Bib Sen An
Job 18
Epi Bildad, Shuach la te reponn:
“Pou jiskilè ou va chase pawòl?
Montre bon sans ou pou nou kab pale.
Poukisa nou 1gade tankou bèt,
tankou sòt nan zye ou?
O ou menm ki chire pwòp kò ou menm nan kòlè ou,
èske se pou lakoz ou menm ke tè a ta abandone,
oswa wòch la deplase nan plas li?
“Anverite, 2limyè a mechan an va etenn,
e flanm dife li pap bay limyè.
Limyè nan tant li an vin 3fènwa,
e lanp li etenn sou li.
Gran pa dyanm li yo vin kout,
e 4pwòp manèv li a vin desann li.
Paske li 5tonbe nan pèlen an akoz pwòp pye li
e li mache sou filè a.
Yon pèlen pran l pa talon,
e yon filè vin fèmen sou li.
Yon pyèj kache pou li nan tè a,
e yon zatrap sou chemen li.
Patou 6laperèz fè l sezi e kouri dèyè l
nan chak pa ke li fè.
Fòs li vin 7epwize e gwo dega parèt akote li.
Kò li devore pa maladi;
premye ne lanmò a 8devore manm kò li yo.
Li 9fin chire soti nan sekirite tant li an
e yo pran l pou l parèt devan wa laperèz la.
Anyen pa rete nan tant li ki pou li; 10
souf gaye toupatou sou abitasyon li. 11
Rasin li vin sèch anba li,
e 12branch li fin koupe pa anwo. 13
Memwa li fin disparèt sou tè a
men li pa gen non nan okenn lòt peyi.
Li bourade pouse lwen limyè a pou rive 14nan tenèb,
e chase jis deyò mond kote moun rete a.
Li pa gen ni 15desandan ni posterite pami pèp li a,
ni okenn moun ki rete kote li te demere.
Sila nan lwès yo vin revòlte de 16desten li
e sila nan lès yo vin sezi ak laperèz.
Anverite, se konsa 17abitasyon a mechan yo ye a.
Sa se plas a sila ki pa konnen Bondye a.”
Source notes (17)
- Cross-reference Sòm 73:22
- Cross-reference Job 21:17
- Cross-reference Job 12:25
- Cross-reference Job 15:6
- Cross-reference És 24:17-18
- Cross-reference Job 15:21
- Cross-reference És 8:21
- Cross-reference Za 14:12
- Cross-reference Job 8:22
- Cross-reference Sòm 11:6
- Cross-reference Mat 4:1
- Cross-reference Job 15:30-32
- Cross-reference Sòm 34:16
- Cross-reference Job 5:14
- Cross-reference Job 27:14-15
- Cross-reference Jr 50:27
- Cross-reference Job 21:28
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.