Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Jean 9

Pandan Li t ap pase, Li te wè yon nonm ki te avèg depi nesans Li.

Konsa, disip Li yo te mande: “Rabbi, kilès ki te peche. Mesye sa, oswa 1paran li yo pou li ta fèt avèg?”

Jésus te reponn: “Se pa mesye sila, ni paran li yo. Men se te 2pou zèv a Bondye ta kapab parèt nan Li. Fòk nou fè zèv a Li menm ki te voye M nan 3pandan li fè jou. Lannwit lan ap vini lè pèsòn p ap kab travay. Pandan Mwen nan lemonn, Mwen se 4limyè lemonn.”

Lè L di sa, Li 5krache atè, e te fè ajil avèk krache a, e te mete l sou zye li. Li te di l: “Ale lave nan 6basen Siloé a” (ki te vle di “voye”).

Epi konsa, li te ale lave, e lè l tounen, li te wè.

Vwazen yo ak sa yo ki te konn wè l lè l te konn mande charite, t ap di, “Se pa li menm ki te konn 7chita mande a?”

Lòt t ap di: “Se li menm”, men lòt toujou te di “Non, men li byen sanble li”.

Li menm t ap di toujou, “Mwen menm se li”.

Pou sa yo te di li: “Ebyen, kijan zye ou te louvri?”

Li te reponn yo: “Nonm nan yo rele Jésus a te fè labou epi te fè yon onksyon pou zye m, epi Li di mwen: ‘Ale nan 8Siloé a epi lave’. Konsa, Mwen te ale lave, epi mwen te wè.”

Yo te mande li: “Kote Li?”

Li te reponn yo: “Mwen pa konnen”.

Yo te mennen sila a ki te avèg la devan Farizyen yo. 9Alò, se te nan jou Saba ke Jésus te fè ajil la e te louvri zye li. 10

Ankò konsa, Farizyen yo t ap mande li kijan li te vin wè, epi li te di yo: “Li aplike ajil sou zye m, e mwen te lave, e mwen wè”.

Pou sa, kèk nan Farizyen yo t ap di: “Nonm sa a pa sòti nan Bondye, paske Li 11pa kenbe Saba a.”

Men lòt t ap di: “Kijan yon mesye ki se yon pechè kapab fè tout mirak sa yo?” Epi te gen yon divizyon pami yo.

Ankò, yo te di a moun avèg la: “Kisa ou di pou Li, konsi se Li menm ki ouvri zye ou yo?”

Li te di: “Li se yon 12pwofèt.” 13

Jwif yo pa t kwè ke li te avèg pou l te vin wè, jis lè yo rele paran a sila a ki te resevwa vizyon li. Yo te kesyone yo konsa e te mande: “Èske sa se pitit ou, ke ou di te fèt avèg la? Ebyen, kijan li wè koulye a?”

Paran li te reponn yo epi te di: “Nou konnen ke sa se pitit nou, e ke li te fèt avèg. Men kijan li wè koulye a, nou pa konnen. Mande li. Li rive sou laj li. Li ka pale pou kont li.” Paran li te pale konsa paske yo te 14krent Jwif yo. Pwiske Jwif yo te deja dakò ke si nenpòt moun te konfese L kon Kris la, 15yo ta mete l deyò nan sinagòg la. Pou rezon sa a, paran li yo te di: 16“Li rive sou laj li. Mande li.”

Konsa yon dezyèm fwa yo te rele nonm nan ki te avèg la, epi te di li: 17“Bay glwa a Bondye, nou konnen ke mesye sa a se yon pechè.”

Pou sa, li reponn yo: “Si L se yon pechè, mwen pa konnen, men yon bagay mwen konnen. Ke m te avèg, e koulye a mwen wè.”

Yo te mande l konsa: “Kisa Li te fè ou? Kijan Li te ouvri zye ou?”

Li te reponn yo: 18“Mwen te di nou sa deja, men 19nou pa t koute m. Poukisa nou vle tande sa ankò? Èske nou vle vin disip Li yo tou?”

Konsa, yo te joure li e te di: “Ou se disip Li, men 20nou se disip a Moïse. Nou konnen ke Bondye te pale a Moïse, men pou mesye sila a, 21nou pa konnen kote Li sòti.”

Mesye a te reponn yo e te di: “Men yon choz byen etonan. Ke nou pa konnen kote Li sòti, men Li te ouvri zye mwen. Nou konnen ke 22Bondye pa tande pechè yo, men si nenpòt moun gen lakrent Bondye, e fè volonte L, l ap koute li. Depi kòmansman tan an, nou pa janm tande ke pèsòn ouvri zye a yon moun ki te fèt avèg. 23Si moun sa a pa t sòti nan Bondye, Li pa t kab fè anyen.”

Yo te reponn li e te di: “Ou te fèt nèt nan peche! Èske ou ap enstwi nou?” Konsa, 24yo te mete l deyò.

Jésus te tande ke yo te 25mete l deyò. E Li te twouve li e te di: “Èske ou kwè nan Fis a Lòm nan?”

Li te reponn: 26“Se kilès Li ye, Senyè, pou m kab kwè nan Li?”

Jésus te di li: “Non sèlman ou konn wè L deja, men 27se Li menm k ap pale avèk ou.”

Li di: “Senyè, mwen kwè!” E li te 28adore Li.

Jésus te di: 29“Pou jijman Mwen te vini nan monn sila a, 30pou sa yo ki pa wè kapab vin wè, e sa yo ki wè kapab vin avèg.”

Sila nan Farizyen yo ki te avèk Li te tande bagay sa yo e te di Li: 31“Èske se nou menm ki avèg tou a?”

Jésus te reponn yo: 32“Si nou te avèg, nou pa t ap gen peche, men akoz ke nou di: ‘Nou wè’, peche nou la toujou.”

Source notes (32)
  1. Cross-reference Egz 20:5
  2. Cross-reference Jn 11:4
  3. Cross-reference Jn 7:33
  4. Cross-reference Mat 5:14
  5. Cross-reference Mc 7:33
  6. Cross-reference Né 3:15
  7. Cross-reference Trav 3:2-10
  8. Cross-reference Jn 9:7
  9. Cross-reference Jn 5:9
  10. Cross-reference Jn 9:10
  11. Cross-reference Mat 12:2
  12. Cross-reference Det 18:15
  13. Cross-reference Jn 1:19
  14. Cross-reference Jn 7:13
  15. Cross-reference Luc 6:22
  16. Cross-reference Jn 9:21
  17. Cross-reference Jos 7:19
  18. Cross-reference Jn 9:15
  19. Cross-reference Jn 8:43
  20. Cross-reference Jn 5:45
  21. Cross-reference Jn 8:14
  22. Cross-reference Job 27:8
  23. Cross-reference Jn 3:2
  24. Cross-reference Jn 9:22-35
  25. Cross-reference Jn 9:22-34
  26. Cross-reference Wo 10:14
  27. Cross-reference Jn 4:26
  28. Cross-reference Mc 8:2
  29. Cross-reference Jn 5:22-27
  30. Cross-reference Luc 4:18
  31. Cross-reference Wo 2:19
  32. Cross-reference Jn 15:22-24

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.