Bib Sen An
Job 11
Epi Tsophar, Naamatit la, te reponn:
“Èske fòs kantite pawòl sa yo dwe pase san repons?
Eske yon nonm 1pale anpil vin akite?
Èske se akoz ògèy ou ke moun ta dwe rete san pale?
Lè ou 2moke, èske nanpwen moun ki pou fè ou wont?
Paske ou te di ‘Lenstriksyon pa m san fot,
e 3mwen inosan nan zye Ou.’
Men fòk Bondye ta pale e ouvri bouch Li kont ou,
pou montre ou sekrè a sajès!
Paske sajès ki bon 4gen de bò.
Alò, konnen byen ke Bondye pa t egzije
tout sa inikite ou merite. 5
“Èske ou kab dekouvri pwofondè a Bondye?
Èske ou kab twouve lizyè a Toupwisan an?
Yo 6wo tankou syèl la; kisa ou kab fè?
Yo pi fon ke sejou lanmò yo, kisa ou kab konnen?
Mezi li pi long ke latè, e pi laj pase lanmè.
Si Li pase pa la, oswa fèmen la nèt, oswa konvoke yon asanble, 7
kilès kap anpeche Li?
Paske 8Li konnen moun ki fò,
e Li wè inikite menm san fè ankèt.
Yon moun ensanse va vin entèlijan
lè pòtre a yon 9bourik mawon fèt kon yon moun.
“Si ou ta vle vin bon, 10
dirije kè ou e 11lonje men ou vè Li.
Si se inikite ki nan men ou, 12mete l byen lwen.
Pa kite mechanste demere nan tant pa ou.
Konsa, anverite, ou ta kab 13leve figi ou wo san tach.
Wi, ou va fidèl nèt e 14pa oblije gen lakrent.
Konsa ou va 15bliye twoub ou a.
Ou va sonje l tankou dlo ki fin pase.
Se konsa ou ta kab sonje li.
Lavi ou va 16pi klè ke midi;
malgre gen fènwa a, l ap tankou maten.
Ou va vin gen konfyans, akoz gen espwa.
Epi ou va gade toupatou e repoze ou an sekirite.
Ou va 17kouche dòmi e okenn moun p ap deranje ou.
Wi, anpil moun va 18 mande favè ou.
Men 19zye a mechan yo va gate,
e 20p ap gen chape pou yo.
Pou yo, espwa va pou yo kab rann dènye souf yo.”
Source notes (20)
- Cross-reference Job 8:2
- Cross-reference Job 17:2
- Cross-reference Job 10:7
- Cross-reference Job 9:4
- Cross-reference Job 33:12-13
- Cross-reference Job 22:12
- Cross-reference Job 9:12
- Cross-reference Job 34:21-23
- Cross-reference Job 39:5
- Cross-reference I Sam 7:3
- Cross-reference Sòm 88:9
- Cross-reference Job 22:23
- Cross-reference Job 22:26
- Cross-reference Sòm 27:3
- Cross-reference És 65:16
- Cross-reference Job 22:26
- Cross-reference So 3:13
- Cross-reference És 45:14
- Cross-reference Det 28:65
- Cross-reference Job 27:22
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.