Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Job 10

1

“Mwen rayi pwòp lavi m;

mwen va fè tout fòs 2plent mwen yo parèt.

Mwen va pale ak anmè ki fonse nan nanm mwen.

Mwen va di a Bondye: 3‘Pa kondane mwen!

Fè m konnen poukisa W ap goumen ak mwen.

Èske se vrèman bon pou Ou ta 4oprime;

pou meprize zèv men Ou yo

e pou Ou gade ak favè, manèv a mechan yo?

Èske zye Ou fèt ak chè? Oswa 5èske Ou wè

kon yon nonm wè?

Èske jou Ou yo tankou jou a moun mòtèl,

oswa 6ane Ou yo tankou ane a yon nonm,

pou 7Ou ta dwe chache koupabilite mwen

e fè rechèch dèyè peche m?

Malgre Ou konnen mwen pa koupab,

sepandan, 8nanpwen ki ka livre m sòti nan men Ou.’”

“Se 9men Ou ki te fòme mwen nèt.

Konsa, 10èske Ou ta detwi mwen?

Sonje, souple, ke Ou te fè m 11kon ajil.

Èske Ou ta fè m retounen pousyè ankò?

Èske se pa tankou lèt ke Ou te vide mwen

e fè m kaye tankou fwomaj?

Ou te abiye mwen ak po avèk chè

e koude mwen ansanm nan zo ak gwo venn.

Ou te 12ban mwen lavi avèk lanmou dous Ou.

Se swen Ou ki te konsève lespri m.

Malgre 13bagay sila yo, Ou te kache yo nan kè Ou.

Mwen konnen ke sa a se avèk ou:

si m peche, alò, Ou mete tach sou mwen.

Ou 14pa ta akite m de koupabilite mwen.

Si mwen mechan, malè a mwen!

Epi 15si mwen jis, toujou, menm dwe leve tèt mwen.

Mwen chaje ak wont, e byen rekonnesan a mizè mwen.

Si tèt mwen ta vin leve wo, 16Ou ta fè lachas

dèyè m tankou yon lyon;

epi ankò, Ou ta montre 17pouvwa Ou kont mwen.

Ou renouvle 18temwayaj Ou kont mwen,

e ogmante kòlè Ou vè mwen.

Dezas monte anwo dezas sou mwen.”

“Alò, 19poukisa Ou te fè m sòti nan vant manman m?

Pito ke m te mouri e pa t gen zye ki te wè m!

Mwen te dwe tankou mwen pa t janm te egziste,

kon yon pote sòti nan vant pou rive nan tonbo.

Èske jou m yo pa kout?

Rete!

Ralanti sou mwen pou m kab jwenn

yon ti kras kè kontan,

avan ke m ale—20pou mwen pa tounen

nan andwa tenèb ak gwo fènwa!

Nan peyi sa a ki dezole nèt tankou tenèb la,

nan fon lonbraj san fòm nan, e ki klere tankou fènwa a.”

Source notes (20)
  1. Cross-reference Job 7:16
  2. Cross-reference Job 7:11
  3. Cross-reference Job 9:29
  4. Cross-reference Job 9:22-24
  5. Cross-reference I Sam 16:7
  6. Cross-reference Job 36:26
  7. Cross-reference Job 14:16
  8. Cross-reference Job 9:12
  9. Cross-reference Sòm 119:73
  10. Cross-reference Job 9:22
  11. Cross-reference Job 4:19
  12. Cross-reference Job 33:4
  13. Cross-reference Job 23:13
  14. Cross-reference Job 7:21
  15. Cross-reference Job 6:29
  16. Cross-reference És 38:13
  17. Cross-reference Job 5:9
  18. Cross-reference Rt 1:21
  19. Cross-reference Job 3:11-13
  20. Cross-reference Sòm 88:12

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.