Bib Sen An
Job 12
Job te reponn:
Anverite, konsa, 1se nou menm ki se pèp la.
Se ak nou menm tout sajès ap mouri!
Men 2mwen gen lespri menm tankou ou;
mwen pa pi ba pase ou.
Epi se kilès ki pa konnen bagay parèy a sila yo?
Mwen se yon blag devan zanmi mwen yo,
sila ki te fè apèl Bondye a, e Li te reponn li an.
Nonm nan ki dwat e 3san tò a vin yon blag.
Sila ki alèz la ri sou malè a;
men l ap tann pye l chape. 4
Tant volè a fè pwofi,
e sila ki pwovoke Bondye byen alez.
Se nan men yo pote dye pa yo.
“Alò, mande bèt yo menm pou yo kab enstwi ou;
ak zwazo syèl yo; kite yo pale ou.
Oswa, pale ak tè a e kite li enstwi ou.
Kite pwason lanmè yo fè deklarasyon pou ou.
Se kilès pami tout sila yo ki pa konnen
ke se 5men SENYÈ a ki fè sa? 6
Nan men a Sila poze lavi a tout sa ki viv la,
ansanm ak 7souf tout limanite a.
Èske 8zòrèy la pa pase a leprèv tout pawòl,
menm jan ke bouch la goute manje li a?
Sajès rete ak 9granmoun;
yon lavi ki long gen bon konprann.
“Avèk Bondye se 10sajès ak pwisans.
A Li menm se konsèy avèk 11 bon konprann.
Gade byen, se Li menm ki 12detwi; e sa p ap kab rebati.
Li mete yon nonm nan prizon, e nanpwen lage pou li.
Gade byen, Li anpeche dlo yo, e yo seche nèt;
Li 13voye yo deyò pou yo inonde latè a.
Avèk Li menm se fòs ak sajès pwofon; 14
sa ke lòt moun egare ak sila ki egare yo,
tou de se pou Li.
Li fè 15konseye yo mache pye atè
e fè 16jij yo antre nan foli.
Li 17detache chenn ki mare wa yo,
e mare senti yo ak yon sentiwon.
Li fè prèt yo mache san rad,
e boulvèse 18sila ki ansekirite yo.
Li fè moun konfyans pa kab pale,
e 19retire bon jijman a ansyen yo.
Li 20vide mepriz sou prens yo,
e lache senti a pwisan yo.
Li 21devwale mistè ki nan tenèb yo,
e mennen fènwa pwofon yo antre nan limyè a. 22
Li fè nasyon yo vin gran, e Li detwi yo.
Li fè nasyon yo grandi, e Li mennen yo ale.
Li 23rache lespri a chèf pèp latè yo,
e fè yo egare nan yon savann san chemen.
Yo 24tatonnen nan fènwa a san limyè.
Li fè yo 25kilbite tankou moun sou.
Source notes (25)
- Cross-reference Job 17:10
- Cross-reference Job 13:2
- Cross-reference Job 6:29
- Cross-reference Job 9:24
- Cross-reference És 41:20
- Cross-reference Trav 17:28
- Cross-reference Job 27:3
- Cross-reference Job 34:3
- Cross-reference Job 15:10
- Cross-reference Job 9:4
- Cross-reference Job 11:6
- Cross-reference Job 19:10
- Cross-reference Jen 7:11-24
- Cross-reference Job 13:7-9
- Cross-reference Job 3:14
- Cross-reference Job 9:24
- Cross-reference Sòm 116:16
- Cross-reference Job 34:24-28
- Cross-reference Job 17:4
- Cross-reference Job 34:19
- Cross-reference Dan 2:22
- Cross-reference És 9:3
- Cross-reference Job 12:20
- Cross-reference Job 5:14
- Cross-reference És 24:20
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.