Bib Sen An
Job 13
“Veye byen, zye m gen tan wè tout sa.
Zòrèy mwen tande e konprann li. 2
Sa ou konnen yo, mwen konnen yo tou;
mwen pa pi ba pase ou.
“Men 3mwen ta pale ak Toupwisan an;
mwen vle diskite ak Bondye.
Men nou 4sal moun ak manti.
Se yon bann 5doktè sanzave nou ye.
Oswa pito ke ou ta 6rete an silans nèt;
ke sa ta sèvi kon sajès ou!
Souple, tande pawòl mwen, e koute mo a lèv mwen.
Èske ou kab 7pale pou Bondye sa ki pa jis,
e pale sa ki manti pou Li?
Èske ou va 8pran ka pa Li?
Èske ou va diskite pou Bondye?
Èske sa va sòti byen lè Li bay ou egzamen?
Oswa 9èske ou va twonpe Li
kon yon moun konn twonpe yon moun?
Anverite, Li va repwoche ou
si ou apiye yon bò ak patipri.
Èske 10majeste Li p ap bay ou lakrent?
Laperèz Li p ap tonbe sou ou?
Ansyen pwovèb ou yo se pwovèb ki fèt ak sann;
defans ou yo se defans ki fèt ak ajil. 11
“Rete an silans devan m pou m kab pale;
epi kite nenpòt sa ki rive m k ap rive.
Poukisa mwen ta mete chè m nan pwòp dan m
Malgre Li ta touye mwen,
mwen va mete espwa m nan Li.
Malgre, mwen va 14fè diskou chemen mwen yo devan L.
Se sa, anplis, ki va 15delivrans mwen;
paske yon enkwayan p ap parèt nan prezans Li.
Koute pawòl mwen byen pre e
kite deklarasyon mwen yo ranpli zòrèy ou.
Tande koulye a, mwen te prepare ka mwen an;
mwen konnen ke 16mwen va jistifye. 17
Se kilès ki va diskite kont mwen?
Paske konsa, mwen ta rete anpè e mouri.
“Se sèl de bagay pou pa fè mwen;
konsa mwen p ap kache devan figi Ou: 18
Retire men Ou sou mwen e
pa kite laperèz Ou fè m sezi.
Epi rele e 19mwen va reponn;
oswa kite m pale epi reponn mwen. 20
Fè m wè fòs kantite inikite mwen yo
avèk peche m yo?
Fè m rekonèt rebelyon mwen ak peche m yo.
Poukisa Ou 21kache figi Ou e
konsidere m kon 22lènmi Ou?
Èske Ou ta fè yon fèy k ap vole nan van tranble?
Oswa èske Ou va kouri dèyè 23pay van an seche a.
Paske Ou ekri 24bagay anmè kont mwen
e 25fè m eritye tout inikite a jenès mwen yo.
Ou 26mete pye m nan chenn e
ou veye tout chemen mwen yo.
Ou limite distans pla pye m kab rive,
pandan mwen ap dekonpoze
kon yon 27bagay k ap pouri,
kon yon vètman ki manje pa mit.”
Source notes (27)
- Cross-reference Job 12:9
- Cross-reference Job 12:3
- Cross-reference Job 13:22
- Cross-reference Sòm 119:69
- Cross-reference Jr 23:32
- Cross-reference Job 13:13
- Cross-reference Job 27:4
- Cross-reference Lev 19:5
- Cross-reference Job 12:16
- Cross-reference Job 31:23
- Cross-reference Job 13:5
- Cross-reference Sòm 119:109
- Cross-reference Job 7:6
- Cross-reference Job 27:5
- Cross-reference Job 23:7
- Cross-reference Job 9:21
- Cross-reference És 50:8
- Cross-reference Job 9:34
- Cross-reference Job 9:16
- Cross-reference Job 7:21
- Cross-reference Sòm 13:1
- Cross-reference Lam 2:5
- Cross-reference Lev 26:36
- Cross-reference Job 9:18
- Cross-reference Sòm 25:7
- Cross-reference Job 33:11
- Cross-reference Job 2:7
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.