Bib Sen An
Job 17
“Lespri m fin kase.
Jou m yo etenn;
tonbo a pare pou mwen. 1
Anverite mokè yo avè m,
e zye m fikse sou pwovokasyon yo.
“Depoze la koulye a, yon sekirite.
Kanpe kon garanti mwen, ak Ou menm.
Se kilès ki kab antann avè m?
Paske Ou te 2anpeche kè yo konprann;
pou sa, ou p ap egzalte yo.
Sila ki enfòme kont zanmi li yo pou piyaj la,
menm zye pitit li yo va vin gate.
“Men Li te fè m vin tounen yon 3vye pwovèb pou pèp la.
Konsa, yo vin 4krache sou figi m.
Anplis, zye m vin 5pa wè klè akoz doulè m,
e tout nanm mwen tankou lonbraj.
Moun ladwati va byen twouble ak sa,
e 6linosan an va leve li menm kont enkwayan yo.
Malgre, 7moun dwat la va kenbe chemen li
e 8sila ki gen men pwòp yo va vin pi fò e pi fò.
Men nou tout, retounen;
malgre mwen 9pa twouve yon nonm saj pami nou. 10
Jou pa m yo fin pase, plan mwen yo vin chire nèt,
menm dezi a kè mwen yo.
Yo fè lannwit mwen vin sanble lajounen.
Yo di ‘limyè a toupre’ lè tout se fènwa.
Si mwen chache 11Sejou mò yo kon lakay mwen,
si mwen fè kabann mwen nan tenèb la;
Si mwen kriye a fòs tonbo a:
‘Se ou ki papa m’; epi a 12vè a:
“Ou se manman m ak sè m’;
Alò, koulye a, se kibò 13espwa mwen ye?
Epi se kilès k ap okipe espwa m?
Èske espwa m va desann avèk mwen
nan Sejou Lanmò yo?
Èske se ansanm n ap 14desann nan pousyè a?”
Source notes (14)
- Cross-reference Job 12:4
- Cross-reference Job 12:20
- Cross-reference Job 17:2
- Cross-reference Job 30:10
- Cross-reference Job 16:16
- Cross-reference Job 22:19
- Cross-reference Pwov 4:18
- Cross-reference Job 22:30
- Cross-reference Job 12:12
- Cross-reference Job 7:6
- Cross-reference Job 3:13
- Cross-reference Job 21:26
- Cross-reference Job 7:6
- Cross-reference Job 3:17
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.