Bib Sen An
Job 16
Epi Job te reponn:
Mwen tande anpil bagay parèy a sila yo; 1
move konsolatè nou tout ye.
Èske pa gen limit sou 2pawòl kap pouse van an?
Oswa se kilès k ap toumante ou ki fè ou reponn?
Mwen osi ta kab pale tankou ou, si mwen te nan plas ou.
Mwen ta kab konpoze pawòl yo kont ou
e 3souke tèt mwen sou ou.
Mwen ta kab ranfòse ou ak bouch mwen,
e senpati a lèv mwen ta kab redwi doulè ou.
Mem si mwen pale sa pa redwi 4doulè m;
si mwen ralanti nan pale, se kisa ki kite mwen?
Men koulye a, Li 5fin fatige m nèt;
Ou, Bondye, te 6gate tout zanmi m yo.
Ou te fè m vin sèch nèt. Sa devni yon temwen kont mwen.
Epi 7jan mwen vin mèg, leve kont mwen.
Li fè temwayaj devan figi mwen.
Kòlè Li fin 8chire mwen e chase m jis atè,
Li te modi blese m ak dan L. 9
Advèsè mwen an chase mwen ak menas Li.
Yo te gade m, 10bouch yo louvri.
Yo te souflete m sou machwè m ak mepriz;
yo te oganize yo menm kont mwen.
Bondye te plase mwen nan men enkwayan yo,
e te jete mwen nan men a mechan yo.
Mwen te alèz, men Li te 11brize mwen,
Li te sezi mwen nan kou
e te souke mwen jiskaske m fè mòso;
anplis li te fè m objè tiraj. 12
Flèch Li yo antoure mwen. San pitye Li fann ren mwen ouvri nèt.
Li vide 13fyèl mwen atè.
Li kase antre brèch pa brèch;
Li kouri sou mwen kon yon jeyan.
Mwen te koud twal sak sou kò m
epi pouse kòn mwen antre nan pousyè.
Figi mwen vin wouj akoz 14kri mwen yo
e pòpyè zye m vin fonse nwa,
Malgre nanpwen vyolans nan men m,
e priyè mwen yo san tach.
O latè a, pa kouvri san kò mwen.
Pa bay plas pou kriye m yo pran repo.
Menm koulye a, gade byen, 15
temwen m se nan syèl la.
Avoka m ki pale pou mwen la, an anwo.
Se zanmi mwen yo k ap moke m. 16
Zye m kriye a Bondye.
O ke yon nonm ta kab plede avèk Bondye,
kon yon moun plede ak vwazen li!
Paske lè kèk ane fin pase, m ap prale
nan chemen ki pap retounen an.
Source notes (16)
- Cross-reference Job 13:4
- Cross-reference Job 6:26
- Cross-reference So 2:15
- Cross-reference Job 9:27-28
- Cross-reference Job 7:3
- Cross-reference Job 19:13-15
- Cross-reference Job 19:20
- Cross-reference Os 6:1
- Cross-reference Job 13:24
- Cross-reference Sòm 22:14
- Cross-reference Job 9:17
- Cross-reference Job 6:4
- Cross-reference Job 20:25
- Cross-reference Job 16:20
- Cross-reference Wo 1:9
- Cross-reference Job 17:7
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.