Bib Sen An
Job 15
Epi Éliphaz Temanit lan te reponn:
Èske yon nonm saj ta dwe bay repons
ak konesans ki sòti nan van, 1
e ki plen tèt li avèk van lès?
Èske li ta diskite ak pale initil,
oswa ak pawòl ki pa gen valè?
Anverite, ou manke respè Bondye
e ou siprime tout kalite bon refleksyon devan Bondye.
Paske se 2koupabilite ou ki enstwi bouch ou,
e ou chwazi langaj a rizye yo. 3
Pwòp bouch ou kondane ou, pa mwen;
epi pwòp lèv ou fè temwayaj kont ou.
“Èske se ou ki te premye la ki te fèt sou tè a,
oswa 4èske ou te fèt avan tout kolin yo?
Èske ou konn tande 5konsèy sekrè a Bondye yo,
oswa èske tout sajès se pou ou sèl? 6
Kisa ou konnen ke nou pa konnen?
Èske ou konprann sa nou pa kapab konprann?
Genyen ni granmoun ak moun 7cheve blanch pami nou,
ki pi gran pase papa ou.
Èske konsolasyon Bondye a twò piti pou ou,
menm mo ki pale ak dousè avèk ou yo?
Poukisa a8kè ou pote ou rive lwen konsa?
Epi poukisa zye ou yo vin limen konsa?
Pou ou ta vire lespri ou kont Bondye e
kite pawòl parèy a sila yo sòti nan bouch ou?
Kisa lòm nan ye pou 9li ta kab san tach,
oswa 10sila ki fèt de fanm nan pou ta kab dwat?
Gade byen, Li pa mete konfyans menm nan 11sen Li yo
e menm syèl yo pa san tach nan zye Li;
konbyen anmwens, yon moun ki degoutan e konwonpi;
lòm ki 12bwè inikite kon dlo a!
“M ap di ou, koute m byen;
sa mwen konn wè, anplis m ap deklare li; 13
sa ke moun saj konn pale
e ki pa t kache sòti de papa pa yo,
A sila yo menm sèl ke tè a te donnen,
e pa t gen etranje ki te pase pami yo.
Moun mechan an vire tounen 14nan pwòp doulè li tout tan,
e fòs lane pou moun mechan yo byen kontwole.
Bri laperèz sone nan zòrèy li. 15
Pandan li anpè, destriktè a rive sou li.
Li pa gen espwa 16sòti nan tenèb la.
Desten li se 17nepe.
Li mache egare pou chache manje epi di:
‘Kote li ye?’
Konsa, li konnen ke 18jou tenèb la gen tan rive.
Twoub ak gwo soufrans fè l gen gwo laperèz.
Yo fè l soumèt tankou yon wa ke yo prèt pou atake.
Paske li fin lonje men l kont Bondye
e aji ak 19awogans kont Toupwisan an.
Li kouri kou rèd sou li tèt avan
avèk gwo boukliye li.
Paske li fin 20kouvri figi li ak grès li,
e fè kwis li vin lou ak chè.
Li te 21viv nan vil dezole yo,
nan kay kote pèsòn pa ta rete yo,
ki fèt pou vin dekonble nèt.
Li 22p ap vin rich, ni fòtin li p ap dire;
tèt sereyal li yo p ap janm bese rive atè.
Li p ap 23chape nan tenèb la.
Flanm nan va seche tout boujon li yo.
Kon 24souf bouch li, lap wale nèt.
Pa kite li 25mete konfyans nan gwo vid la.
Sa a ta yon desepsyon;
paske gwo vid la va sèvi kon rekonpans li.
Sa va vin rive 26avan lè li.
Branch palmis li p ap vèt.
Li va souke retire rezen li ki potko mi soti nan pye rezen an,
e va 27jete flè li kon pye oliv la.
Paske konpanyen a enkwayan yo va byen esteril,
epi se dife kap brile tant anba pwès yo.
Yo 28 plante mal la, e yo rekòlte inikite;
epi se desepsyon k ap jèmen nan panse yo.”
Source notes (28)
- Cross-reference Job 6:26
- Cross-reference Job 22:5
- Cross-reference Job 18:7
- Cross-reference Job 38:4-21
- Cross-reference Wo 11:34
- Cross-reference Job 12:3
- Cross-reference Job 12:12
- Cross-reference Job 11:13
- Cross-reference Ekl 7:20
- Cross-reference Job 25:4
- Cross-reference Job 5:1
- Cross-reference Job 34:7
- Cross-reference Job 8:8
- Cross-reference Job 15:24
- Cross-reference Job 20:21
- Cross-reference Job 15:30
- Cross-reference Job 19:29
- Cross-reference Job 15:22-30
- Cross-reference Job 36:9
- Cross-reference Sòm 73:7
- Cross-reference Job 3:14
- Cross-reference Job 27:16-17
- Cross-reference Job 5:14
- Cross-reference Job 4:9
- Cross-reference Job 35:13
- Cross-reference Job 22:16
- Cross-reference Job 14:2
- Cross-reference Sòm 7:14
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.