Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Job 9

Konsa, Job te reponn. Li te di:

“Anverite, mwen konnen sa se vrè;

alò, kijan yon 1nonm kapab genyen dwa

devan Bondye?

Si yon moun te vle 2diskite avèk Li,

li pa t ap kab byen reponn li menm yon fwa nan mil.

Bondye saj nan kè e pwisan nan fòs;

se kilès ki konn 3reziste ak Li san donmaj?

Se Li Menm ki deplase mòn yo, ki jan yo pa menm konnen,

lè Li boulvèse yo nan fachez Li.

Li 4souke latè sòti nan plas li,

e fè 5pilye fondasyon li yo tranble.

Li kòmande 6solèy la pou l pa klere

e ki mete yon so sou zetwal yo.

Se Li menm sèl ki 7rale lonje syèl yo

e bese vag lanmè yo.

Li sèl ki fè sou syèl la 8 gwo Ourse la ak Orion an,

avèk Pleiades yo, avèk chanm ki nan sid yo.

Li menm ki 9fè gwo bagay mèvèy yo,

avèk zèv mèvèy san kontwòl yo.

Si Li ta vin pase bò kote mwen, 10mwen pa t ap wè L.

Si Li ta depase m nan wout, mwen pa t ap apèsi L.

Gade byen, Li rache retire,

se kilès ki ka anpeche L?

Kilès ki ka di L: ‘Kisa w ap fè la a’?

“Bondye p ap detounen kòlè Li.

Anba Li, byen akwoupi, se asistan a 11Rahab yo.

Kijan 12mwen kab reponn Li,

e chwazi pwòp pawòl mwen yo devan L?

Paske malgre mwen te gen rezon,

mwen pa t kab reponn.

Mwen ta oblije 13mande gras a Jij mwen an.

Menmsi mwen te rele, e Li te reponn mwen,

mwen pa t ap kab kwè ke Li ta koute vwa m.

Paske Li fin 14brize m nèt ak yon tanpèt,

e ogmante blese mwen yo san koz.

Li 15pa lèse m pran souf,

men fè m debòde ak 16sa ki anmè.

Men 17pou pouvwa, men gade, se Li menm ki gen fòs!

Epi pou jistis, se kilès menm k ap voye

pwosè vèbal bay Li menm?

Malgre mwen dwat, 18bouch mwen ap kondane m;

malgre mwen san tò, Li va deklare m koupab.

Mwen inosan; mwen pa okipe mwen menm;

mwen 19rayi lavi m.

“Tout se menm bagay.

Akoz sa mwen di 20 Li detwi inosan yo avèk koupab yo.’

Si frèt la vin touye sibitman,

l ap 21moke dezolasyon inosan an.

Ak lemonn nan 22 ki sede nan men a mechan yo,

Li fin 23kouvri figi a jij latè yo.

Si se pa Li menm, eh byen se kilès?

“Alò, 24jou m yo vin pi rapid pase yon nonm k ap fè kous;

Yo kouri ale. Yo pa wè anyen ki bon.

Yo glise pase tankou kannòt k ap pase nan 25wozo,

tankou yon 26èg ki vole plonje sou viktim li.

Malgre mwen di ke m va bliye 27plent mwen,

ke m va kite figi tris la pou fè kè kontan,

mwen krent tout doulè mwen yo.

Mwen konnen ke 28Ou p ap bliye fot mwen yo.

Mwen gen tan fin jije 29koupab.

Konsa, poukisa mwen ta dwe fè fòs anven?

Si m ta 30lave m nèt ak lanèj,

e pwòpte men m ak savon lesiv ki fò,

malgre sa, Ou ta plonje mwen nan kanal la,

e pwòp rad mwen yo ta vin rayi m.

Paske 31Li pa yon nonm kon mwen, 32pou m ta reponn Li,

pou nou ta kab rive nan tribinal ansanm.

Nanpwen moun ki pou 33fè antant antre nou,

ki ta kab mete men l sou nou toulède.

Kite Li 34 retire baton Li sou mwen,

e pa kite laperèz Li plen m ak gwo latèrè.

Konsa, mwen 35ta pale san fè laperèz devan L;

men mwen pa kab konsa pou kont mwen.”

Source notes (35)
  1. Cross-reference Job 4:17
  2. Cross-reference Job 10:2
  3. Cross-reference II Kwo 13:2
  4. Cross-reference És 2:19
  5. Cross-reference Sòm 75:3
  6. Cross-reference És 13:10
  7. Cross-reference Sòm 104:2
  8. Cross-reference Job 38:31-32
  9. Cross-reference Job 5:9
  10. Cross-reference Job 23:8-9
  11. Cross-reference És 30:7
  12. Cross-reference Job 9:3-32
  13. Cross-reference Job 8:5
  14. Cross-reference Job 16:12-14
  15. Cross-reference Job 7:19
  16. Cross-reference Job 13:26
  17. Cross-reference Job 9:4
  18. Cross-reference Job 9:29
  19. Cross-reference Job 7:16
  20. Cross-reference Job 10:7-8
  21. Cross-reference Job 24:12
  22. Cross-reference Job 10:3
  23. Cross-reference Job 12:17
  24. Cross-reference Job 7:6
  25. Cross-reference És 18:2
  26. Cross-reference Hab 1:8
  27. Cross-reference Job 7:11
  28. Cross-reference Job 7:21
  29. Cross-reference Job 10:2
  30. Cross-reference Jr 2:22
  31. Cross-reference Ekl 6:10
  32. Cross-reference Wo 9:20
  33. Cross-reference Job 9:19
  34. Cross-reference Job 13:21
  35. Cross-reference Job 13:22

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.