otorite pou reprann li ankò. Kòmandman sila a Mwen te resevwa l depi nan men Papa M.”

Konsa te leve 18yon divizyon pami Jwif yo akoz pawòl sa yo.

Anpil t ap di: 19“Li gen yon dyab epi 20Li fou. Poukisa nou ap koute Li?”

Lòt t ap di: “Pawòl sa yo se pa pawòl a yon move lespri. 21Yon dyab p ap kab ouvri zye a yon moun ki avèg. Nou ta kwè sa?”

Nan lè sa, Fèt Dedikasyon an t ap pase nan Jérusalem. Se te nan tan livè, epi Jésus t ap mache nan tanp lan sou 22galeri Salomon an.

Pou sa, Jwif yo te rasanble antoure Li, epi t ap di Li: “Pou konbyen de tan W ap kenbe nou an sispann? Si ou menm se Kris la, fè nou konnen klè.”

Jésus te di yo: “Mwen te di nou, e nou pa kwè M. Zèv ke M fè nan non Papa M yo, sa yo fè temwayaj de Mwen.” Men nou pa kwè, paske nou pa mouton Mwen yo.

“Mouton pa M yo 23tande vwa M, e yo swiv Mwen. E Mwen bay yo 24lavi etènèl, e yo p ap janm peri. E pèsòn p ap kab rachte yo nan men M.

“Papa M ki te ban Mwen yo, pi gran pase tout moun. E pèsòn p ap kab rachte yo nan men a Papa a. 25Mwen avèk Papa a se youn.”

Jwif yo te 26leve pran wòch ankò pou lapide L.

Jésus te reponn yo: “Mwen te montre nou anpil bon zèv ki te sòti nan Papa a. Pou kilès ladan yo n ap lapide M nan?”

Jwif yo te reponn: “Pou bon zèv, nou pa lapide Ou, men pou 27blasfèm nan. Paske Ou menm ki se yon nonm, 28pran poz ke se Bondye ou ye.”

Jésus te reponn yo: “Èske li pa te ekri nan Lalwa pa w la ke: 29 ‘Mwen di ke se dye yo nou ye’?

“Si Li te rele yo dye yo, sila ki te resevwa pawòl Bondye yo (epi Ekriti Sen yo p ap kapab chanje), èske ou di a Li menm, Sila a ke Papa a te fè sen, epi 30voye nan lemonn nan: ‘W ap blasfeme’ akoz Mwen di ke Mwen menm se Fis Bondye a? 31

“Si Mwen pa fè zèv a Papa M, pa kwè M. Men si M fè yo, malgre ou pa kwè M, kwè zèv yo pou ou kapab konnen epi konprann ke 32Papa a nan Mwen, e Mwen nan Papa a.”

Pou sa, yo 33t ap chache ankò pou kenbe L, men Li te evite men yo.

Li te ale 34ankò lòtbò Jourdain an nan plas kote Jean te premye konn batize a. Li te demere la.

Anpil te vin kote L e t ap di: “Malgre Jean pa t fè yon sign, 35tout bagay li te di selon mesye sa a se te vrè.” Anpil moun te kwè nan Li la.

Source notes (35)
  1. Cross-reference Jn 10:8
  2. Cross-reference Jn 10:11
  3. Cross-reference Jn 10:4-16,27
  4. Cross-reference Jn 10:5-16,27
  5. Cross-reference Jn 10:4-16
  6. Cross-reference Jn 16:25-29
  7. Cross-reference Jn 10:1-9
  8. Cross-reference Jr 23:1
  9. Cross-reference Jn 10:1-9
  10. Cross-reference Jn 5:40
  11. Cross-reference És 40:11
  12. Cross-reference Jn 10:2
  13. Cross-reference Jn 10:27
  14. Cross-reference Mat 11:27
  15. Cross-reference És 56:8
  16. Cross-reference Jn 10:11-18
  17. Cross-reference Mat 26:53
  18. Cross-reference Jn 7:43
  19. Cross-reference Jn 7:20
  20. Cross-reference Mc 3:21
  21. Cross-reference Egz 4:11
  22. Cross-reference Trav 3:11
  23. Cross-reference Jn 10:4-16
  24. Cross-reference Jn 17:2
  25. Cross-reference Jn 17:2
  26. Cross-reference Jn 8:59
  27. Cross-reference Lev 24:16
  28. Cross-reference Jn 5:18
  29. Cross-reference Sòm 82:6
  30. Cross-reference Jn 3:17
  31. Cross-reference Jn 10:25
  32. Cross-reference Jn 14:10-20
  33. Cross-reference Jn 7:20
  34. Cross-reference Jn 1:28
  35. Cross-reference Jn 1:27-30

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.