Bib Sen An
Job 14
Lòm ki fèt de fanm gen vi kout ki plen traka.
Tankou yon flè, li parèt e li fennen.
Anplis, 2li sove ale kon lonbraj.
Li pa dire.
Èske Ou ouvri zye Ou sou li
pou 3mennen li an jijman avèk Ou? 4
Se kilès ki kab fè pwòp sa ki pa pwòp?
Pèsòn!
Konsi 5fòs jou li yo avèk Ou,
fòs mwa li yo avèk Ou.
Ou te etabli limit li ke li p ap kab depase. 6
Retire zye Ou sou li pou l kab pran repo,
jiskaske li kab konplete jou li yo,
kon yon ouvriye jounalye.
Gen espwa pou yon pyebwa lè l koupe,
li kab boujonnen ankò,
nouvo boujon yo kab reyisi.
Malgre rasin li yo vin vye nan tè a,
e chouk li mouri nan tè sèch,
fè rive yon gout dlo,
e li va pete pouse boujon yo kon yon plant.
Men 7lòm mouri pou kouche plat.
Lòm mouri e kibò li ye?
Tankou 8dlo lanmè fè vapè monte
e rivyè a vin sèch,
konsa 9lòm kouche, e li pa leve ankò.
Jiskaske syèl yo vin disparèt,
li p ap reveye, ni leve ankò.
O ke ou ta kapab kache mwen nan sejou lanmò an,
pou ou ta kapab fè m kache 10jiskaske chalè Ou
retounen kote Ou!
Ke Ou ta fikse yon limit pou mwen, e sonje m!
Si yon nonm mouri, èske li va leve ankò?
Pou tout jou a lit mwen yo, mwen ta tann
jiskaske lè rive pou yo lage m.
Ou ta rele e mwen ta reponn Ou;
Konsa, Ou ta anvi anpil 11zèv men Ou yo.
Paske koulye a, ou konte tout pa mwen fè yo.
Èske Ou pa 12swiv peche m yo?
Transgresyon mwen yo sele nèt nan yon sachè
Konsa, Ou vlope tout inikite m yo.
Men mòn nan kap tonbe pa mòso pa fè anyen;
wòch la ap kite plas li.
Dlo a epwize wòch yo, gran fòs li lave pousyè tè a.
Se konsa Ou 13detwi espwa a lòm.
Ou vin fè l soumèt nèt pou tout tan, e li 14pati;
Ou chanje aparans li, e voye l ale.
Fis li yo vin resevwa lonè, men 15li menm pa konnen sa;
oswa fis li yo vin pa anyen, men li pa apèsi sa.
Men kò l fè mal;
epi li fè dèy sèlman pou pwòp tèt li.
Source notes (15)
- Cross-reference Ekl 2:23
- Cross-reference Job 8:9
- Cross-reference Sòm 143:2
- Cross-reference Job 15:4
- Cross-reference Job 21:21
- Cross-reference Job 7:19
- Cross-reference Job 3:13
- Cross-reference És 19:5
- Cross-reference Job 3:13
- Cross-reference És 26:20
- Cross-reference Job 10:3
- Cross-reference Job 10:6
- Cross-reference Job 7:6
- Cross-reference Job 4:20
- Cross-reference Ekl 9:5
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.